Teknik pou Ede Granmoun Kontwole Strès

Updated: 12/26/2025
Lè nou gen anpil strès, li enpòtan pou evite move fason pou jere strès epi itilize bon fason pou rete an sante pou tèt nou ak pou moun nou renmen yo.
Image
A woman is looking out a window with clasped hands

​​Deplase nan yon nouvo peyi ka trè difisil. Anplis responsablite fanmi ou genyen deja, ou gen anpil nouvo bagay pou w fè, tankou aprann yon nouvo lang epi jwenn yon travay. Pifò moun ki fèk rive Ozetazini gen enkyetid tou sou kesyon lajan. Gen kèk ki ka enkyè sou sekirite moun yo renmen. Difikilte ak enkyetid sa yo kreye strès nan kò a ak nan lespri a. Si w pa jere strès, li ka afekte sante w, byennèt ou, ak relasyon w yo. 

​Teknik pou jere strès se fason moun kontwole strès. Gen de kalite teknik: 

  • ​Move teknik – Sa yo se bagay nou fè ki pa bon pou sante nou tankou bwè alkòl, pran dwòg, manje twòp, dòmi twòp, ak izole tèt nou de lòt moun. 
  • ​Bon teknik – Sa yo se bagay nou fè ki bon pou sante nou pou libere lespri nou oswa kalme kò nou. 

​Lè nou gen anpil strès nan lavi nou, li enpòtan pou evite move teknik epi itilize bon teknik pou rete an sante pou tèt nou ak pou moun nou renmen yo. 

​Kòmanse Itilize Teknik pou Jere Strès

​1. Jwenn ki teknik ki mache pou ou. Teknik ki ki itilize souvan yo se:  

  • ​Egzèsis tankou mache, kouri, monte bisiklèt, danse, oswa ale nan jimnastik 
  • ​Egzèsis respirasyon pwofon 
  • ​Pratike meditasyon 
  • ​Detire kò w 
  • ​Lapriyè oswa meditasyon 
  • ​Ekri nan yon jounal 
  • ​Desine, pentire, oswa fè egzèsis 
  • ​Konekte ak lòt moun 
  • ​Mande tèt ou: Ki sa m ap fè deja ki fè m santi m pi kalm, anpè, oswa ki ban m fòs? Si w pa ka panse ak anyen, ou ka eseye yon bagay nouvo. 

​2. Pwograme 5 a 15 minit chak jou pou itilize teknik ou chwazi a pandan yon semèn. Sa ka lè w fèk leve, apre soupe, oswa anvan w al dòmi. Mete yon alam sou telefòn ou oswa sou yon revèy pou raple w lè pou w itilize teknik la. Li ka difisil pou jwenn tan, men si w pa pwograme tan, w ap itilize teknik sa yo mwens. 

3. Itilize teknik ou te chwazi a. Prete atansyon a kijan w te santi w anvan w te itilize teknik la ak kijan w santi w aprè. Èske w wè yon diferans? 

4. Nan fen semèn nan, pran tan pou reflechi. Kijan w te santi w fè egzèsis sa yo pandan yon semèn? Èske w ta renmen kontinye ak teknik ou te chwazi a, eseye yon lòt, oswa altène plizyè? 

​Lè nou gen anpil strès, sa mande plis efò pou pran swen tèt nou. Sa vle di dòmi ase, bwè ase dlo, epi manje byen. Sa vle di tou pran kèk minit chak jou pou n libere lespri nou epi kalme kò nou. Menm senk minit chak jou ka fè yon gwo diferans nan sante nou ak byennèt nou. 

Was this article helpful?
0
0