Vwayaje Nan Diferan Eta Ozetazini Si W Pa Gen Machin
Si w pa gen machin epi ou vle vwayaje ant eta oswa ant vil nan eta ou a, gen twa gwo opsyon: avyon, tren, oswa bis.
Avyon
Vwayaje nan avyon souvan se fason ki pi chè pou vwayaje soti nan yon eta ale nan yon lòt, men li ka sèl opsyon reyalis selon distans w ap fè a ak vitès ou bezwen rive a. Si w rete bò kote yon gwo ayewopò, ap gen plis opsyon vòl, epi ou ka jwenn vòl dirèk ak vòl ki gen rabè pou kote w vle ale yo. Si w rete bò kote yon pi piti ayewopò rejyonal oswa destinasyon w se yon pi piti ayewopò, vòl yo ka pi chè. Vwayaj nan avyon ka deranje nenpòt lè nan ane a akoz gwo lapli, van, loraj, glas, bouya, oswa nèj.
Pi bon moman pou jwenn tikè avyon ki pi ba pri chanje chak ane epi li ka varye selon kote a oswa sezon an. Men, nòmalman sa dwe fèt youn a twa mwa davans. Achte tikè avyon kèk jou oswa kèk semèn anvan yon vòl ap prèske toujou pi chè, epi vòl dirèk souvan pi chè pase vòl kote w chanje avyon (yo rele sa yon skal) pou rive kote w prale a. Lè w ap deside si w ap pran avyon, li enpòtan pou kalkile frè siplemantè konpayi avyon yo fè peye pou malèt yo, ansanm ak pri ak tan li mande pou ale ak tounen nan ayewopò a.
Tren
Sèl sèvis tren long distans ki vwayaje soti nan yon eta ale nan yon lòt Ozetazini rele Amtrak, se gouvènman ameriken an ki posede l ak opere l an pati. Sèvis tren Ozetazini pa devlope oswa pa rapid tankou nan kèk lòt peyi, epi li ka chè. Men, si w rete sou Kòt Es Etazini, espesyalman ant Boston ak Washington, D.C., epi gen yon stasyon Amtrak tou pre kote w rete ak kote w vle ale a, sèvis tren an anjeneral mwen chè, pi pratik, epi pafwa ka pi rapid pase avyon. Si destinasyon w lan se pou yon vil pi piti nan eta w la, eta ki bò kote w, oswa kèk eta pi lwen, Amtrak ka yon bon opsyon vwayaj tou. Gade kat la pou wè si destinasyon w sou yon wout Amtrak. Kèk eta, espesyalman sou bò Lès, gen sèvis tren rejyonal ki konekte vil ak bouk nan eta yo, yo konn menm konekte eta vwazen yo.
Ou ka fè rezèvasyon sou Amtrak nan https://www.amtrak.com/tickets-reservations, 24 sou 24 pa telefòn nan 1-800-USA-RAIL (1-800-872-7245), oswa nan yon stasyon Amtrak ki gen anplwaye. W ap bezwen yon kat kredi oswa kat debi ki gen logo kat kredi (tankou Visa oswa Mastercard) ak yon adrès imèl pou achte tikè w la. Aprè w fin achte tikè w la, w ap resevwa yon PDF nan yon imèl. Lè w nan tren an, w ap montre kondiktè a tikè PDF la sou telefòn ou. Asire w batri telefòn ou chaje lè w monte nan tren an.
Si posib, yo rekòmande pou achte tikè Amtrak ou omwen yon mwa davans pou pwofite pri ki pi ba yo. Achte tikè kèk jou oswa semèn anvan dat vwayaj la, pandan jou ferye Ozetazini, oswa nan peryòd kote gen anpil demann toujou pi chè.
Otobis
Vwayaje nan otobis se fason ki pi abòdab pou vwayaje soti nan yon eta ale nan yon lòt, ak wout ki rive prèske nan chak vil ak bouk Ozetazini. Vwayaje nan otobis ka lan, men li konfòtab epi li ka mennen w kote avyon oswa tren pa ka rive. De gwo sèvis otobis ki ofri wout atravè Etazini se Flixbus ak Greyhound. Gwo rezo Flixbus ak Greyhound ka mennen w prèske nenpòt kote Ozetazini pou pi piti pri konpare ak avyon, tren, oswa kondui. Lòt sèvis otobis ki vwayaje soti nan yon eta ale nan yon lòt se Peter Pan, Megabus, ak Lux Bus. Ou ka achte tikè nan sèvis otobis sa yo lè w vizite sit entènèt yo. Gen konpayi otobis prive tou ki ofri wout ant vil nan kèk rejyon spesifik Ozetazini, tankou Nòdès, rejyon Mid-Atlantik, Midwès, oswa Kòt Wès.
Ki Kalite Vwayaj Mwen Ta Dwe Chwazi?
Konpare pri ak tan vwayaj pou avyon, tren, ak otobis ap fè w ekonomize lajan epi ede w planifye. Pafwa yon konbinezon avyon, tren, oswa otobis ka menm pi bon chwa a. Epi sonje, pou jwenn pi bon pri pou vwayaj, li pi bon pou pa tann dènye minit. Si posib, toujou rezève tikè w davans.