Glas ki Kache sou Wout yo Ki sa yo ye epi Poukisa yo Danjere?
Si w janm mache sou glas oswa kondui machin sou glas, ou konnen li glise anpil epi li danjere. Men, gen yon kalite glas sou wout yo ki pi danjere paske ou prèske pa ka wè l ditou. Glas sa a klè nèt, li sanble ak wout la menm w ap kondui sou li a. Se poutèt sa, ou bezwen konnen kilè ak kibò glas sa a ka parèt sou wout yo, pou w ka prepare w pou danje sa a ou souvan pa ka wè a.
Kilè Glas sa a Parèt?
Glas sa a pi souvan parèt lannwit oswa bonè nan maten lè li fè pi frèt.
Kibò Glas sa a Parèt?
Glas sa a pi souvan parèt sou pati wout yo kote solèy pa rive anpil, tankou wout ki anba pyebwa oswa nan tinèl. Li parèt pi souvan tou sou wout ki pa gen anpil trafik. Glas sa a fòme pi vit sou pon yo, sou wout ki anlè, ak sou wout ki anba yo paske lè a jele pi vit sou pati sa yo.
Ki Siy Glas sa a?
Glas sa a difisil anpil pou wè sou wout la. Men, pafwa ou ka wè l nan sèten limyè bonè, pandan lajounen, oswa aswè. Si wout la sanble nòmal, men ou wè yon ti kote devan ki gen reflè, sa kapab glas sa a. Si w wè machin yo ap devire san rezon sou wout la, sa vle di gen glas sa a.
Sa pou w Fè si w Rankontre Glas sa a
Bagay ki pi enpòtan pou w fè si w santi w ap glise sou glas sa a, se pou w rete kalm. Imedyatman, retire pye w nèt sou gaz la men pa peze fren yo, sa ap fè machin nan glise pi mal. Eseye kenbe volan an dwat, men si w santi dèyè machin nan ap glise, vire volan an tou dousman nan menm direksyon machin nan ap glise a. Si w vire volan an nan lòt bò pandan w ap glise oswa si w vire volan an twòp, machin ou an ka tounen epi ou pèdi kontwòl. Si w gen machin ak vitès manyèl, ou ka eseye mete yon vitès pi ba, sa ap ba w plis kontwòl.
Glas sa a difisil pou wè epi anpil fwa li soti pa plak. Si w tonbe sou glas sa a epi ou wè kote ki gen nèj oswa sab, eseye deplase machin nan ale bò kote sa yo pou w ka pran kontwòl ankò. Si w wè w pral soti nan wout la, eseye dirije machin nan ale nan yon kote ki pa pral domaje l twòp.
Aprè w rankontre glas sa a, rete kalm epi si w kapab, tann kondisyon yo vin pi an sekirite tankou lè tanperati a monte pi wo pase zewo oswa tann ekip yo mete sab oswa sèl sou wout yo. Si w dwe kontinye kondui, kondui dousman epi limen flach danje yo pou avèti lòt chofè yo ou p ap kondui nan vitès nòmal akoz danje a.
Lòt Prekosyon Jeneral pou Pran lè w ap Kondui nan Kondisyon kote Glas sa a Ka Parèt
- Si w kapab, pa kondui si se pa nesesè lè li fè frèt konsa.
- Kondui dousman. Sa ap ba w pi plis kontwòl si w rankontre glas sa a oswa lòt kondisyon danjere.
- Bay machin ki devan an anpil espas.
- Asire w tout vit machin nan pwòp pandan w ap kondui.
- Limen limyè machin nan pandan lajounen pou ede w wè nenpòt refleksyon ki se glas sa a.