Aprann Anglè
Aprann Anglè
Si ou pa pale anglè, adapte w nan Ozetazini ka sanble difisil. Deplase nan vil la, jwenn yon travay, menm fè makèt pou manje, ka difisil si ou pa pale anpil anglè. Men, aprann anglè ap ede w adapte w avèk siksè nan nouvo kominote w la. Aprann pale ak konprann anglè ap ede w vin pi endepandan, jwenn travay ki peye miyò, epi kominike ak nouvo zanmi ak vwazen yo. Ou ka pa gen anpil tan pou etidye anglè anvan ou jwenn yon travay, men yon fwa ou jwenn travay, ou pral bezwen etidye anglè pandan w ap travay. Jiskaske ou amelyore anglè ou, gen sèvis entèprèt ki disponib nan lopital ak tribinal pou moun ki bezwen yo.
AVANTAJ APRANN ANGLÈ
Anglè se lang ki pi itilize Ozetazuni, pifò moun Ozetazuni pap kapab pale avè w oswa konprann ou si ou pa aprann pale anglè.
Aprann anglè nesesè pou w siviv epi reyisi. Si ou gen timoun, konprann anglè ap ede w patisipe nan lekòl timoun yo. Anplis, ou pral bezwen aprann anglè pou w ka konekte ak enfòme nan vil ak eta kote w ap viv la. Ou pral bezwen aprann anglè tou pou w ka pase tès la lè w aplike pou sitwayènte Ozetazuni.
Ou pral aprann angle pi vit si ou gen yon gwo dezi pou aprann lang lan. Men kèk rezon ki fè li enpòtan pou aprann anglè :
- Pou jwenn yon travay epi reyisi nan travay la.
- Pou kominike ak pwofesè pitit ou yo.
- Pou konnen sa pitit ou ak pitit pitit ou yo ap di.
- Pou w ka endepandan: pran transpò piblik ak fè makèt pou ou menm ak fanmi w.
- Pou pale ak vwazen w yo.
- Pou konnen sa k ap pase nan mond lan atravè televizyon, jounal, ak entènèt.
- Pou pase tès natiralizasyon Ozetazuni an pou w ka vin yon sitwayen ameriken.
- Pou pale ak kolèg travay ou epi lòt moun nan kominote w la.
- Pou pran randevou ak doktè epi ale nan randevou sa yo san entèprèt.
KLAS ANGLÈ
Anpil kominote ofri klas anglè pou imigran ak refijye ki fèk rive Ozetazini
LÒT FASON POU APRANN ANGLÈ
Gen anpil diferan fason pou aprann anglè. Souvan, lè w konbine plizyè metòd ansanm, li bay pi bon rezilta. Men kèk egzanp fason ou ka aprann anglè deyò sal klas la :
Aprann anglè nan travay la. Lè ou jwenn yon travay, ou ka aprann mo ak ekspresyon an anglè ki itil pou travay sa a. Ou pral gen kolèg travay, epi petèt kliyan oswa moun ou sèvi ki pale anglè. Lè ou pale ak yo regilyèman, sa ap ede w amelyore anglè w.
Aprann pale anglè nan kominote w. Fè zanmi, sòti, epi pa pè rankontre nouvo moun. Pale ak moun nan magazen oswa pratike anglè ak zanmi ak vwazen ka sanble difisil okòmansman, men pifò moun pral akeyan epi yo va kontan ede w.
Ou ka antre nan yon gwoup kominikasyon nan lang anglè oswa yon gwoup echanj kiltirèl nan katye w, oswa menm kòmanse gwoup pa w. Fè reyinyon regilyèman kote nou pale sèlman an anglè. Planifye kèk aktivite nou renmen ansanm, tankou ale vizite yon mize, mache nan pak la, oswa fè ti reyinyon sosyal.
Sa se yon bon fason pou pratike pale angle ak lòt moun k ap aprann tankou ou, oswa moun ki deja pale li byen. Li kapab ede w konprann pi byen kilti ak abitid Ameriken yo.
Aprann pou kont ou. Motive tèt ou pou aprann anglè nenpòt kote ak nenpòt lè ou kapab. Ou ka fè sa lè w gade fim oswa emisyon televizyon an anglè, oswa lè w koute pwogram anglè sou radyo. Kenbe yon lis nouvo mo ou aprann yo, epi eseye li yo an anglè nan anviwòman w , tankou sou pano nan lari, sou bis, oswa nan fenèt magazen yo.
Aprann an fanmi. Tout moun nan fanmi w ap aprann anglè ansanm avèk ou. Fè li tounen yon aktivite plezi pou fanmi an, tankou jwe jwèt nan lang angle oswa pase "tan sèlman an anglè" chak jou lakay ou. Angaje w nan lekòl pitit ou a kòm volontye pou ede nan klas la oswa nan evènman espesyal. Timoun aprann nouvo lang rapid, kidonk li enpòtan pou w rete sou menm nivo avèk yo.
APRANN ANGLÈ PRAN TAN
Okòmansman, ou ka jwenn li difisil pou aprann anglè epi ou ka santi ou fristre. Sa nòmal pou santi w konsa. Chak moun aprann nan yon vitès epi nan yon fason diferan. Ou ta dwe eseye diferan metòd pou w wè kiyès ki mache pi byen pou ou.
Kle pou aprann yon nouvo lang se pratike l chak jou. Menm si w sèlman koute radyo oswa gade televizyon an anglè pandan dis minit chak jou, sa ap ede. Avèk tan ak pratik, w ap vin plis alèz pou pale anglè, epi sa ap fasilite ajisteman w Ozetazini. Sa ap pran tan, men l ap vin pi fasil si w kontinye eseye.