Jere Lapenn Ki Pa Janm Ale Lè Yon Moun Ou Renmen Disparèt
Pandan oswa aprè konfli ak katastwòf, moun ka fè eksperyans yon moun yo renmen ki disparèt pou bagay tankou:
- Yo te separe youn ak lòt sou wout la
- Moun nan ap kache
- Moun nan prizonye oswa yo kenbe l
- Yo kidnape moun nan
- Moun nan nan yon zòn konfli epi li pa ka kominike
- Moun nan disparèt san yo pa konnen poukisa
Pèt ki pa klè rive lè yon moun ou renmen disparèt epi ou pa konnen sa k pase l. Kontrèman ak lanmò, se yon sitiyasyon ki pa rezoud, sa ki lakòz soufrans k ap kontinye ak difikilte pou geri. Souvan sa bay moun enkyetid tout tan, santiman yo pa ka fè anyen, santiman koupab, ak difikilte pou avanse nan lavi.
Pandan oswa aprè konfli ak katastwòf, moun ka fè eksperyans yon moun yo renmen ki disparèt poutèt plizyè rezon.
Pèt ki pa klè se yon gwo chòk. Reyaksyon ki kouran yo se:
- Enkyetid tout tan sou sekirite moun nan oswa sou sa k pase l oubyen sa k ap pase l. Lè lespri w okipe ak sekirite moun nan tout tan, sa ka rann li pi difisil pou fè lòt aktivite tankou travay oswa pran swen fanmi w.
- Gwo santiman ou pa ka fè anyen. Ou ka santi w bezwen fè yon bagay pou jwenn moun nan oswa pou ede l, men ou pa kapab oswa ou pa konnen sa pou w fè.
- Santiman koupab paske ou vivan oswa an sekirite. Sa ka gen ladan santi w mal lè w gen moman kè kontan, lè wap manje manje moun nan te renmen, oswa lè w fè aktivite moun nan te konn fè.
- Santi ou pa ka avanse. Nan sitiyasyon kote li posib moun nan mouri, men lanmò a pa konfime, ou ka santi ou pa ka fè dèy oswa avanse jiskaske ou sèten.
Lè moun ap eseye adapte nan yon nouvo peyi, gen plis strès ki vini paske y ap ajiste ak yon nouvo anviwònman, chèche travay, peye bòdwo, aprann yon nouvo lang, epi sipòte timoun. Sistèm sipò ak resous ou te abitye avèk yo a ka pa disponib pou ou nan nouvo anviwònman w lan. Konbinezon pèt ki pa klè ak gwo strès ka lakòz ou gen:
- Tèt fè mal oswa vant fè mal san ou pa malad
- Chanjman nan apeti; manje plis oswa mwens pase dabitid
- Difikilte pou dòmi, reveye souvan nan nwit, oswa dòmi twòp
- Sote fasil
- Kriye plis pase dabitid
- Plis laperèz
- Difikilte pou konsantre
- Difikilte pou sonje bagay
- Pa vle nan mitan moun
- Difikilte pou santi w konekte ak lòt moun
Si w ap viv ak yon pèt ki pa klè, pran pasyans ak tèt ou epi konnen jere sitiyasyon nenpòt moun ou pèdi pran tan. Men kèk konsèy pou ede w jere sitiyasyon an:
- Konekte ak lòt moun: Chèche sipò nan men moun ou fè konfyans tankou zanmi, fanmi, oswa lidè nan legliz ou. Konekte ak lòt moun ka ba w rekonfò epi fè w santi w pa poukont ou.
- Kreye yon woutin: Kenbe yon orè regilye chak jou, tankou lè pou dòmi ak lè pou manje. Yon woutin ki byen òganize ede w dòmi pi byen epi kontwole jan w manje.
- Okipe lespri w: Patisipe nan aktivite tankou fè egzèsis, lapriyè, meditasyon, chante, oswa fè manje pou diminye strès epi amelyore byennèt ou. Jwenn bon fason pou jere enkyetid epi libere lespri w.
- Fè aktivite fizik: Bouje kò w pou lage tansyon epi detann ou. Fè ti egzèsis dousman tankou detire kò w, mache, oswa yoga pou kalme kò w epi diminye siy fizik strès.
- Pran swen tèt ou: Pran tan pou fè aktivite ki ba w rekonfò epi ki sipòte sante mantal ou. Kit se egzèsis respirasyon pwofon, lapriyè, oswa lòt bagay ki kalme w, fè swen pèsonèl yon priyorite pou ranfòse rezistans emosyonèl ou.
- Chèche plis èd lè w bezwen l: Pa ezite mande èd si w ap pase yon moman difisil oswa si w santi w boulvèse. Ou ka rele 9-8-8 oswa kontakte yon moun ou fè konfyans, tankou yon lidè relijye oswa doktè w. Si w santi w vle fè tèt ou mal oswa si w pèdi espwa, chèche èd touswit, rele yon konseye sante mantal oswa konpoze 9-8-8. Byennèt ou enpòtan, epi gen moun ki ka ede w travèse moman difisil yo.