Egzijans Vaksen pou Timoun ki Lekòl Ozetazini
Updated: 1/8/2026
Li enpòtan pou ou konnen egzijans eta ou a pou pitit ou yo ka ale lekòl.
Image
Chak eta Ozetazini egzije pou timoun pran vaksen kont sèten maladi kontajye pou yo ka ale lekòl. Pitit ou p ap ka ale lekòl san yon sètifika medikal ki montre yo pran vaksen epi yo ajou ak rapèl kont maladi eta kote w rete a egzije yo.
Menmsi egzijans vaksen yo varye selon kote w ye, pifò eta Ozetazini egzije vaksen sa yo pou enskri elèv depi jadendanfan rive nan klas 12yèm ane:
- Polyo
- MMR (Lawoujòl, Malmouton, ak Ribeyòl)
- Varisèl
- DTaP (Difteri, Tetanòs, ak Koklich)
Selon eta oswa vil kote w vle enskri pitit ou lekòl la, yo ka mande lòt vaksen tou.
Pou aprann plis sou vaksen ki obligatwa pou enskripsyon lekòl oswa si gen resous vaksen gratis oswa ki pa chè nan zòn ou a, voye yon mesaj pou nou Settle In.