​​Kòman pou ale pran preskripsyon w

Updated: 12/26/2025
​​​Ou fenk rive epi w pa abitye jwenn medikaman Ozetazini? Aprann kijan preskripsyon yo mache, sa pou w konnen lè w ale nan famasi, ak kijan pou jere pwoblèm tankou lè pri yo wo oswa lè w paka pale lang lan.
Image
A prescription bottle with instructions, dosage, and quantity across the label

​​Kisa yon Preskripsyon ye? 

​Si doktè w rekòmande pou w pran medikaman, kalite ak kantite medikaman an ap ekri sou yon moso papye. Yo rele sa yon preskripsyon. Pou jwenn medikaman an, ou pral nan yon famasi epi wap bay famasyen an preskripsyon an. Pafwa doktè a ka mande ki famasi ou itilize, epi li ka rele  famasi a pou bay detay preskripsyon an oswa voye li elektwonikman. 

​Ki kote Famasi yo ye? 

​Nan ti vil ak gwo vil Ozetazini, wap  jwenn anpil famasi kote w ka ranpli preskripsyon ou. Gen kèk ki se ti boutik lokal, pandan  gen lòt ki se gwo chèn magazen tankou CVS, Walgreens, oswa Rite Aid. Genyen kèk famasi ki andedan kèk makèt tou. 

​Ki Enfòmasyon Famasi yo Pral Mande? 

​Famasyen an ap mande dat nesans moun ki pral pran medikaman an, adrès ou ak nimewo telefòn ou. Medikaman an ka gen rabè oswa menm gratis si ou, oswa moun medikaman an pou li a, gen asirans sante (ou pral bezwen montre famasyen an kat asirans ou). Ou dwe peye kantite lajan asirans ou pa kouvri a lè ou vin pran medikaman an. Yo ka mande w siyen non ou sou yon ekran pou verifye  ou te pran medikaman an. Si w pa konnen kijan pou ekri non w,  ou ka fè yon siy sou tablèt la. 

​Li enpòtan pou famasi a gen yon nimewo telefòn ki mache. Pafwa yap  bezwen rele w pou poze yon kesyon oswa pou fè w konnen kilè medikaman ou an pare pou w vin pran li, si yo bezwen plis tan pou prepare preskripsyon an. 

​Renouvle Medikaman ou (Refill) 

​Lè w ap pran medikaman an, asire w ou swiv enstriksyon ki ekri sou anbalaj la. Daprè kantite medikaman doktè a preskri ak konbyen tan ou bezwen pran li, kèk preskripsyon pèmèt replen (sa vle di ou ka jwenn plis nan menm medikaman an). Si w bezwen renouvle preskripsyon w lan, wap gen pou tounen nan famasi a. 

​Konsèy pou Depase Difikilte Ou jwenn pi souvan

​Mwen pa konnen kijan pou mwen pran medikaman an paske etikèt la sèlman an anglè.

​Gen kèk famasi ki gen aksè ak entèprèt nan telefòn si w mande yo, men sa pa rive souvan. Si w gen nenpòt kesyon sou medikaman w lan oswa kijan pou w pran li, epi ou gen aksè ak yon entèprèt, ekri sa entèprèt la di w nan lang ou plis alèz la.

​Famasi a di ou dwe peye pri konplè pou medikaman an, epi li twò chè.

​Premye bagay ou dwe asire se si famasi a gen bon enfòmasyon sou asirans sante w la. Si yo gen enfòmasyon yo, men yo di asirans la p ap peye, ou dwe rele konpayi asirans lan pou mande poukisa yo pa kouvri medikaman an. Gen  plizyè  rezon ki fè asirans lan ka p ap peye: 

  1. ​Doktè a preskri yon medikaman a MAK . Medikaman mak yo se yon sèl konpayi  ki fè yo epi yo konn pi chè. Medikaman jenerik se plizyè konpayi ki fè yo. Engredyan yo, sekirite yo, ak bon jan kalite yo prèske menm ak medikaman mak yo, men yo pi bon mache. Pafwa doktè a ekri non mak la sou preskripsyon an, epi asirans ou an pa vle peye pou sa. Ou ka rele doktè a pou mande l chanje preskripsyon an pou vèsyon jenerik la. 
  2. ​Medikaman an twò chè, epi asirans lan vle doktè ou pwouve ou dwe pran medikaman sa a. Nan ka sa a, ou bezwen mande doktè a rele konpayi asirans lan epi voye prèv sou eta sante w ki montre w dwe pran medikaman sa a. Yo rele sa “otorizasyon davans”. 

​Famasi a di ou pa gen renouvèlman, men se yon medikaman ou dwe kontinye pran. 

​Pafwa famasi a ka rele doktè ou pou mande yo voye yon nòt ki di ou bezwen renouvle medikaman an. Oswa, ou ka bezwen pran yon lòt randevou ak doktè a pou yo tcheke sante w epi ekri yon nouvo preskripsyon pou sou menm medikaman an.​

Was this article helpful?
0
0