Could not retrieve the oEmbed resource.
Konsènan Settle In
Zanmi Dijital Ou pou Ede W Viv Ozetazini
Settle In, ranfòse kapasite nouvo imigran ki fèk rive yo pou ka pran pye Ozetazini san pwoblèm. Li ba yo enfòmasyon yo ka fè konfyans nan lang yo pale, epi ki respekte kilti pa yo.
Resous Nou Yo
Kijan nou ka ede w?
Image
Nouvo Ozetazini?
Si ou fèk rive, ou ka gen kesyon sou lavi chak jou, sèvis yo, ak kijan pou kòmanse. Settle In bay resous oryantasyon kiltirèl serye pou ede w navige nan nouvo kominote w la avèk konfyans.
Image
Lavi Ozetazini
Kit ou bezwen èd pou jwenn yon travay, pou konprann nouvo katye w la, oswa ou vle konnen plis bagay sou lavi Ozetazini, Settle In gen enfòmasyon ou bezwen pou rive nan otosifizans ou nan nouvo kominote w la.
Image
Jwenn Enfòmasyon Egzak
Settle In bay plizyè santèn resous pou ede w navige pwosesis reyentegrasyon ak lavi Ozetazini. Jwenn aksè nan evènman an dirèk, resous, epi resevwa sipò pou kesyon w yo.