Travay Ozetazini

Updated: 11/18/2025
Travay Ozetazini enpòtan anpil
Jwenn, genyen, ak kenbe yon travay enpòtan pou lavni ak byennèt fanmi w. Se fason ki pi rapid pou vin endepandan epi li nesesè pou reyisi. Ou dwe pare w pou w chèche travay depi w antre Ozetazini.

Jwenn yon travay

Tout granmoun, gason kou fi, ki gen laj ant 18 ak 64 lane epi ki kapab travay, ta dwe pran travay tankou yon priyorite.

Asistans gouvènman an pap la pou toutan, kidonk li enpòtan pou w jwenn yon travay pi vit posib lè w rive Ozetazini.

Gouvènman an pa garanti travay. Li ka pran plizyè semèn oswa mwa pou jwenn yon travay epi ou ka gen plizyè entèvyou. Ou ta dwe kolabore ak moun k ap ede w jwenn travay la pou aprann kesyon entèvyou yo.
Ou ta dwe aksepte premye travay yo ofri w la, menm si li pa peye anpil oswa li pa nan domèn ou, pou w ka konstwi yon istwa travay epi kòmanse sipòte fanmi w. Si w pa pran travay yo ofri w yo, ou ka pèdi asistans gouvènman an.
Souvan gen anpil moun k ap aplike pou menm travay la, kidonk li enpòtan pou w pare pou aksepte yon travay nivo debaz nan yon nouvo domèn. Pou konstwi yon bon istwa travay, ou ta dwe rete nan travay la pou omwen sis mwa.

Image
Employment
Image
Employment

Work Culture in the United States

Kilti Travay Ozetazini

Ozetazini rekonèt kòm yon peyi ki gen anpil opòtinite pou moun ki travay di. Pou jwenn yon travay miyò, ki peye plis, W ap bezwen pale, li, ak ekri anglè, epi ou ka bezwen aprann nouvo konpetans.

Si w te travay nan yon pwofesyon espesifik nan peyi w, ou ka bezwen swiv klas epi jwenn yon sètifikasyon anvan ou kapab travay nan domèn sa a Ozetazini.

Gason ak fanm, tou de travay Ozetazini. Fanm reprezante mwatye nan fòs travay la, yo fè menm travay ak gason nan tout nivo, epi souvan sipèvize travayè gason.

Ozetazini, timoun ki anviwon 14 lane oswa plis ka travay mwatye jounen, yo ka limite nan kantite èdtan ak kalite travay yo ka fè.

Anpil jèn Ozetazini travay a tan pasyèl aprè lekòl, nan fen semèn, ak pandan vakans. Ozetazini gen lwa ki pwoteje jèn travayè yo.

 

Image
Employment

Dwa ak Responsablite nan Travay

Ozetazini, anplwaye yo gen dwa ak responsablite nan travay. Ou gen dwa pou w touche pou travay ou, epi lwa travay yo pwoteje travayè yo kont kondisyon travay ki danjere.
Yon patwon pa dwe fè diskriminasyon kont ou oswa refize ba w yon travay oswa yon pwomosyon akoz laj ou, andikap ou, eta sivil ou, orijin etnik oswa nasyonalite , ras, relijyon, oswa sèks ou. Sepandan, kèk travay, espesyalman nan gouvènman an, ouvè sèlman pou sitwayen Ameriken.
Travayè yo gen dwa pou travay nan yon anviwònman ki pa gen  diskriminasyon ak asèlman, tankou:

  •  Asèlman seksyèl (konpòtman seksyèl endezirab ki fè yon moun santi l pa alèz oswa an danje)
  •   Asèlman rasyal oswa relijye
  • Entimidasyon oswa fawouch
  •  Laperèz pou pote plent pwoblèm oswa pou defann dwa w


Kòm yon travayè ki touche salè Ozetazini, se responsablite w pou peye taks sou revni chak ane. Pou ede sipòte pwogram ki bay sèvis pou tout moun k ap viv Ozetazini (pa egzanp, edikasyon, SNAP, Medicaid, ak wout piblik).

Se responsablite w pou peye taks gouvènman Federal ak Leta kote w rete a. Ou ka jwenn òganizasyon lokal san pwofi, Sèvis Revni Entènal la sètifye ki fè benevola pou asiste biwo tax. Yo ka ede w ranpli taks ou chak ane.
 

Image
Employment
Image
Employment
Kesyon Yo poze anpil

Kesyon Yo poze anpil

Òganizasyon yo ka ede bay sèvis travay kote ou rete a, men ou menm ou pral gen yon wòl santral nan jwenn ak kenbe yon travay.

Ki jan de travay m ap genyen?

Premye travay ou a ka p ap nan menm pwofesyon oswa domèn ak travay ou te genyen nan peyi w. Li ka yon travay nivo debaz, ki pa pwofesyonèl, epi li ka menm tanporè oswa tan pasyèl. Paske pri lavi Ozetazini wo, li nòmal, epi souvan nesesè, pou gason ak fanm tou de travay deyò kay la.

Transpò piblik disponib nan pifò vil Ozetazini. Ou ka konte sou transpò piblik pou rive nan premye travay ou.

Was this article helpful?
43
-1