Kilè ak Kòman pou aplike pou kat rezidan pèmanan (Green Card)
Yon fwa yo apwouve demand azil ou a oswa yo aksepte w Ozetazini kòm refijye, pwochen etap la se pou w aplike pou rezidans pèmanan legal (LPR). Ou ka kòmanse pwosesis aplikasyon sa a touswit. Anvan, yon moun ki gen azil oswa yon refijye te oblije tann yon ane apre yo te ba yo azil la oswa apre yo te aksepte yo kòm refijye anvan yo te ka kòmanse pwosesis aplikasyon an.
Nenpòt lè w aplike a, pi bonè w ka resevwa yon Kat Vèt, oswa vin yon rezidan pèmanan legal, se aprè w fin pase yon ane konplè fizikman Ozetazini depi dat yo te ba w azil la oswa dat yo te aksepte w kòm refijye a. Tout manm fanmi an, menm timoun yo, dwe soumèt yon aplikasyon pou chanjman estati. Gen sèten kondisyon ki ka fè w pa kalifye pou estati Rezidan Pèmanan Legal, tankou si yo kondane w pou sèten krim oswa si w fè fo deklarasyon bay gouvènman ameriken an. Se poutèt sa, li pi bon pou w pale ak yon avoka oswa yon reprezantan legal ki gen akreditasyon Depatman Jistis (DOJ) anvan w aplike pou chanjman stati LPR.
Finalman, si w gen stati refijye, pa gen okenn frè aplikasyon nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) pou aplikasyon chanjman estati a, men, moun ki gen azil yo dwe swa peye frè aplikasyon an oswa kalifye pou yon egzanpsyon frè nan men USCIS. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w soumèt yon egzanpsyon frè, ale sou sit entènèt USCIS la.
Pou w aplike pou yon Kat Vèt, ou dwe ranpli Fomilè I-485 - Aplikasyon pou Anrejistre Rezidans Pèmanan oswa Chanjman Estati. Pou jwenn enfòmasyon sou kijan pou w vin yon rezidan pèmanan legal (moun ki genyen Kat Vèt) atravè estati azil, tanpri ale sou paj USCIS sa a. Pou jwenn enfòmasyon sou kijan pou w vin yon rezidan pèmanan legal (moun ki genyen Kat Vèt) atravè estati refijye, tanpri ale sou paj USCIS sa a.