Skip to main content

Settle In Tèm Itilizasyon Sit Wèb

Tèm Itilizasyon

Komite Sekou Entènasyonal la (IRC) jere sit wèb sa a (https://settleinus.org) pou ba ou enfòmasyon sou travay nou epi pou pèmèt ou kominike avèk nou sou entènèt. Aksè ak itilizasyon sit wèb IRC a, lyen ki mennen nan sit wèb IRC a, ansanm ak telechajman materyèl ak kontni IRC yo, sijè a tèm ak kondisyon ki anba yo jan yo endike nan Tèm Itilizasyon sa a. Si ou pa aksepte Tèm Itilizasyon an nan tout li, ou pa ka aksede oswa itilize sit wèb IRC a, lyen ki mennen nan sit wèb IRC a, oswa telechaje nenpòt materyèl oswa kontni IRC soti nan sit wèb la. Tanpri sonje ke IRC rezève dwa pou modifye oswa chanje Tèm Itilizasyon sa a nenpòt ki lè, pou nenpòt rezon, san avètisman. Ou rekonèt epi dakò ke ou responsab pou w rete enfòme sou nenpòt chanjman konsa.

ITILIZASYON SIT WÈB IRC A KONSTITYE AKÒ OU AK TÈM AK KONDISYON KI ENDİKE NAN TÈM ITILIZASYON SA A AK NAN TÈM AK KONDISYON KÈK LOT KI KA ENDİKE NAN LÒT PATI NAN SIT WÈB IRC A.

PWOPRIYETE ENTÈLEKTYÈL AK DWA MAK KOMÈS

Ou rekonèt epi dakò IRC se sèl pwopriyetè non IRC a, logo a, ak lòt mak komès ak sèvis IRC anrejistre ('Mak IRC yo'), ansanm ak materyèl ak kontni IRC yo ki sou sit wèb IRC a

LISANS LIMITE

Lè w mete yon lyen ak sitwèb IRC oswa lè w telechaje materyèl ak kontni IRC , ou dakò pou w respekte tèm ak kondisyon ki prezante pi ba a:

ITILIZASYON

Ou konprann ou pa gen dwa itilize logo IRC la (agoch) kòm yon lyen, men ou ka mete yon lyen ak IRC lè w sèvi ak youn nan banyè ak lyen IRC apwouve yo, toutotan w respekte tèm ak kondisyon Règleman Itilizasyon sa a. Espesyalman, ou rekonèt ou pa gen dwa itilize logo IRC a sou okenn lòt sitwèb oswa sou rezo sosyal tankou Facebook oswa YouTube.

Ou rekonèt epi ou dakò ou ka sèlman itilize banyè ak lyen IRC apwouve yo epi/oswa materyèl oswa kontni IRC ki la pou rezon edikasyon.

Ou rekonèt epi ou dakò lè w ap itilize nenpòt banyè ak lyen IRC apwouve yo epi/oswa materyèl oswa kontni IRC ki gen Mak IRC yo, ou pa gen dwa melanje yo ak okenn lòt eleman grafik; ni ou pa gen dwa modifye yo nan nenpòt fason, sa vle di gwosè, pwopòsyon, karaktè, konsepsyon, aranjman, koulè oswa eleman; ni ou pa gen dwa anime yo, transfòme yo oswa defòme yo nan pèspektiv oswa nan aparans.

Ou rekonèt epi ou dakò ou pa gen dwa eksplwate materyèl oswa kontni IRC yo epi/oswa banyè ak lyen IRC apwouve yo.

Ou dakò ou p ap itilize materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè ak lyen IRC pou rezon ki vyole lalwa nenpòt eta, peyi oswa lòt jiridiksyon, san limit tout lwa ki gen rapò ak dwa dotè ak mak komèsyal.

Ou rekonèt epi ou dakò ke ou pa gen dwa bay fo enfòmasyon sou relasyon w ak IRC.

Itilizasyon w fè ak materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè ak lyen IRC apwouve yo pa dwe endike oswa kreye yon enpresyon IRC sipòte, apwouve, patwone oswa afilye ak pwodui w yo, machandiz ou yo, materyèl oswa sitwèb.

Itilizasyon w fè ak materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè oswa lyen IRC apwouve yo pa dwe endike oswa kreye yon enpresyon IRC lap benefisye nan vant nenpòt machandiz oswa sèvis.

Itilizasyon w fè ak materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè oswa lyen IRC apwouve yo pa dwe itilize nan nenpòt fason ki kapab simen konfizyon, twonpe, oswa bay piblik la fo enfòmasyon, oswa ki ka nwi enterè IRC.

Ou rekonèt epi ou dakò ou pa gen dwa itilize materyèl ak kontni IRC yo epi/oswa banyè oswa lyen IRC la apwouve yo nan nenpòt fason IRC jwenn, selon pwòp desizyon li, ki pa akseptab oswa ki gen kontni oswa materyèl obsèn, vyolan, entoleran, ki pa gen gou, denigran oswa ki gen oryantasyon seksyèl. Espesyalman, banyè ak lyen IRC apwouve yo pa dwe parèt sou okenn paj nan okenn sitwèb ki gen kontni oswa piblisite pou bwason alkòl, tabak, pònografi, materyèl relijye, materyèl patizan, materyèl politik oswa zam.

REVOKASYON

IRC ka revoke dwa w genyen pou itilize materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè ak lyen IRC nenpòt lè, avèk oswa san rezon. Lè w resevwa avi revokasyon an, ou dwe sispann imedyatman tout itilizasyon materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè ak lyen IRC apwouve yo. IRC gen dwa chèche aksyon legal apwopriye pou sispann nenpòt itilizasyon materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè ak lyen IRC nan ka IRC detèmine itilizasyon w ap fè a pa konfòme ak okenn tèm ak kondisyon Règleman Itilizasyon sa a oswa jan yo bay li nan lòt kote sou sitwèb la; vyole nenpòt dwa pwopyete entelektyèl oswa lòt dwa IRC oswa yon twazyèm pati, afekte imaj IRC, reputasyon li oswa sèvis oswa pwogram li yo nan yon move fason, vyole nenpòt lwa, règleman oswa òdonans ki aplikab, epi/oswa se yon aktivite ki entèdi.

CHWAZI LWA ; JIRIDIKSYON

Règleman Itilizasyon se lwa Eta New York k ap gouvène l epi yo ap entèprete li dapre lwa Eta New York, san yo pa pran an konsiderasyon dispozisyon konfli lwa eta oswa peyi kote w rete a. Nenpòt reklamasyon, pwosedi legal oswa lit ki soti nan sa a dwe pote sèlman nan Konte New York, Eta New York, epi ou aksepte jiridiksyon tribinal sa yo.

REMÈD

Tanpri, konnen vyolasyon dwa dotè, mak komès, oswa lòt dwa pwopyete entelektyèl IRC ka soumèt ou a penalite sivil ak kriminèl.

ENDEMNITIZASYON/DEDOMAJMAN

Ou dakò pou w dedomaje epi pwoteje IRC kont tout domaj ki soti nan itilizasyon move epi/oswa ki pa kòrèk w fè ak sitwèb IRC, materyèl ak kontni IRC, epi/oswa banyè ak lyen IRC apwouve yo.

EKSKLIZYON GARANTI/ PA GEN GARANTI

IRC pa bay okenn garanti, reprezantasyon oswa deklarasyon, dirèk oswa endirèk, konsènan materyèl ak kontni ki sou sitwèb li a, ki gen ladan Mak li yo, epi li refize tout garanti ki ta ka enplike pa lwa. Itilizasyon materyèl ak kontni IRC epi/oswa banyè ak lyen IRC apwouve yo se sèlman sou risk pa w.

Yo devlope kontni sitwèb la anba yon akò ak Biro Popilasyon, Refijye ak Migrasyon, Depatman Deta Etazini, men li pa nesesèman reprezante politik ajans sa a epi ou pa dwe kwè ke Gouvènman Federal apwouve li.