​​Egzamen Byennèt Fanm yo Pati 1: Kisa yon Egzamen Byennèt ye?

Updated: 12/26/2025
Yon egzamen byennèt pou fanm se yon tchèkòp chak ane pou ede fanm yo rete an sante. Aprann sa li ye epi poukisa li enpòtan nan atik sa a ki gen de pati.

​​Egzamen byennèt fanm yo se yon opòtinite pou revize sante jeneral yon fanm. Sa gen ladan sante fizik, sante mantal, ak sitiyasyon sosyal. Yon egzamen byennèt fanm ka gen ladan yon tchèk wotè ak pwa ou, tansyon ak batman kè ou, yon revizyon vaksen ou yo, ak lòt tès ki baze sou kijan ou santi ou. Egzamen sa yo anjeneral gen ladan yo tou, twa bagay espesifik pou sante yon fanm: yon egzamen tete, yon egzamen basen, ak yon tès Pap (yon tès pou tcheke nenpòt pwoblèm, tankou kansè nan kòl matris). 

​Ozetazini, doktè yo rekòmande pou fanm yo kòmanse fè yon egzamen byennèt fanm chak ane apre yo kòmanse fè sèks oswa lè yo rive nan laj 21 an. Sa ka diferan de sa yo rekòmande oswa pratike nan lòt peyi yo. Rezon ki fè doktè yo rekòmande egzamen byennèt fanm regilye pou tout fanm Ozetazini, kit yo aktif seksyèlman kit yo pa, se paske egzamen sa yo ka detekte pwoblèm sante bonè, lè yo pi fasil pou geri oswa jere. Egzamen sa yo pa sèlman fèt lè ou gen yon pwoblèm medikal, men kòm yon tchèk regilye sou sante jeneral ou. Randevou medikal sa yo ba ou opòtinite tou pou pale ak doktè w sou nenpòt enkyetid ou ka genyen oswa pou poze kesyon konsènan sante fanm, tankou règ ak senyen anòmal, chanjman atitid, doulè entans pandan règ, planifikasyon familyal, ak lòt pwoblèm sante.

​Kalite Founisè Swen Medikal Ozetazini Ki Sipòte Byennèt Fanm

​Bezwen medikal fanm yo jwenn sipò  nan men plizyè kalite founisè medikal diferan Ozetazini. Pandan ke tout founisè medikal sa yo gen konesans sou sante debaz fanm, yo chak gen pwòp espesyalite pa yo tou. Tou depan de bezwen medikal yo, fanm yo ka konsilte ak youn oswa plis nan founisè medikal sa yo. 

  • ​Doktè Swen Prensipal (PCP) yo konnen tou kòm pratikan jeneral, doktè fanmi, entènis, oswa pedyat. Doktè sa yo pran swen yon pakèt pwoblèm sante pou moun tout laj. Pou fanm yo, doktè swen prensipal la se tou doktè ki gen plis chans pou fè yon egzamen byennèt fanm.
  • ​Obstetrisyen/Jinekològ (OB/GYN): Yon obstetrisyen se yon kalite doktè ki sipòte fanm ak tibebe yo pandan gwosès ak akouchman. Yon jinekològ espesyalize nan trete sante repwodiktif fanm yo. Doktè ki espesyalize nan domèn sa yo souvan fè toude, se poutèt sa yo rele yo OB/GYN. OB/GYN yo pran swen fanm depi adolesans rive nan menopoz ak apre.
  • ​Enfimyè Pratiksyen yo se enfimyè ki te resevwa fòmasyon avanse ak diplòm. Yo bay swen prevantif, dyagnostike pwoblèm sante, epi jere tretman pou moun ki anba swen yo. Yo ka travay poukont yo oswa avèk doktè pou bay yon seri konplè sèvis swen sante.
  • ​Fanmsaj yo se founisè swen sante ki sipòte gwosès, akouchman, swen tibebe ki fèk fèt, ak sante apre akouchman. Fanmsaj yo anjeneral pa doktè, byenke gen kèk ki enfimyè. Fanmsaj yo ka travay avèk obstetrisyen ak jinekològ (OB/GYNS) oswa poukont yo.   

Ou ka resevwa swen nan men plizyè founisè diferan Ozetazini. Kèlkeswa kalite founisè w ap resevwa swen nan men l, tout moun Ozetazini gen menm dwa swen sante yo. Pou plis enfòmasyon sou dwa ou kòm yon pasyan Ozetazini, li Dwa ak Responsablite ou nan Sistèm Swen Sante Etazini an

​Pou enfòmasyon detaye, li Pati 2: Ki sa k pase nan yon egzamen byennèt pou yon fanm? 

Was this article helpful?
0
0