Kòman pou prepare w pou yon siklòn
Yon tònad se yon gwo kolòn lè k ap vire ak anpil fòs, ki desann sot nan yon nyaj epi deplase sou tè a. Lajè yon tònad ka fè depi kèk pye rive plis pase yon mil (1.6 kilomèt). Tònad fòme lè lè frèt rankontre ak lè cho, e menm si yo ka rive nenpòt jou nan ane a, yo rive pi souvan nan prentan, lete, ak lotòn. An 2022, pifò tònad nan Etazini te rive nan mwa mas, avril, me, jen, ak novanm. Pifò tònad rive nan lès Mòn Rocky yo nan zòn Gwo Plèn yo, Midwest, ak Sidès, men yo te rapòte tònad nan tout 50 eta yo. Gen anviwon mil tònad ki rive nan Etazini chak ane. Gade kat sa a ki montre risk tònad nan chak eta Ozetazini.
Alèt Tònad
Tònad ka danjere epi yo ka fè anpil dega. Gen de kalite alèt tònad ou dwe konnen: ”siveyans siklòn” "tornado watch" (avètisman pou veye siklòn) ak "tornado warning" (alèt siklòn). Lè gen yon ” siveyans siklòn” "tornado watch", sa vle di gen posiblite pou yon siklòn rive nan zòn nan ak alantou. Prepare w pou chèche abri lè gen yon ” siveyans siklòn” "tornado watch" nan zòn kote w ye a. Lè gen yon "avètisman siklòn" "tornado warning", sa vle di yo deja wè yon siklòn, epi ou dwe mete w nan abri touswit.
Rete an Sekirite nan Kay Ou
- Kote ki pi an sekirite nan kay la se anndan sousòl la. Si w pa ka ale nan sousòl, ale nan yon chanm anndan kay la ki pa gen fenèt, sou etaj ki pi ba a. Sa ka yon koulwa nan mitan kay la, yon twalèt, oswa yon gadmanje.
- Evite chèche abri kote ki gen gwo bagay lou, sou etaj anlè tèt ou, tankou yon frijidè. Gwo bagay sa yo ka tonbe travèse planche a si tònad la frape kay ou.
- Pou plis pwoteksyon, mete kò w anba yon bagay solid, tankou yon gwo tab oswa yon ban travay. Kouvri kò w ak yon lenn, yon nat dòmi, oswa yon matla, epi pwoteje tèt ou ak nenpòt bagay ou jwenn, menm men ou.
- Rete lwen fenèt yo. Vit fenèt ki eklate ka blese w grav oswa touye w.
- Si w pa ka leve sot nan kabann oswa nan chèz, epi pa gen moun pou ede w, pwoteje tèt ou kont bagay k ap tonbe lè w kouvri kò w ak lenn ak zòrye.
- Si w deyò epi yon siklòn ap pwoche, eseye jwenn abri touswit nan yon bilding ki gen yon bon fondasyon. Si pa gen abri, jwenn yon kote ki ba, tankou yon kannal, epi evite kote ki gen anpil pyebwa. Kouche plat atè epi pwoteje tèt ou ak kou w ak yon bagay oswa ak bra w.
Pwoteje Tèt Ou Nan Travay
- Desann pi ba, ou kapab epi chèche yon chanm anndan ki pa gen fenèt.
- Pa rete nan gwo espas ouvè tankou jimnaz oswa oditoryòm.
- Pa pran asansè.
- Bese atè epi pwoteje tèt ou.
- Rete lwen fenèt.
- Chèche kote ki make "Abri Pou Move Tan."
Prepare Yon "Kit Ijans"
Aprè yon siklòn, ou ka pa gen aksè ak dlo, manje, kouran, oswa lòt bagay ou bezwen pou yon ti tan. Pou aprann plis sou kit ijans, li atik Settle In sa a. https://www.settleinus.org/ht/life-us/safety/preparing-emergency-kit.
Fè Yon Plan Pou Kominike Nan Ka Ijans
Fè yon plan si fanmi an ta separe lè yon siklòn frape. Timoun yo ka nan lekòl epi granmoun yo ka nan travay.
Aprè yon ijans, anpil moun ap rele ak voye tèks an menm tan, sa ka fè rezo telefòn lokal yo bloke. Li ka pi fasil pou rele moun ki lwen. Si ou gen yon zanmi oswa fanmi nan yon lòt eta, mande yo pou yo sèvi kòm kontak fanmi an—yo ka pase mesaj pou nou nan ka ijans. Asire w tout moun nan fanmi an konnen non moun sa a ak nimewo telefòn li.
Kisa Pou Fè Apre Yon Tònad
Aprè yon siklòn, bagay ki pi enpòtan se jwenn yon kote ki an sekirite. Si ou kapab, pran sak ijans ou avèk ou. Gade si gen moun blese oswa si gen danje, epi ede lòt moun. Lè ou an sekirite, swiv plan kominikasyon ijans ou te prepare a pou w ka pale ak fanmi w epi rejwenn yo.
Sèvi Ak Telefòn Ou Kòm Yon Zouti
Gen anpil aplikasyon metewoloji gratis pou telefòn ou ki ka avèti w lè gen avètisman siklòn. American Red Cross (Kwa Wouj Ameriken) ofri yon aplikasyon gratis ki rele Emergency: Severe Weather App pou Apple ak Android. Aplikasyon sa yo avèti moun lè gen move tan, tankou siklòn, epi yo pèmèt ou swiv tout avètisman siklòn pou zòn kote w rete a.