Sa ki Enpòtan nan Zafè Lojman pou Moun ki Fèk Rive Etazini

Updated: 12/29/2025
Lè nouvo imigran ap chèche kay, li enpòtan pou yo konnen ki sa fanmi yo vrèman bezwen (sa ki nesesè vs sa yo ta renmen genyen) epi ki sa yo kapab peye chak mwa ak lajan yo genyen.
Image
Photo of a woman and two boys in a bedroom with two beds.

Photo Credit: International Rescue Committee

Ozetazini gen yon gwo pwoblèm kay, pa gen ase kay  ak pri abòdab pou tout moun ki bezwen yo. Men yon gid pou ede w chèche yon kay ki bon pou fanmi w epi ki reponn ak bidjè w. 

Gwosè Kay 

Nan anons kay yo, y ap di w konbyen chanm kay la genyen. Ozetazini, li nòmal pou de moun nan yon fanmi pataje yon chanm. Timoun piti ka dòmi nan menm chanm, men li ka pa apwopriye pou adolesan ki pa menm sèks pataje yon chanm. Li enpòtan tou pou w konnen gouvènman lokal yo gen règ sou konbyen moun ki gen dwa rete nan yon kay selon kantite chanm li genyen. Kantite maksimòm moun ki ka rete nan yon kay ap ekri tou nan kontra lwaye a

Kalkile kantite chanm minimòm fanmi w ap bezwen anvan ou kòmanse rechèch lojman w lan. Pa egzanp, si fanmi w lan gen yon koup marye, de adolesan ki pa menm sèks, ak de timoun piti, ou ka chèche yon lojman ki gen kat chanm. Si ou se yon koup marye ki gen de timoun piti, ou ta ap chèche yon lojman ki gen de chanm. Si ou se yon koup marye ki pa gen timoun, ou ta ap chèche swa yon lojman ki gen yon chanm oswa yon estidyo. (Lojman estidyo a gen yon sèl chanm ak yon kwizin ak yon zòn pou dòmi.) 

Aksesibilite Bezwen  

Lè w ap chèche kay, ou dwe panse ak tout bezwen aksesibilite pou yon manm fanmi ki andikape. Pa egzanp, si yon moun nan fanmi an nan chèz woulant, li bezwen yon kay ki ka resevwa chèz woulant. Fanmi ki gen yon moun ki avèg ka bezwen yon kay ki bon pou moun ki pa wè byen. Fanmi ki gen ti bebe oswa timoun piti ka bezwen yon kay ki gen asansè. Yo ka mete bagay sa yo nan anons kay la lè w ap chèche. Si yo pa di anyen sou sa, ou ka mande ajan imobilye a, manadjè pwopriyete a, oswa mèt kay la. 

Kote Kay la Ye  

Pifò moun ki fèk rive Ozetazini pap gen machin oswa lisans pou kondwi. Si ou pa gen aksè ak yon machin, lè w ap chèche kay, ou dwe panse ak kote ki toupre transpò piblik oswa kote ou ka mache oswa monte bisiklèt pou ale nan travay, nan makèt, nan lekòl, kote pou lave rad, nan klinik oswa lopital, nan legliz, ak lòt kote enpòtan. Pou konnen si li posib pou viv san machin nan yon adrès, katye, vil, oswa bouk, tape kote a sou sit entènèt Walk Score. Li enpòtan tou pou moun ki fèk rive yo santi yo an sekirite nan katye kote yo ta renmen rete a. 

Konnen sa ou bezwen konsènan gwosè kay la, aksesibilite bezwen, ak enfòmasyon sou katye a ap ede w ratresi rechèch ou pou jwenn yon kay ou ka peye.  

Avètisman: Atik sa a te kreye an patenarya avèk Refugee Housing Solutions. Refugee Housing Solutions se yon pwojè Church World Service anba yon akò ki finanse pa Depatman Deta Ameriken an.
Was this article helpful?
0
0