Kijan pou Kominike avèk Lapolis Ozetazini

Updated: 12/9/2025
Menm jan ak ponpye ak anbilans, lapolis ka vini pou ede w. Ou ka rankontre lapolis nan plizyè sitiyasyon nan kominote w, tankou lè yo bay chofè kontravansyon pou vyolasyon nan trafik. Travay yo se pou asire sekirite piblik. Pou yo fè sa, pafwa yo ka bezwen pale avèk ou oswa poze ou kèk kesyon.

Si w rankontre lapolis an piblik oswa yo kanpe w pandan w ap kondwi, men kèk konsèy pou w ka rete an sekirite.
 

Fason ki apwopriye pou kominike ak lapolis:

  • Rete kalm epi kontwole emosyon ou.
  • Montre respè. Pa fè diskisyon.
  • Kenbe men ou kote yo ka wè yo, epi pa mete yo nan pòch ou.
  • Pa kouri ni fè mouvman bridsoukou.
  • Rete kote ou ye a, pa deplase san rezon.
  • Si ou nan yon machin, rete ladan l epi kenbe senti sekirite ou tache.
  • Pa manyen ni pwoche twòp bò lapolis la.
  • Mache ak kat idantite w (I.D.) ak nimewo telefòn yon moun ki ka ede w, si sa nesesè.
  • Mande si ou lib pou w ale,  si yo di wi, kite plas la byen kalm.
Image
A woman wearing a green headscarf is driving a yellow car, looking worried as she glances in the rearview mirror. Behind her, a police car with flashing red and blue lights is approaching.
Image
Home Safety

Sonje: Pa gen pwoblèm si w di ou pa konprann. Ou gen dwa legal pou mande yon entèprèt.

  • Si yo akize w paske yo di ou fè yon bagay ki kont lalwa epi yo arete w, ou gen dwa pou rete an silans epi pou w mande pale ak yon avoka anvan yo poze w kesyon.
  • Si w pa kapab peye yon avoka, tribinal la ap ba w youn gratis pou defann ou.

 

Men yon kat ou ka pote sou ou pou ede w lè w ap kominike ak lapolis. Asire w MANDE ANVAN epi RESEVWA PÈMISYON anvan ou lonje menw pou retire kat la soti nan bous ou oswa nan ti bwat machin nan. 

KAT KOMINIKASYON AK LAPOLIS POU REFIJYE

Mwen nouvo Ozetazini

Mwen  Ozetazini legalman.

Mwen pale  Kreyòl Ayisyen. Mwen bezwen yon entèprèt.

Tanpril rele

KONDISYON MEDIKAL:

Image
A hand is holding an identification card. The card has a photo of a man, along with personal details such as name, date of birth, and identification number. The word 'IDENTIFICATION CARD' is prominently displayed at the top.
Was this article helpful?
48
0