Bibliyotèk Piblik yon Resous pou Granmoun ak Timoun
Updated: 12/31/2025
Èske ou te konnen nan nouvo kominote w la ou ka jwenn aksè nan bibliyotèk piblik ak anpil resous gratis?
Image
Eske w te konnen nouvo kominote w la gen bibliyotèk piblik ki gen anpil resous gratis ou ka jwenn aksè? Men yon lis kèk resous itil bibliyotèk lokal ou a ap bay:
- Liv gratis: Bibliyotèk yo gen gwo koleksyon liv diferan, souvan nan plizyè lang, ke ou ka prete.
- Espas pou etidye: Gen biwo ak kote trankil ki disponib pou tout moun itilize.
- Entènèt: Bibliyotèk yo gen Wi-Fi ak òdinatè ak entènèt ki disponib pou tout moun itilize gratis.
- DVD, CD, liv odyo, ak medya sou entènèt: Bibliyotèk yo gen lòt resous apa de liv ke ou ka prete gratis.
- Kou ak konferans: Anpil bibliyotèk ofri kou gratis pou tout laj, tankou kou anglè, penti, ak rankont ak otè.
- Resous edikatif: Yon bibliyotekè ka ede w jwenn lòt resous ou ta ka bezwen.
- Sosyalizasyon: Ou ka rezève espas pou evènman edikatif pou rankontre manm kominote w la.