Sa Nouvo Imigran yo ta Dwe Konprann sou Premye Kay yo Ozetazini
Nouvo imigrn yo ta dwe konnen kay tipik Ozetazini p ap sanble ak kay yo te ka wè nan seri televizyon, fim, oswa nan piblisite. Pifò moun Ozetazini ap viv nan ti kay senp epi yo souvan gen difikilte pou peye. Li enpòtan tou pou konprann, gen yon mank lojman Ozetazini, epi pa gen ase kay ki disponib pou moun k ap chèche lojman, sitou kay nan yon pri abòdab. Lojman Ozetazini varye anpil selon kote ak katye, epi jeneralman li chè nan tout 50 eta yo ak nan pifò katye yo.
Otèl ak lojman meble se lojman tanporè nouvo imigran yo souvan itilize lè yo fenk rive Ozetazini. Lòt nouvo imigran yo ka viv ak fanmi oswa zanmi. Lojman sa yo souvan sitiye nan kote ki pratik, yo gen mèb, istansil pou kwit manje, lesiv, ak lòt ekipman ki ladan yo. Lojman alontèm y ap chèche yon ti tan apre a gen plis chans pou yo pa meble, yo p ap gen founiti pou kay la, epi yo ka nan yon kote ki mwens dezirab epi pi piti pase premye lojman tanporè yo.
Lè w ap chèche yon kay pou rete pou lontan Ozetazini, fòk ou reyalis epi fòk ou pare pou fè ti sakrifis. Kote kay la ye, gwosè l, si li byen plase, ak si li konfòtab, tout sa dwe mache ak lajan ou rantre chak mwa. Premye kay yon nouvo imigran ka peye pou lwe gendwa pa ba li tout sa l te espere, oswa li ka pa konfòtab tankou premye kote li te rete a lè l te fèk rive. Men, pandan lajan l ap monte, li sere ti kòb sou kote, epi li vin konnen pi byen kouman pou chèche kay pou lwe, l ap kapab jwenn yon pi bon kay.