Kijan Pou Jwenn Manje Gratis pou Timoun Pandan Vakans Ete
Credit: Maryland GovPics, CC BY 2.0
Gen plizyè fason pou jwenn manje gratis pandan vakans ete pou timoun ki gen laj lekòl, san ou pa bezwen enskri oswa pwouve konbyen lajan ou fè. Men senk resous pou kòmanse chèche:
Pwogram SUN Depatman Agrikilti Etazini (USDA)
Pwogram sa a bay timoun ak jèn yo manje ak ti goute gratis nan zòn ki gen fanmi ki pa gen gwo revni. Pou jwenn yon kote, rele 2-1-1 oswa voye tèks "FOOD" nan 304-304. Ou ka sèvi ak Kat Summer Meals Finder la tou pou chèche kote ki bay manje tou pre w , mete adrès ou oswa kòd postal ou.
Bank Manje (Food Banks)
Gen bank manje toupatou Ozetazini ki bay moun ki nan bezwen manje. Sèvi ak kat Feeding America a pou jwenn pwogram tou pre w.
Lekòl Pitit Ou
Kontakte distri lekòl pitit ou a oswa tcheke sit entènèt yo. Piske plizyè milyon elèv konte sou manje gratis oswa manje pri redui pandan ane lekòl la, lekòl yo souvan gen pwogram manje pandan vakans ete oswa yo ka ede w jwenn resous nan zòn ou.
Òganizasyon Relijye
Gen legliz ak lòt òganizasyon relijye ki ka bay kominote a manje gratis. Kontakte oswa vizite yon òganizasyon relijye tou pre w pou aprann plis.
Eske ou deja resevwa èd manje nan men gouvènman an? Ou ka jwenn plis atravè SUN Bucks
Si w deja enskri nan pwogram tankou SNAP (food stamps) oswa TANF, pitit ou yo ap otomatikman enskri nan SUN Bucks si li disponib kote w rete a. Fanmi ki gen timoun laj lekòl ki kalifye ka resevwa $120 pou chak timoun pou achte manje pandan vakans ete yo. SUN Bucks ka gen yon lòt non selon kote w rete. Si w pa otomatikman enskri, ou ka aplike dirèkteman pou SUN Bucks si w ranpli kondisyon revni ak lòt egzijans yo. Aprann plis lè w vizite sit entènèt USDA a.
Si w bezwen plis èd pou jwenn manje nan zòn ou, kontakte ekip Settle In nan.