Kijan pou notifye Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon (USCIS) sou chanjman adrès ou
A screenshot of the Change of Address page on the USCIS website.
Tout sitwayen ki pa sitwayen ameriken (etranje) oblije notifye Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) de nenpòt chanjman adrès nan lespas 10 jou chak fwa yo demenaje, menm si w ap demenaje nan yon kote tanporè. Li obligatwa pou tout sitwayen ki pa sitwayen ameriken mete adrès fizik ou ajou. Pifò moun ka chanje adrès yo sou entènèt nan de fason:
Si w deja gen yon kont USCIS sou entènèt:
- Konekte sou kont USCIS ou sou entènèt epi mete ansyen adrès ou ajou ak nouvo adrès ou a.
Si w pa gen yon kont USCIS sou entènèt:
Si w pa gen yon kont, ou ka ranpli Fòm AR-11, Kat Chanjman Adrès pou Etranje, lè w vizite paj sa a sou entènèt.
OPSYON 1
- Si w te ranpli yon aplikasyon oswa petisyon imigrasyon ak USCIS epi ou poko resevwa yon desizyon, kat, oswa dokiman, klike sou bwat ki di YES. Lè ou ranpli Fòm AR-11 sou entènèt, l ap chanje adrès ou pou tout aplikasyon, petisyon, oswa demann ou genyen ki poko fini, depi ou mete yo sou fòm lan.
- Nan lis ki parèt la, chwazi nimewo fòm ou te ranpli a (aplikasyon, petisyon, oswa demann), ki kalite fòm li ye, nimewo resi ou te resevwa lè ou te soumèt fòm lan, ak kòd postal ou te mete LÈ OU TE RANPLI FÒM LAN.
- Ranpli non ou ak dat nesans ou.
- Mete ansyen adrès ou ak nouvo adrès ou. Si w rete lakay yon lòt moun, ekri non moun sa a nan bwat ki di C/O. Si adrès pou resevwa lèt la menm ak nouvo adrès ou te deja mete a, tcheke "Mailing address same as new address above" epi klike CONFIRM. Si se yon adrès tanporè, tcheke "Enter Mailing Address When Different From New Address," mete adrès tanporè a, epi klike CONFIRM. Atansyon: Si ou te tcheke "Enter Mailing Address When Different From New Address," pa bliye ranpli yon nouvo fòm chanjman adrès lè ou ka resevwa lèt nan nouvo adrès ou. Lè w ap ranpli nouvo fòm sa a, pa mete non nan C/O epi tcheke "Mailing address same as new address above."
- Mete adrès imèl ou.
- Mete non moun ki te ranpli fòm lan.
- Tape lèt ou wè nan verifikasyon sekirite a.
- Tcheke bwat ki di: "By accepting this electronic signature, the applicant or petitioner, parent or guardian, or legal representative certifies under penalty of perjury that all information provided is true and correct."
- Klike sou bouton SUBMIT.
OPSYON 2
Si ou pa depoze okenn aplikasyon, petisyon, oswa fòm demann ki gen rapò ak imigrasyon nan USCIS, klike sou bouton NON an. Swiv menm enstriksyon ki anwo yo, men yo p ap mande w enfòmasyon sou dosye w la.
ENPÒTAN: Chanje adrès ou ak Sèvis Lapòs Etazini (USPS) p ap chanje adrès ou ak USCIS. Ou dwe chanje adrès ou tou ak Sèvis Lapòs Etazini pou resevwa korespondans enpòtan nan lapòs Etazini. Ou ka fè sa sou entènèt nan sitwèb USPS la.