Chanjman nan Medicaid ak CHIP: Yon Gid pou Nouvo Imigran
Nan dat 1ye Oktòb 2026, dispozisyon sou finansman federal pou Medicaid ak Pwogram Asirans Sante pou Timoun (CHIP) yo chanje. Chanjman sa yo ka afekte kèk nouvo imigran Ozetazini. Ou ka resevwa yon avi ofisyèl ki di kouvèti swen sante w ap chanje oswa ap kanpe.
Ou ka toujou gen opsyon pou kouvèti swen sante oswa swen ki koute mwens chè. Men, opsyon w yo depann de estati imigrasyon w, revni w, laj ou, si w ansent, gwosè fwaye w, ak eta kote w ap viv la. Gid Settle In sa a eksplike ki sa ki modifye, ki lòt kouvèti oswa swen ki koute mwens chè ki ka disponib, ak sa ou ka fè kounye a.
Enpòtan: Pa anile kouvèti swen sante w gen kounye a poutèt atik sa a. Tann yon avi ofisyèl ki soti nan pwogram Medicaid oswa CHIP eta w la. Si w pa konprann avi a, mande yon konseye asirans sante ki fyab oswa yon founisè sèvis relokalizasyon pou revize l ansanm avè w. Règleman yo varye selon eta ak sitiyasyon endividyèl chak moun.
Kisa Medicaid ak CHIP ye?
- Medicaid se yon pwogram gouvènman an ki bay kouvèti swen sante gratis oswa a pri redwi pou moun ki elijib epi ki pa touche anpil lajan.
- CHIP se yon pwogram gouvènman an ki bay kouvèti swen sante gratis oswa a pri redwi pou timoun ki elijib, ak nan kèk eta, fanm ansent.
Kisa ki chanje?
Apati 1ye Oktòb 2026, finansman federal pou kouvèti konplè Medicaid ak CHIP limite a mwens kategori estati imigrasyon. Chanjman sa a ka afekte kèk refijye, moun ki gen azil, sivivan trafik moun, ak moun ki antre pou rezon imanitè, pami lòt moun.
Apèsi sou Elijibilite
| Kategori estati imigrasyon | Sa ki ka rive ak kouvèti Medicaid oswa CHIP ki jwenn finansman gouvènman federal la apre 1ye Oktòb 2026 |
| Rezidan pèmanan legal (moun ki gen kat vèt), si yo ranpli lòt kondisyon pwogram nan | Ka rete elijib |
| Moun Kiba ak Ayiti ki antre, si yo ranpli lòt kondisyon pwogram nan | Ka rete elijib |
| Moun Irak ak Afganistan ki gen estati Imigran Espesyal, si yo ranpli lòt kondisyon pwogram nan | Ka rete elijib kòm rezidan pèmanan legal oswa atravè yon lòt kategori ki kalifye |
| Refijye, moun ki gen azil, sèten sivivan trafik moun, kèk moun ki antre pou rezon imanitè, ansanm ak sèten lòt nouvo imgran ki pa gen yon lòt estati ki kalifye | Ka pa kalifye ankò pou kouvèti konplè Medicaid oswa CHIP ki finanse pa gouvènman federal la |
Tablo sa a se jis yon gid jeneral. Timoun ak fanm ansent ka toujou kalifye nan eta ki itilize yon opsyon espesyal anba Seksyon 214 Lwa Reotorizasyon Pwogram Asirans Sante pou Timoun nan (yo rele l CHIPRA 214). Kèk eta peye tou pou pwòp pwogram sante pa yo. Ajans Medicaid oswa CHIP nan eta w dwe revize dosye w anvan yo chanje kouvèti w.
Si pita ou vin yon rezidan pèmanan legal, mande yon espesyalis benefis pou verifye elijibilite w ankò. Kèk imigran ka rete egzante de peryòd tan senk an abityèl pou kouvèti konplè Medicaid oswa CHIP la, si pita yo vin rezidan pèmanan legal. Lòt gwoup ka kalifye tou pou yon egzansyon.
Kisa mwen dwe fè kounye a?
- Louvri chak lèt ki soti nan Medicaid, CHIP, oswa pwogram asirans sante w. Chèche yon dat limit oswa yon demann dokiman.
- Asire w ajans Medicaid oswa CHIP nan eta w la gen adrès, nimewo telefòn, ak imèl aktyèl ou. Si w te demenaje, mete enfòmasyon w yo ajou touswit
- Voye dokiman yo mande yo anvan dat limit la. Kenbe yon kopi oswa yon foto chak dokiman ou soumèt.
- Mande èd gratis. Kontakte founisè sèvis relokalizasyon w, travayè sosyal ou, biwo Medicaid oswa CHIP nan eta w, oswa yon konseye asirans sante pou gide w.
- Pa inyore yon avi ki di kouvèti w ap fini. Kontakte ajans Medicaid oswa CHIP nan eta w pou konnen poukisa kouvèti w ap fini, kilè l ap fini, ak si w ka fè apèl kont desizyon an.
- Planifye davans pou medikaman ak swen kontinyèl. Si w pran medikaman regilyèman oswa w bezwen swen kontinyèl, kontakte founisè swen sante w anvan kouvèti w chanje pou pale sou swen ou ka bezwen, si w ka jwenn yon pwovizyon medikaman pou 90 jou, ak kijan pou w kontinye resevwa swen apre sa.
- Chèche swen gratis oswa a pri redwi. Chèche yon sant sante kominotè toupre w avèk zouti HRSA Find a Health Center a, oswa yon klinik gratis oswa charitab avèk zouti Find a Clinic Asosyasyon Nasyonal Klinik Gratis ak Charitab la (National Association of Free & Charitable Clinics)
- Aplike pou yon lòt plan asirans sante anvan kouvèti w gen kounye a fini. Pèdi Medicaid oswa CHIP ka pèmèt ou enskri nan yon plan Marketplace (asirans sante prive ki disponib atravè HealthCare.gov oswa sit wèb Marketplace eta w) oswa yon lòt plan asirans sante deyò peryòd enskripsyon regilye a. Aplike pi vit posib pou ede w rete kouvri.
- Verifye nenpòt aplikasyon imigrasyon ki poko regle. Si w te aplike pou yon kat vèt, oswa w ka elijib pou aplike, kontakte avoka w oswa yon founisè sèvis legal pou diskite sou fen kouvèti swen sante w.