Lalwa Etazini: Dwa Premye Amandman an
Etazini d'Amerik te etabli an 1776 pandan yon lagè revolisyonè kont Grann Bretay ki te dirije peyi a tankou anpil koloni depi lane 1600 yo. Apre endepandans, koloni yo te vin tounen eta epi reprezantan ki soti nan chak eta te ekri Konstitisyon Etazini an ki te etabli nouvo lwa nasyon an. Pou Konstitisyon an te antre an vigè, chak eta te dwe aksepte li atravè ratifikasyon.
Ratifikasyon nouvo Konstitisyon an te yon gwo sijè deba, e menm si li te fini pa reyisi, chak eta te gen yon lis long chanjman yo te vle pote nan dokiman an. Pifò nan chanjman sa yo te konsène pwoteksyon dwa moun kont nenpòt fòm tirani gouvènman an. Nan tout pwopozisyon yo, yo te ajoute dis ladan yo nan Konstitisyon an kòm Amandman an 1791. Dis premye amandman sa yo rele yo Deklarasyon Dwa yo. Plis amandman te ajoute pita. Menm si pwosesis la te konplike, sa te montre Konstitisyon an te kapab modifye ankò alavni.
Premye Amandman
Premye Amandman an di gouvènman an pa ka entèdi yon moun pratike relijyon li libman, kèlkeswa relijyon sa a. Li entèdi tou gouvènman an mete restriksyon sou libète lapawòl, libète laprès, ak dwa pèp la pou rasanble pasifikman epi pou fè petisyon bay gouvènman an. Anplis de sa, Premye Amandman an entèdi gouvènman an "etabli yon relijyon", ki vle di gouvènman an pa ka ankouraje, andose, oswa siprime okenn relijyon.
Senk Libète yo
Libète Relijyon
Li pèmèt moun adore selon pwòp kwayans relijye yo san entèferans gouvènman an. Libète sa a pwoteje tou dwa yon moun ki pa kwè nan okenn relijyon, menm pou moun ki pa kwè nan okenn Bondye.
Libète Lapawòl
pwoteje dwa yon moun pou l eksprime opinyon l piblikman menm si se yon kritik pou gouvènman an. Li gen ladann l tou diskou senbolik tankou mete yon mayo ak yon slogan sou ou oubyen mete yon pankat devan kay ou.
Libète Laprès
pwoteje jounalis ak òganizasyon nouvèl yo kont sansi gouvènman an.
Libète pou rasanble Trankilman
pèmèt moun rasanble nan espas piblik epi eksprime opinyon yo ansanm depi yo fè sa pasifikman.
Libète pou fè Petisyon bay Gouvènman an
pèmèt moun oswa gwoup yo mande fòmèlman pou gouvènman lokal, eta, oswa nasyonal la adrese yon plent oswa yon enjistis ki byen eksprime lè yo fè chanjman nan lwa oswa règleman ki deja egziste yo.
Limitasyon Premye Amannman ak Lwa Eta yo
Gen kèk eksepsyon enpòtan nan libète ki pwoteje anba Premye Amandman an. Li ilegal pou fè menas, pou ankouraje vyolans imedya, oswa pou pwopoze ranvèsman vyolan gouvènman an. Gouvènman an ka mande pèmi pou rasanbleman epi mete limit sou lè ak kote gwo rasanbleman yo pou jere trafik epi anpeche dezòd piblik. Genyen tou kèk restriksyon ki gen rapò ak obsenite ak pònografi. Libète relijyon pa nesesèman pwoteje pratik lalwa entèdi pou pwoteje moun, tankou koupe pati jenital fi ki se yon bagay ilegal Ozetazini.
Entèpretasyon dwa Premye Amandman an pafwa mennen nan diskisyon ki dwe rezoud nan tribinal. Lwa konsènan libète ekspresyon ak relijyon yo diferan yon ti jan de yon eta a yon lòt, men yo tout oblije konfòme yo avèk Premye Amandman an. Lakou Siprèm Etazini an ka deside si yon lwa eta vyole Premye Amandman an, epi si se ka sa, eta a oblije chanje lwa a. Li enpòtan pou w konnen epi konprann lwa eta kote w ap viv la pou w ka konnen kijan yo ka pwoteje w epi pou w ka aplike yo.