Jwenn Sipò Nan Moman Difisil
Tout moun pase moman difisil nan lavi yo, epi nou tout bezwen moun ki la pou nou. Kalite sipò ki pi bon pou ou ka depann de sa ou prefere ak pwoblèm ou genyen an. Sipò ka yon kout telefòn nan men yon zanmi, yon akolad nan men pitit ou, oswa konsèy nan men yon pwofesyonèl. Rekonèt lè w bezwen èd se premye etap pou jwenn bon kalite sipò.
Siy Ki Montre Ou Ka Bezwen Plis Sipò
Li ka difisil pou konnen ki lè ou bezwen sipò, sitou si ou te okipe ak bezwen debaz ou yo epi sekirite w. Lè lavi a difisil, ou ka remake chanjman nan fason ou aji, jan ou santi w, ak panse. Ou ka santi ou pa ou menm, oswa ou ka remake moun ou renmen yo pa aji tankou yo konn abitye aji.
Siy ki montre ou menm oswa yon manm fanmi w ka bezwen plis sipò ki varye, men chanjman ki komen yo gen ladan yo:
- Difikilte pou dòmi
- Santi w fatige oswa san fòs
- Santi w tris oswa kriye souvan
- Ou fasil fache oswa ankolè
- Ou pèdi enterè nan aktivite ou te konn fè chak jou
- Ou rete pou kont ou, lwen lòt moun
- Ou sèvi ak plis alkòl oswa dwòg
- Ou gen lide ou ta renmen mouri
Chak moun diferan, epi chanjman yo fè eksperyans lè lavi difisil ka diferan tou. Li ka itil pou reflechi sou kijan konpòtman w, santiman w, oswa panse w chanje pandan moman difisil yo, konsa ou ka rekonèt lè w bezwen plis sipò. Siy yo ka diferan pou granmoun pase pou timoun oswa adolesan.
Kalite Sipò Ki Disponib
Moun Nan Lavi Ou
Youn nan premye kote pou jwenn sipò ka se kote moun ki nan antoutaj ou. Sa ka yon zanmi oswa yon manm fanmi ou fè konfyans epi ou ka pale sou pwoblèm difisil avèk li. Sa ka yon moun ki fè w ri epi ki fè w santi w byen ak tèt ou. Nan kominote a, gen moun ki ka ede w tankou pwofesè ak lidè relijye ki bay konsèy pandan moman difisil.
Sipò Pwofesyonèl
Ozetazini, sipò pwofesyonèl disponib lè w bezwen plis èd. Sipò sa a ka, rankontre ak yon konseye, patisipe nan yon gwoup sipò, oswa resevwa medikaman nan men yon doktè. Li ka difisil pou konnen ki kote pou kòmanse paske gen plizyè fòm sipò. Yon opsyon se pale ak doktè prensipal ou oswa chèche sèvis nan zòn ou an sou https://findtreatment.gov/.
Terapi oswa Konsèy se lè yon pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon rankontre avèk ou pou diskite pwoblèm espesifik epi ede w jere yo. Sa souvan fèt nan yon biwo oswa sou entènèt/a distans. Anpil pwofesyonèl bay kalite sipò sa a, tankou Sikològ, Travayè Sosyal ki gen Lisans, Terapis Fanmi ak Maryaj ki gen Lisans, epi Konseye Pwofesyonèl ki gen Lisans.
Gwoup Sipò se gwoup ki gen pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon ki dirije yo, epi yo souvan konsantre sou pwoblèm spesifik tankou lapenn, depresyon, enkyetid, itilizasyon dwòg oswa alkòl, oswa chòk emosyonèl. Gwoup sipò ofri konsèy ansanm ak sipò nan men lòt moun ki ap fè fas ak menm pwoblèm yo. Ou ka jwenn gwoup sipò nan zòn ou lè w chèche sou entènèt, pa egzanp, "Gwoup Sipò" + "Dèy."
Medikaman se yon doktè oswa yon pwofesyonèl ki gen dwa preskri, ki bay yo, tankou yon Sikiyat, Doktè, oswa Enfimyè Pratisyen. Yo ka rekòmande epi preskri medikaman pou ede diminye strès, amelyore jan w santi w, amelyore somèy, ak jere lòt sentòm. Moun ki pran medikaman souvan rankontre ak doktè ki preskri a yon fwa pa mwa pou wè kijan yo ye. Ou ka chèche sèvis medikaman nan klinik doktè prensipal ou oswa ak yon Sikiyat.
Liy Sipò
Lè w bezwen yon moun pou pale, ou ka rele yon liy sipò gratis. Liy sipò yo konfidansyèl epi gratis. Se moun ki te viv menm eksperyans yo oswa pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon ki reponn yo. Ou ka itilize lyen Liy sipò sa a pou jwenn yon liy sipò nan eta w ap viv la. Ou ka chèche sou entènèt tou ”Liy sipò” "warmlines" + zòn kote ou ye a. Ou ka mande sèvis tradiksyon; sepandan, se pa tout liy sipò ki ofri sèvis sa yo.
Sipò Ijans
Sipò ijans disponib lè w bezwen èd touswit, tankou si w gen panse pou touye tèt ou, oswa si w enkyete pou yon manm fanmi. Gen liy telefòn nasyonal ou ka itilize pou ijans sante mantal. Liy 988 la gratis epi disponib nan tout eta yo—ou ka rele oswa voye tèks "988". Liy 988 la ofri sèvis tradiksyon nan plis pase 240 lang. Liy ijans yo gen pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon ki ka voye moun pou ede w tankou ekip kriz mobil ak lapolis.
Tout moun gen moman kote yo bezwen sipò nan men lòt moun. Si w enkyete pou byennèt ou oswa byennèt yon manm fanmi w, nou ankouraje w itilize youn nan resous nou bay yo pou aprann plis sou sipò ki disponib pou ou nan kominote w la.