Kisa Swen Sante Mantal ye Ozetazini?

Updated: 12/31/2025
Isit Ozetazini, li vin pi nòmal pou moun pale de sa k ap pase nan tèt yo epi chèche èd.
Image
Photo of mental health professional taking notes from a male patient

Sante mantal ka vle di plizyè bagay diferan selon kilti w, fanmi w, oswa eksperyans ou te genyen anvan. Ozetazini, sante mantal vle di tout sa ki gen rapò ak jan yon moun santi l nan kè l ak nan lespri l, tankou jan nou jere strès, jan nou antann nou ak lòt moun, oswa jan lespri nou ak kò nou santi yo. Pwoblèm sante mantal ka parèt nan plizyè fason: pa ka dòmi lannwit, lapenn apre ou pèdi yon moun ou renmen, santi ou pè san rezon, oswa twòp strès nan travay oswa lakay. Ozetazini, li vin pi nòmal pou moun pale de pwoblèm sante mantal yo epi chèche èd.   

Pran Swen Sante Mantal Lakay Ou 

Pou kèk moun, yo pran swen sante mantal yo lakay yo, tout jounen. Pa egzanp: fè yon ti mache deyò pou pran yon ti souf lè travay ap bay presyon; pale ak yon zanmi oswa yon fanmi de yon pwoblèm k ap boulvèse yo; dòmi byen pou kò yo ak tèt yo ka repoze; oswa menm fè yon gwo respirasyon. Tout bagay sa yo ka ede amelyore sante mantal ou. 

Sipò nan men Doktè oswa Konseye  

Gen moun ki bezwen plis pase sa,  yo bezwen wè yon pwofesyonèl, tankou yon doktè oswa yon konseye, pou ede yo. Yo rele sa tretman "outpatient",  sa vle di ou al nan randevou, men ou pa rete lopital. Isit Ozetazini, gen anpil kote ou ka ale pou jwenn èd pou W santi w pi byen. Ou ka ale kay doktè ou pou l ba ou medikaman ki ka kalme strès oswa fè ou santi w pi anfòm nan tèt ou. Ou ka ale wè yon konseye tou, poukont ou  oswa ak fanmi ou,  pou aprann kijan pou kenbe tèt ou lè gen pwoblèm k ap trakase w. 

Gwoup Sipò  

Yon lòt kalite sipò ki fasil pou jwenn se gwoup sipò, gwoup ki fèt ak moun ki gen menm istwa oswa menm pwoblèm ak ou. Pa egzanp, gen gwoup pou moun ki nan lapenn paske yo pèdi yon moun yo renmen. Gwoup sa yo bon pou de rezon: ou aprann nouvo fason pou jere sa w ap viv, epi ou rankontre lòt moun ki konprann ou. Gen kèk gwoup ou ka menm fè sou entènèt. 

Image
Photo of a group of people in a mental health support group.

Yon gwoup sipò sou sante mantal

Lopital  

Pou yon kantite moun, pran swen sante mantal ka mande pou yo rete lopital. Yo rele sa tretman "inpatient"  sa vle di ou rete lopital pou yo ka pran swen ou pi byen. Tretman sa a nesesè lè yon moun gen pwoblèm sante mantal ki grav anpil, oswa lè gen danje pou tèt li oswa pou lòt moun. Si ou janm santi ou menm oswa yon moun ou konnen an danje akòz sante mantal li, ou ka rele 9-8-8 nenpòt kote Ozetazini pou jwenn èd touswit. Yo pale anglè ak anpil lòt lang tou. 

Sante mantal pa konsène yon sèl moun. Li afekte fanmi ak kominote yo tou. Lè w amelyore sante mantal ou, sa ka ede moun ki bò kote ou santi yo pi byen tou, timoun ou yo, fanmi ou, ak moun nan kominote ou. Pale de sante mantal ou epi mete l nan premye plan se yon fason pou ede w reyalize sa ou vle nan lavi ou isit Ozetazini. 

Li ka difisil pou konnen kote pou kòmanse pran swen sante mantal ou, sitou si se yon bagay nouvo pou ou oswa pou fanmi ou. Yon opsyon se pale ak doktè prensipal ou. Ou ka chèche tou sipò pou sante mantal nan zòn ou sou https://findtreatment.gov/. 

Was this article helpful?
0
0