Reyaksyon Nòmal Fas ak strès
Strès se presyon fizik, emosyonèl, oswa sikolojik ou santi lè w santi w menase oswa anba presyon. Ou ka fè eksperyans strès akòz evènman nan lavi tankou yon maryaj, divòs, oswa yon egzamen ki ap vini, oswa akòz lavi chak jou tankou pran swen timoun epi travay.
Strès ka bon oswa move:
- Bon strès kenbe nou an sekirite, motive nou, ankouraje nou chanje, oswa ede nou konsantre. Pa egzanp, bon strès ka motive nou etidye pi di pou yon egzamen oswa kouri pi vit nan yon kous.
- Move strès se kalite ki fè li pi difisil pou nou fonksyone, ki kite nou bouke nèt, epi ki fè nou santi nou depase. Avèk tan, move strès ka afekte sante nou nan move fason tou, tankou ogmante tansyon, fè nou pran pwa, epi bay maladi kè.
Aprè ou rive nan yon nouvo peyi, moun gen anpil kalite strès. Ka gen nouvo opòtinite, koneksyon, ak posibilite. Gen anpil defi tou, tankou enkyetid pou moun ou renmen yo, peye bòdwo, epi aprann yon lang.
Reyaksyon moun souvan genyen fas ak strès gen ladan move somèy, tèt fè mal, vant fè mal, fache fasil, fatig, difikilte pou konsantre, difikilte pou sonje bagay, enkyetid, epi santi w depase. Jere strès ka ede moun fonksyone pi byen epi pwoteje sante yo.
Kijan Pou Jere Strès
Pran Poz nan Nouvèl Yo – Evènman nan peyi lakay ou ka bay strès. Li nòmal pou pran poz nan nouvèl yo. Gade oswa li nouvèl yo pou yon sèten kantite tan chak jou sèlman, epi asire w pa gade nouvèl yo omwen de zèdtan anvan lè pou w dòmi. Eseye evite imaj oswa videyo vyolan.
Lage Tansyon nan Kò w – Ou ka lage tansyon atravè egzèsis, detiraj, oswa respirasyon pwofon. Lè w fè aktivite sa yo, sa di kò w, ou an sekirite epi ou pa anba menas. Pratik sa yo ede kò w retounen kalm.
Dòmi Ase – Somèy se youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou ede kò w retounen kalm epi repare tèt li. Eseye ale nan kabann epi leve a menm lè a chak jou. Sa ap ede kò w antre nan yon woutin somèy. Evite kafeyin, manje pike, ak aparèy elektwonik omwen de zèdtan anvan ou ale nan kabann pou yon pi bon somèy lannwit.
Pran Tan Pou Fè Yon Bagay Ki Pa strese Epi Ki Detann Ou – Pase tan ak moun ou renmen yo, gade yon fim, fè manje, chante, oswa fè nenpòt bagay ki fè w plezi.
Konnen Ki Lè Ou Ka Bezwen Plis Sipò – Chèche plis sipò si w santi w strese plis tan nan jounen an pandan plizyè semèn, si strès la fè li difisil pou w fonksyone, oswa si strès la fè w santi lavi pa vo lapenn. Ou ka kontakte yon doktè, pale ak yon lidè relijye, oswa kontakte yon ajan dosye reinstalasyon si w gen youn. Yo ka di w ki kalite èd ki ka disponib pou ou. Ou ka rele 9-8-8 oswa liy kriz lokal ou a tou pou plis sipò.
Pou aprann plis sou kijan pou chèche sipò, li atik sa a: Jwenn Sipò Lè Lavi a Difisil