Dwa W ak Responsablite W nan Sistèm Swen Sante Ozetazini
Dwa Pasyan
Kòm pasyan, ou gen dwa sa yo lè w ap resevwa swen medikal:
Konsantman
Nan pifò ka, ou gen dwa pou dakò oswa pa dakò ak nenpòt tretman yo sijere w. Pa egzanp, si doktè w sijere w medikaman, epi ou ezite pran li akoz efè segondè yo, se dwa w pou di sa ki enkyete ou epi mande si gen lòt medikaman oswa lòt metòd pou trete pwoblèm ou an. Ou gen dènye desizyon an nan pwòp swen sante ou.
Dwa pou Jwenn Enfòmasyon Medikal Ou
Ou gen dwa pou jwenn enfòmasyon medikal prive ou. Pèsonn pa dwe jwenn enfòmasyon sa a san pèmisyon w, ni fanmi ni menm lòt doktè ki pa doktè pa ou. Ak kèk eksepsyon, enfòmasyon w rete konfidansyèl jiskaske ou bay pèmisyon pou pataje l.
Dwa pou Entèpretasyon
Kòm pasyan, ou gen dwa pou jwenn entèpretasyon nan lang ou prefere gratis nan nenpòt òganizasyon sante ki resevwa finansman federal (pa egzanp, nenpòt òganizasyon sante ki resevwa finansman Medicaid). Men, fè atansyon, dwa sa a ka difisil pou aplike e li depann de anviwònman medikal la ak menm doktè a.
Dwa pou Yo Respekte Tradisyon Sante Ou ak pou Chwazi yon Nouvo Doktè
Sistèm swen sante Ozetazini gran e li gen pwofesyonèl medikal ki soti nan tout orijin. Gen kèk ki ka pa konnen tradisyon w yo. Si w santi doktè w la pa respekte moun ou ye a, kote w soti, oswa kwayans ou yo, ou ka chwazi yon nouvo doktè ki aksepte asirans sante w la.
Responsabilite
Ansanm ak dwa ou genyen kòm pasyan nan sistèm swen sante Ozetazini, ou gen responsablite tou.
Respekte Randevou epi Rive Alè
Pwofesyonèl medikal yo trè okipe. Lè ou rive alè, sa asire pèsonèl swen sante a ka kenbe orè yo e randevou lòt pasyan yo pa afekte. Pifò doktè mande pou peye frè si w an reta oswa siw pa vini nan randevou w la. Si w konnen ou pap kapab ale nan randevou ou, oswa si w an reta, rele biwo doktè a pi vit posib.
Onètete ak Transparans
Swen doktè w bay la depann de jan w onèt epi ouvè avèk li. Rezon doktè yo poze kesyon sou istwa sante ou, espesyalman nan premye vizit yo, se pou yo ka wè patwon yo, ekri enfòmasyon enpòtan, epi bay yon dyagnostik baze sou ekspètiz yo ak enfòmasyon ou bay yo. Onètete ak doktè ou asire ou jwenn pi bon swen posib.
Swiv Enstriksyon
Menm si w gen dwa pou di doktè w la sa ki enkyete w konsènan enstriksyon li yo, si w alèz ak enstriksyon doktè a, se responsablite w pou swiv yo. Si w pa swiv enstriksyon yo, sa ka fè pwosesis pou rezoud pwoblèm sante w la pran plis tan.