Kijan Rezo Sosyo Ka Afekte Sante Mantal Ou
Medya sosyal yo ka ede konekte zanmi ak fanmi, ogmante konsyantizasyon, gaye nouvèl, epi bati nouvo amitye. Li kapab ogmante enkyetid, izolasyon, ak pwoblèm dòmi tou, epi mete moun an risk pou sibi entimidasyon oswa arasman sou entènèt.
Si w te oblije kite peyi w akoz konfli ak kriz, efè rezo sosyo ka pi gwo toujou. Jere fason ou menm ak fanmi w sèvi ak rezo sosyo ap ede w jwenn bon benefis rezo sosyo yo pandan l ap pwoteje w kont move efè yo.
Benefis Rezo Sosyo
Rezo sosyo vle di fason moun konekte sou entènèt, tankou Facebook (Meta), Instagram, WhatsApp, X (ki te rele Twitter anvan), ak TikTok. Lè w oblije kite peyi w, al viv lwen moun ou renmen yo, rezo sosyo ka ede w kominike ak zanmi ak fanmi. Li ka ede w rete konekte ak kilti, kominote, oswa selebrasyon, epi kenbe tradisyon yo vivan. Sa ka soulaje santiman solitid ak separasyon aprè w fin deplase pou yon nouvo peyi.
Rezo sosyo ka ofri nouvèl ak enfòmasyon alè tou. Nouvèl sa yo ka soti nan peyi kote ou te kite a, oswa nan nouvo kominote w la nan Etazini. Sa ogmante sans konesans ak kontwòl ou, ki ede w pran desizyon.
Ou gen kontwòl sou ki kalite kontni ou wè sou rezo sosyo. Ou ka itilize platfòm rezo sosyo w yo pou ogmante kontni ou wè ki gen rapò ak pran swen tèt ou, sante mantal, ak byennèt. Ou ka chwazi wè lòt kontni ki bay sipò tou, tankou bon nouvèl, enfòmasyon ki rekonfòte, ak imaj.
Efè Negatif Rezo Sosyo
Pandan rezo sosyo gen anpil bon benefis, gen anpil move efè tou. Men kèk nan yo:
- Enkyetid ak Strès Twomatik – Li nòmal pou w vle rete konekte ak nouvèl ki soti nan peyi w. Men, nouvèl sa yo ka gen imaj vyolan ak deranjan. Lè w te viv yon kriz oswa konfli, wè imaj sa yo ka fè strès twomatik retounen. Menm si w pa t sibi vyolans, wè twòp imaj sa yo ka gen move efè sou sante mantal ou ak byennèt emosyonèl ou.
- Fwòd – Sa ka gen ladan moun ki vòlè idantite w, jwenn aksè nan enfòmasyon finansye ou, fo òf travay, chantaj, ak anak lotri oswa tiraysò. Pafwa moun ap vize spesyalman moun yo konnen ki fèk rive Ozetazini oswa ki pa pale anglè.
- Abi Seksyèl ak Eksplwatasyon – Rezo sosyo ka yon fason moun jwenn aksè ak jèn moun ak/oswa moun ki vilnerab epi atire yo nan sitiyasyon abi seksyèl. Adolesan yo patikilyèman an risk. Egzanp yo gen ladan men yo pa limite a: voye imaj toutouni oswa seksyèl san moun pa mande; fè presyon sou viktim pou voye imaj seksyèl, imèl, chat, oswa tèks; menase oswa distribye imaj entim, imèl, chat, oswa tèks; epi atire viktim nan sitiyasyon trafik seksyèl oswa abi seksyèl.
- Entimidasyon ak Asèlman sou Entènèt – Asèlman sou entènèt, entimidasyon, ak diskou rayisab komen sou rezo sosyo epi yo ka afekte sans sekirite ou ak estim ou genyen pou tèt ou. Nan kèk ka, entimidasyon ak asèlman sou entènèt te kontribye nan moun ki eseye tiye tèt yo.
- Fo Enfòmasyon – Moun ka sèvi ak rezo sosyo pou gaye fo enfòmasyon ak rimè ki ka fè lòt moun pèdi konfyans nan yon enstitisyon oswa gouvènman, oswa fè yo pran desizyon ki pa nan enterè yo.
Jere fason ou menm ak fanmi w sèvi ak rezo sosyo ede pwoteje ou kont danje pandan l ap pèmèt ou rete konekte epi kontwole enfòmasyon prive w yo. Pou aprann plis sou fason pou pwoteje byennèt mantal ou sou rezo sosyo, li atik Settle In sa a: Kijan Pou Pwoteje Tèt ou sou Rezo Sosyo