Kijan pou Rete an Sekirite nan Gwo Fredi
Lè tanperati a desann nan sezon fredi a, menm yon ti tan deyò nan gwo fredi ak gwo van ka danjere pou lavi ou. Tanpèt ivè ak glas ka kraze fil elektrik yo epi kite kay ou san kouran oswa san chofaj. Menm si ou rete nan yon zòn kote li pa konn fè twò frèt, ou ta dwe toujou pare pou yon fredi ki rive toudenkou, epi konnen kijan pou rete cho si kouran an oswa chofaj la koupe. Men kèk konsèy sekirite pou lè fredi a rèd anpil:
Sekirite Chofaj Kay
- Pa janm chofe ak recho pou kwit manje ou.
Kenbe aparèy chofaj pòtab yo lwen nenpòt bagay ki ka pran dife, tankou rad. Etenn aparèy chofaj yo lè ou pa nan chanm nan.
Pa janm kite motè yon machin mache nan yon garaj oswa yon espas fèmen. Gaz monoksid kabòn san odè ak san koulè ki soti nan echapman yon machin trè toksik epi li ka lakòz lanmò.
Pa janm limen dife andedan kay sof si se nan yon recho bwa legal ki sètifye.
Kisa pou Fè si Kouran an ak Chofaj la Koupe
- Chwazi yon ti chanm nan kay la kote ou ak fanmi ou ak bèt ou yo ka rete. Li pi bon si chanm lan pa nan direksyon van an ap soufle.
- Kouvri fenèt yo nan chanm sa a ak lenn, gwo rido, sèvyèt, oswa plastik. Mete kò nou youn bò kote lòt pou nou pataje chalè.
- Rasanble tout manto, lenn, chanday, ak sak dòmi ou genyen. Si ou gen yon tant, ou ka monte l anndan chanm lan.
- Kite yon ti dlo k ap koule nan tout tiyo yo, epi ouvri pòt anba evier yo pou tiyo yo pa twò frèt. Sa ap ede anpeche tiyo yo jele epi pete.
Lòt Konsèy Sekirite pou Tanpèt Ivè
- Rete enfòme. Koute nouvèl lokal pou konnen si gen anons ijan. Pa egzanp, pafwa yo ouvri kote moun ka al chofe kò yo nan kominote a si kouran an koupe.
- Kenbe telefòn ou chaje.
- Kenbe flach, yon radyo, ak pil siplemantè kote ou ka jwenn yo fasil.
- Asire ou gen ase dlo pwòp pou plizyè jou jiska yon semèn. Ranpli boutèy vid ak dlo tiyo avan tiyo yo jele.Si ou oblije soti deyò nan gwo fredi, pa rete deyò lontan. Mete plizyè kouch rad lou, gan, epi sitou yon chapo (ou ka pèdi 40% chalè kò ou nan tèt ou). Rete twò lontan nan fredi a ka bay ipotèmi, sa se lè kò a vin twò frèt (mwens pase 95°F), sa ka touye moun. Granmoun aje pi fasil pran ipotèmi. Si van frèt la desann nan mwens 20°F (mwens 28°C), ou ka gen frostbite nan 30 minit. Frostbite ka fè gwo domaj pèmanan nan po ou ak manm ou.
- Pa kondui pandan tanpèt ivè. Wout yo glise epi danjere. Si machin ou rete nan wout, ou ka mouri nan fredi a.
- Ekonomize enèji.