Lojman Ozetazini
Asistans pou Lojman
Asistans pou lojman Ozetazini konn gen limit, epitou, ou souvan bezwen rete nan yon list atant pou jwenn li. Pwogram lojman sa yo anjeneral, se ajans gouvènman eta oswa lokal, tankou otorite lojman piblik, epi pafwa kèk Òganizasyon san pwofi. Si ou bezwen èd, ou ka kòmanse pa kontakte otorite lojman piblik lokal, oswa yon òganizasyon kominotè ki sipòte nouvo imigran.
Kalifikasyon pou pwogram asistans lojman yo varye, epitou moun k ap aplike yo dwe satisfè kèk kondisyon revni espesifik pou yo ka kalifye. Si revni ou limite, premye kay ou jwenn Ozetazini ka pa satisfè tout sa ou ta pito nan kay ou a, tankou gwosè kay la pou fanmi ou, kote ki pre travay oswa kominote a, oswa pri abòdab. Avèk tan, lè sitiyasyon ou amelyore, ou ka jwenn posiblite pou chwazi yon kay ki pi byen satisfè bezwen ou yo.
Mèb
Dekore oswa meble yon kay ka difisil, men gen estrateji ak resous ki disponib pou ede nouvo imigran Ozetazini, tankou bank mèb, magazen dezyèm men, mache sou entènèt, ak Òganizasyon. Òganizasyon sa yo ka varye selon vil la, kidonk li enpòtan pou w eksplore opsyon nan zòn ou , pou diminye depans sa a.
Sonje anpil nan premye atik kay ou yo ka dezyèm men. Lè ou gen yon revni ki estab, ou ka chwazi atik ki pi byen adapte ak gou w epi bidjè w
Pri Lojman
Lojman Ozetazini chè, epitou jwenn yon kote pou viv ka difisil. Jeneralman, moun lwe kay oswa apatman.Pri lojman varye anpil daprè: eta, vil, ak katye. Kèlkeswa kote ou rete, lojman kapab depans ki pi gwo chak mwa.
Dwa ak Responsablite nan Lojman
Ozetazini, ni lokatè ak pwopriyetè kay gen dwa ak responsablite. Lè ou lwe yon apatman oswa yon kay, ou dwe siyen yon kontra yo rele lwaye.
Nan kontra lwaye a, ou konsidere kòm lokatè, ou dakò pou lwe pwopriyete a pou yon tan detèmine, peye lwaye ak sèvis piblik alè, epi pran swen pwopriyete a.
An menm tan, ou gen kèk dwa enpòtan kòm lokatè. tankou:
- Dwa pou viv nan yon kay ki sekirize ak abitab
- Dwa pou resevwa avi ekri anvan lwaye a ogmante oswa anvan yo mande w pou soti
- Dwa pou revize ak konprann kontra lwaye ou anvan ou siyen l
- Dwa pou mande reparasyon si gen kondisyon ki danjere oswa ki pa bon pou sante
- Dwa pou yo remèt ou depo garanti w te bay anvan ou te antre nan kay la (aprè dediksyon valab yo)
Dwa pou pwosedi legal anvan yo mete w deyò nan kay la.
Si ou gen kesyon oswa enkyetid, ou ka kontakte otorite lojman nan zòn ou an, biwo èd legal, oswa yon òganizasyon kominotè ki sipòte lokatè.
Responsablite Pwopriyetè Kay
Lwa sou lojman aplike pou pwopriyetè kay la ak lokatè a tou. Pwopriyetè kay yo dwe asire lojman yo satisfè kèk estanda sekirite ak ijyèn pou pwopriyete yo lwe a.
Yo dwe asire sistèm elektrik, plonbri, ak chofaj yo an bon eta. Yo dwe mete detektè lafimen epi asire pa gen rat oswa ensèk nan kay la.
Lwa sou lojman yo di tou, pwopriyetè kay pa ka refize lwe yon kay bay moun sou baz ras , nasyonalite, relijyon, sèks, sitiyasyon fanmi, oswa kondisyon fizik oswa mantal yo.
Demenajman
Si ou deside kite kay la, ou dwe fe mèt kay la konnen davans jan kontra lwaye ou a mande li.
Kase kontra lwaye ou siyen an (kite apatman an anvan peryòd kontra a fini) ka lakoz ou peye yon amann epi li ka fè ou gen move kredi.
Demenajman ka koute chè, kidonk asire w ou gen mwayen pou fè li anvan ou fini kontra lwaye ou.
Lè w al rete nan yon nouvo adrès, li enpòtan pou enfòme gouvènman Ozetazini an ak Sèvis Postal Etazini (USPS). Sa ede asire ou kontinye resevwa lèt enpòtan epi kenbe dosye imigrasyon ou ajou. Si w ap resevwa benefis piblik tankou SNAP oswa Medicaid, ou dwe enfòme ajans leta yo sa tou, lè w ap deplase.
Kijan pou w vin yon bon vwazen
Yon bon vwazen Ozetazini se yon moun ki pran an konsiderasyon moun ki rete bò kote li. Si ou rete nan yon apatman, ou ta dwe kenbe espas ou pataje yo pwòp.
Si ou rete nan yon kay, ou dwe kenbe lakou ou pwòp epi mete fatra deyò sèlman nan jou y ap pase ranmase fatra yo.
Vin yon bon vwazen , vle di kenbe nivo bri a ba nan lannwit pou pa deranje vwazen ou yo.
Genyen yon nouvo kay nan yon nouvo kominote pa fasil, epitou li ka diferan de jan w abitye a. Avèk tan, pasyans, ak sipò, ou ka adapte w ak nouvo anviwònman an epi fè yon kay kote ou santi w an sekirite epi alèz.