Skip to main content

Settle In – Avi sou Règleman Konfidansyalite

RESPÈ KONFIDANSYALITE W

Sit entènèt sa a se International Rescue Committee ("IRC") ki posede l epi jere l. Nou konnen vizitè yo ka enkyete sou enfòmasyon yo bay sou sit la, swa sou entènèt oswa lòt fason, epi sou fason nou itilize enfòmasyon sa yo. Règleman sou Konfidansyalite a eksplike kijan nou jere sa.

IRC respekte vi prive tout moun ki vizite sit entènèt nou an. Tout enfòmasyon sou vizitè yo, tankou non yo, adrès yo, ak nimewo telefòn yo, ap rete konplètman konfidansyèl pou IRC, anplwaye li yo ak volontè yo, sof si donatè yo bay pèmisyon pou pataje enfòmasyon sa yo. IRC pap vann, lwe oswa echanje non vizitè yo, adrès postal yo, adrès imel yo oswa nimewo telefòn yo ak okenn lòt antite.

Si w gen kesyon sou règleman sou konfidansyalite nou an, ou ka kontakte nou nan Settle.In@Rescue.org.

Enfòmasyon IRC kolekte

Sou sit entènèt nou an, nou pa kolekte enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye yon moun sof si moun nan bay li volontèman ak konsyans li. Sa vle di ou pa oblije enskri oswa bay enfòmasyon pou w vizite sit la. IRC sèlman ranmase enfòmasyon pèsonèl tankou non, adrès, kòd postal, adrès imel, elatriye, lè yon vizitè bay li volontèman. Pou kounya, nou pa gen okenn fason pou w soumèt enfòmasyon sa yo volontèman.

Si nan lavni yon vizitè ta kapab soumèt enfòmasyon sa yo volontèman, enfòmasyon sa yo ap disponib pou IRC ak lòt founisè sèvis ki patisipe nan operasyon sit sa a. IRC mande pou tout founisè sèvis twazyèm pati kenbe enfòmasyon pèsonèl yo nan konfidansyalite strik. Pandan nou pa posede oswa kontwole konpayi sa yo, nou kwè yo onèt epi y ap trete enfòmasyon pèsonèl ou avèk responsablite.

Tankou pifò lòt sit entènèt, web entènèt nou an rekonèt otomatikman non domèn chak vizitè sou sit la, men li pa rekonèt adrès imel la. Adrès IP sa a montre ki domèn ou te vizite sou sit la soti (pa egzanp, gmail.com, aol.com, elatriye). Nou itilize enfòmasyon sa a pou ede dyagnostike pwoblèm ak web nou an epi pou amelyore kontni web entènèt nou an. Enfòmasyon sa a pa pataje ak lòt òganizasyon pou rezon komèsyal.

Règleman sou opsyon pou refize (Opt-out)

Si a lavni ou ta kapab ban nou adrès postal, adrès imel oswa nimewo telefòn ou, ou ka resevwa kominikasyon regilye nan men nou ak enfòmasyon sou pwogram ak sèvis nou yo. Si w pa vle resevwa lèt postal, imèl oswa apèl telefònik nan men nou a lavni, tanpri fè nou konnen kote w' ap voye demann sou imel sa: Settle.In@Rescue.org.

Eksepsyon nan règleman pou refize

IRC ka pataje enfòmasyon pèsonèl si lalwa oswa yon otorite regilatè fòse li fè sa. Anplis, nou ka bezwen pataje enfòmasyon pèsonèl nan ka espesyal lè nou gen rezon pou kwè pataj enfòmasyon sa a nesesè pou idantifye, kontakte oswa pran aksyon legal kont yon moun ki ka koze domaj oswa entèfere (kit entansyonèlman oswa pa entansyonèlman) ak dwa oswa pwopriyete IRC, sipòtè IRC yo, oswa nenpòt lòt moun ki ta ka viktim aktivite sa yo.

Koman nou itilize "cookies"

Vizitè yo dwe konnen sit entènèt IRC a ka otomatikman ranmase enfòmasyon ak done ki pa pèsonèl atravè itilizasyon "cookies. Cookies se ti fichye tèks yon sit entènèt ka itilize pou rekonèt vizitè ki retounen, fasilite aksè kontinyèl vizitè yo sou sit la ak itilizasyon li, epi pèmèt sit la swiv konpòtman itilizasyon ak konpile done total ki pral ede amelyore kontni yo.

Cookies yo pa pwogram ki antre nan sistèm yon vizitè pou domaje fichye. An jeneral, cookies yo fonksyone lè yo bay vizitè a yon nimewo inik ki pa gen okenn siyifikasyon deyò sit ki bay li a. Si yon vizitè pa vle enfòmasyon l kolekte atravè itilizasyon cookies, gen yon pwosedi senp nan pifò navigatè ki pèmèt vizitè a refize oswa aksepte fonksyonalite cookie a. Pou plis enfòmasyon sou kijan pou dezaktive cookies, gade nan seksyon "èd" oswa "sipò kliyan" nan aplikasyon navigatè espesifik ou a. IRC itilize teknoloji cookie sèlman pou jwenn enfòmasyon ki pa pèsonèl nan men vizitè sou entènèt li yo pou amelyore eksperyans sou entènèt vizitè yo epi fasilite vizit yo sou sit nou an.

Enfòmasyon Pèsonèl

Règleman Jeneral sou Pwoteksyon Done ('GDPR') se yon règleman Inyon Ewopeyen ki konsène itilizasyon ak tretman enfòmasyon pèsonèl. GDPR aplikab depi 25 me 2018. Nou angaje nou pou trete enfòmasyon ou yo an konfòmite ak GDPR, selon sa ki aplikab.

Nou pral fè efò rezonab pou trete tout enfòmasyon pèsonèl ak sekirite, an liy ak dwa ki espesifye anba GDPR, espesyalman sa yo ki gen rapò ak demann sa yo:

Aksè ak enfòmasyon pèsonèl ou;

Koreksyon enfòmasyon pèsonèl nou kenbe;

Efase enfòmasyon pèsonèl ou;

Restriksyon sou tretman enfòmasyon pèsonèl ou;

Transfè enfòmasyon pèsonèl ou bay yon lòt pati; oswa

Opozisyon sou tretman enfòmasyon pèsonèl ou ki baze sou enterè lejitim IRC (oswa yon twazyèm pati) pou itilize li, si gen yon aspè nan sitiyasyon ou ki fè ou opoze ak tretman sa a.

Nou pral kenbe enfòmasyon ou epi itilize li jan sa dekri nan Règleman sou Konfidansyalite sa a. Nou konsidere IRC gen yon enterè lejitim nan ranmase ak trete enfòmasyon ou yo. IRC reponn a pi gwo kriz imanitè nan mond lan epi ede moun ki lavi yo ak mwayen pou viv yo detwi pa konfli ak dezas pou siviv, rejwenn, epi pran kontwòl sou avni yo epi Pouswiv objektif sa yo pa antre an konfli ak dwa ou. Sa bay baz legal pou nou itilize enfòmasyon pèsonèl ou, nan limit ki fikse nan dokiman sa a.

Sit entènèt sa a pibliye Ozetazini epi li sijè a lwa Etazini yo. Espesyalman, lwa Eta Nouyòk yo gouvène Règleman sou enfòmasyon prive sa a kèlkeswa kote w ye a. Ou dakò ekspresyon ak jiridiksyon eksklizif ak tribinal federal ak leta ki sitiye nan Nouyòk, Nouyòk, pou tout zafè oswa diskisyon ki rive akoz oswa ki gen rapò ak Règleman sou enfòmasyon prive sa a oswa aksè oswa itilizasyon sit entènèt la.

Si w rete nan yon peyi ki pa Ozetazini epi ou pataje enfòmasyon pèsonèl ou volontèman, ou dakò ak itilizasyon jeneral enfòmasyon sa yo jan sa prevwa nan Règleman sou Konfidansyalite sa a epi ak transfè enfòmasyon sa yo nan, ak/oswa depo enfòmasyon sa yo Ozetazini. IRC pa pral responsab nan okenn sikonstans pou domaj ki ka soti nan itilizasyon enfòmasyon ki ranmase nan men vizitè sou sit entènèt sa a. Nou fè konnen ke ou pa gen okenn obligasyon pou divilge okenn enfòmasyon pèsonèl bay IRC si ou pa vle.

Lyen pou lòt sit

Pou bay kèk sèvis ak materyèl, sit entènèt nou an ka pèmèt ou "klike" sou lòt sit entènèt. Règleman sou Konfidansyalite sa a aplike sèlman pou Rescue.org. Li pa aplike pou okenn sit twazyèm pati. IRC pa responsab pou pratik konfidansyalite oswa kontni lòt sit sa yo, menm si non ak logo nou parèt sou ekran an. Nou rekòmande pou w revize règleman sou konfidansyalite sou sit twazyèm pati yo anvan ou itilize nenpòt sèvis oswa pwogram yo ofri.

Lavi prive Timoun yo

IRC kwè tout mezi prekosyon dwe pran pou pwoteje timoun sou entènèt epi li pa mande konsantman timoun ki gen 13 ane oswa mwens pou bay okenn enfòmasyon. Vizitè ki gen 13 ane oswa mwens ta dwe mande èd paran oswa gadyen legal yo lè y ap itilize Rescue.org epi yo pa dwe soumèt okenn enfòmasyon pèsonèl bay IRC.

Chanjman nan Règleman Konfidansyalite

IRC a ka revize Règleman sou Konfidansyalite sa a de tan zan tan san avètisman davans. Kidonk, nou rekòmande pou w Itcheke mizajou sou Règleman sou Konfidansyalite sa a regilyèman. Dènye chanjman yo te fèt 21 Me 2018.

Si w gen nenpòt kesyon sou Règleman sou Konfidansyalite sa a, tanpri kontakte:

International Rescue Committee
122 East 42nd Street
New York, New York 10168-1289
Telefòn: +1 855 9RESCUE (973-7283)
Imel : Settle.In@Rescue.org

Lè ou itilize sit wèb IRC a, ou montre ou dakò ak Règleman sou Konfidansyalite sa a. Anplis, lè ou kontinye itilize sit wèb nou an apre nou fin fè chanjman nan Règleman sou Konfidansyalite sa a, sa vle di ou aksepte chanjman sa yo

Sepandan, ou pa gen okenn obligasyon pou pataje okenn enfòmasyon pèsonèl ak IRC si ou pa vle. Si ou pa santi w alèz ak fason IRC itilize enfòmasyon pèsonèl ou yo, ou toujou ka chwazi pa patisipe oswa deside pa itilize sèvis oswa karakteristik sou sit wèb la ki mande enfòmasyon pèsonèl ou.

Kontni sit wèb la te devlope anba yon akò avèk Biwo Popilasyon, Refijye ak Migrasyon, Depatman Deta Etazini, men yo pa nesesèman reprezante ajans politik sa a e yo pa ta dwe konsidere kòm yon apwobasyon pa Gouvènman Federal la.