Konsèy Pou Dòmi Pi Byen Lannwit
Dòmi ase epi gen pi bon kalite somèy enpòtan anpil pou sante ak byennèt ou.
Lè nou dòmi, kò nou ap travay di pou fè travay enpòtan. Sèvo a travay pou fè koneksyon, kenbe enfòmasyon enpòtan, epi retire enfòmasyon li pa bezwen. Lòt pati nan kò a ap travay tou pou repare tisi ak selil, ranfòse sistèm defans kò a, epi ede timoun ak adolesan grandi ak devlope.
Lè nou pa dòmi ase oswa lè somèy nou pa bon, sa ka:
- Fè li pi difisil pou konsantre, aprann, epi sonje bagay
- Febli sistèm defans kò nou, kidonk nou pi fasil tonbe malad oswa nou pa geri vit
- Afekte emosyon nou, sa ki fè li pi difisil pou antann nou ak lòt moun oswa santi nou konekte ak yo
Si ou pa dòmi ase pandan lontan, sa ka lakòz tansyon wo, dyabèt, konjesyon serebral, kriz kadyak, obezite, depresyon, ak twoub enkyetid.
Dòmi ase ak bon kalite somèy ka pi difisil lè nou okipe epi nou gen anpil enkyetid. Pandan moman difisil yo, kò moun bezwen repo ak reparasyon plis pase tout lòt lè. Men kèk bagay ou ka fè pou ede ou menm ak fanmi w dòmi byen lannwit.
- Gen yon Woutin Somèy: Ale nan kabann a menm lè epi leve a menm lè ede antrene sèvo a ak kò a pou konnen ki lè pou dòmi. Sa enpòtan anpil pou timoun. Anplis ale nan kabann ak leve ak yon lè fiks, gen lòt woutin somèy tankou mete chemiz de nwi, bwose dan, oswa li yon liv ka ede tou. Sonje fikse lè pou ale nan kabann ase bonè pou ou ka jwenn kantite somèy ou bezwen an.
- Etenn Limyè Yo: Fènwa fè sèvo a pwodui òmòn melatonin, ki fè nou anvi dòmi. Eseye fè chanm kote ou ap dòmi a pi nwa posib.
- Evite Kafeyin: Pa bwè bwason ki gen kafeyin tankou kafe, te nwa, ak soda nan aprèmidi oswa nan aswè.
- Fè Egzèsis: Fè egzèsis pou omwen 30 minit pa jou ede pwomote bon somèy. Sa ka yon mach rapid, danse, monte bisiklèt, oswa aktivite espò.
- Diminye Likid: Diminye oswa sispann bwè likid kèk èdtan anvan ou ale nan kabann pou ou pa bezwen leve lannwit pou ale nan twalèt.
- Evite Manje Lou: Manje yon gwo repa toupre lè pou dòmi ka fè li pi difisil pou dòmi paske kò a ap travay di pou dijere manje a, epi li lage sèten òmòn ki transfòme manje an enèji.
- Evite Kèk Manje: Manje ki gen anpil grès, fwomaj, manje fri, ak manje pike ka lakòz pwoblèm dijesyon ak asid ki monte sou lestomak, sa ki ka fè li pi difisil pou dòmi. Manje ki gen anpil sik lakòz chanjman nan sik nan san, sa ki ka afekte somèy ou nan move fason.
- Evite Alkòl: Menm si alkòl ka fè moun anvi dòmi, souvan moun gen pi move kalite somèy epi yo ka leve pi souvan aprè yo fin bwè alkòl. Li ka lakoz kondisyon tankou apne somèy oswa asid ki monte sou lestomak vin pi grav.
- Limite Tan Devan Ekran: Etid montre ke plis pase de zèdtan devan televizyon, telefòn selilè, jwèt videyo, òdinatè, ak lòt aparèy elektwonik nan aswè ka afekte somèy ou nan move fason. Ekspè rekòmande limite tan devan ekran nan aswè epi pa gen okenn tan devan ekran pou omwen inèdtan anvan ou ale nan kabann.
Mete an plas menm kèk nan konsèy sa yo pou dòmi ka ede ou dòmi pi byen epi amelyore sante ak fonksyonman jeneral ou menm ak fanmi w.