Fè Fas ak Lapenn ak Pèt

Updated: 12/26/2025
Lapenn se yon tristès ki lou anpil ki ka afekte lespri ou, kò ou, ak nanm ou.
Image
Photo of a man and a boy sitting in a grass field. The man is comforting the boy by putting his arm on the boy’s shoulder.

Lè yo fòse w kite lakay ou akoz kriz ak konfli epi ou ale nan yon lòt peyi, ou ka pèdi anpil bagay  fè ou gen lapenn. Pifò nan nou panse lapenn rive sèlman lè yon moun nou renmen mouri. Men lapenn se yon gwo tristès ki ka frape lespri ou, kò ou, ak nanm ou. Se vre, aprè lanmò yon moun nou renmen, lapenn nòmal. Men li nòmal tou pou moun santi lapenn pou lòt kalite pèt: 

  • Separasyon ak moun ou renmen: Kite fanmi ak zanmi ki te toujou la pou ou nan moman difisil ak nan moman fèt. 
  • Travay ak karyè: Li ka difisil pou retounen nan pwofesyon ou Ozetazini oswa ou ka jwenn sèten diplòm ou pa fasil transfere nan mache travay ameriken an. 
  • Kay ak byen ou: Ou kite ri ou te konnen, sa ou te konn wè, ak odè ou te konnen. Ou ka kite dèyè tou yon santiman apatenans ak idantite. 

Lapenn ka parèt diferan de yon moun a yon lòt: 

  • Diferan kalite emosyon: tankou santi ou vid, tristès, refize aksepte sa k pase, kòlè, anvi wè moun ou pèdi a, amètim, dezespwa, kilpabilite, ak plis ankò. Moun ka pase nan plizyè emosyon nan yon jou oswa yon semèn, oswa yo ka pase nan diferan faz emosyonèl nan lapenn. 
  • Doulè fizik ak maladi: tankou tèt fè mal, fatig, kè plen, doulè nan jwenti, mal dòmi, ak tansyon wo. 
  • Chanjman nan konpòtman: Lapenn ka fè nou pa vle wè lòt moun, fè nou pi fache oswa pi iritab, mwens pasyans, mwens enterese nan lòt moun oswa mwens kapasite pou konekte ak yo, epi li ka diminye kapasite nou pou fonksyone. 

Pa gen yon sèl bon fason pou viv lapenn. Menm si lapenn gen tandans diminye ak tan, pa gen yon bon longè tan pou lapenn dire. 

Si w ap viv lapenn, pran pasyans ak tèt ou epi konnen fè fas ak pèt pran tan. Men kèk konsèy pou ede w: 

  • Chèche moun ou fè konfyans ki ka sipòte w. Sa ka pastè, zanmi, oswa fanmi. 
  • Pran tan pou fè bagay ki ba w konsolasyon oswa ki ede w kenbe fèm, tankou lapriyè, egzèsis, ak respirasyon pwofon. 
  • Kenbe yon woutin. Sa vle di leve ak kouche menm lè chak jou, asire ou manje regilye, epi bwè anpil dlo. 

Fè atansyon ak jan ou santi ou ak jan ou fonksyone ak tan. Si plizyè mwa pase epi ou wè ou santi ou pi mal oswa ou gen mwens kapasite pou fonksyone, kontakte doktè w oswa yon konseye pou plis sipò. Si ou wè ou pa kapab leve nan kabann, ou pa kapab pran swen tèt ou, oswa ou gen panse kote ou pa vle viv ankò, li enpòtan pou ou chèche sipò touswit. Ou ka rele 9-8-8 oswa liy kriz lokal ou a pou plis sipò. 

Was this article helpful?
0
0