Achte yon kay Ozetazini

Updated: 12/19/2025
Eske w ap panse pou achte yon kay Ozetazini men ou pa sèten ki kote pou w kòmanse? Atik sa a detaye faktè finansye ki enpòtan yo, avantaj ak dezavantaj lwe oswa posede yon kay, epi pwogram gouvènman ki itil pou gide w nan pwosesis pran desizyon avèk "konfyans".
Image
A family of four is standing in front of a home that has a sold sign on the front gate.

Gen avantaj lè w posede pwòp kay ou oswa apatman ou Ozetazini. Objektif alontèm ou, sitiyasyon travay ou, bidjè ou, nivo ekonomi ak dèt ou, kapasite pou jwenn yon prè, epi sitou kote ou vle rete a pral faktè enpòtan nan desizyon w ap pran pou w achte oswa lwe yon kay. Ann eksplore pwopriyetè kay Ozetazini. 

Prè Pou Achte Kay

Sof si w ap achte yon kay ak lajan kach, w ap bezwen yo apwouve w pou yon prè yo rele ipotèk nan yon bank. Bank la ap deside montan maksimòm yo vle prete w la selon revni w, nòt kredi w, ekonomi w, dèt ou ak byen w yo. Nan pifò ka yo, w ap bezwen fè yon peman inisyal (yon pousantaj nan pri acha kay la). Si yo apwouve l, bank la ap prete w rès lajan an pou achte kay la. W ap remèt bank la chak mwa ak enterè pou tout dire prè a (Ozetazini, yon ipotèk 30 ane se kalite prè kay ki pi komen). Li enpòtan pou w sonje  pi piti peman inisyal ou a, se pi gwo peman prè mansyèl ou a ap ye. Epi si peman inisyal ou a mwens pase 20%, gen plis chans pou w oblije achte yon asirans ipotèk prive (PMI) kòm garanti pou prè a. Si yo apwouve prè a, w ap peye bank la tou sa yo rele frè fèmen tranzaksyon an. Frè fèmen tranzaksyon an ka varye ant 3% ak 5% nan montan prè a.

Si w reyisi achte yon kay ak yon ipotèk, peman mansyèl ou a ap gen ladan taks pwopriyete kay la ak asirans pwopriyetè kay la ki souvan ogmante chak ane. Apre ou fin achte kay la, selon kalite kay la (apatman oswa kay), ou pral responsab tou pou lòt depans tankou frè asosyasyon pwopriyetè kay, sèvis piblik, ranmase fatra, dlo ak egou. Ou pral oblije peye pou reparasyon ak antretyen tout sistèm ki kenbe kay la ap fonksyone. Gwo reparasyon ka koute plizyè milye dola. Ou ta dwe konprann epi konsidere tout depans adisyonèl sa yo anvan ou deside achte yon kay. Si ou pran reta sou prè ou epi ou rate peman yo, bank lan ka evantyèlman pran kay la nan men ou, epi envestisman ou an ap pèdi. Sa rele sezi epi li pral afekte tou nòt kredi ou ak kapasite  pou jwenn prè nan lavni. Se poutèt sa, li esansyèl lè w ap achte yon kay, ou gen yon plan finansye , epi ou gen konfyans nan fiti prè a ak ou pral   touche ase lajan pou peye tout depans mansyèl ou yo epi peye pou antretyen pwopriyete a.

Eske mwen ta dwe lwe oswa achte yon kay?

Gen avantaj ak dezavantaj pou konsidere lè w deside lwe oswa achte yon kay. Si  w posede yon kay epi ou peye prè ou ak depans ou chak mwa, ou pral gen yon kote ki estab pou ou rete. Lè ou lwe yon kay, ou ka oblije demenaje si lwaye a ogmante, si kontra-lwaye ou pa renouvle, oswa si pwopriyetè a deside vann pwopriyete a. Yon lòt avantaj pou posede yon kay Ozetazini se kpifò prè kay tradisyonèl yo gen yon "to enterè fiks," ki vle di ke kantite lajan peman prè mansyèl ou a pap chanje si ou jwenn kalite prè sa a. Epitou, lè  posede yon kay epi ou kòmanse peye prè ou a, ou kòmanse gen yon pousantaj pwopriyetè nan kay la ki pi plis (yo rele sa ekite). Si ou deside vann li, ou pral jwenn yon pi gwo kantite lajan nan pri lavant total la ou ka itilize pou pwochen sitiyasyon lojman ou.

Lè w ap lwe yon kay, ou p ap bezwen yon gwo sòm lajan tankou lè w ap achte yon kay. W ap bezwen jwenn apwobasyon pou yon prè nan men yon bank, sa ki ka pran plizyè semèn oswa menm plizyè mwa. W ap gen plis fleksibilite si ou bezwen demenaje yon lòt kote. Ou p ap peye taks sou pwopriyete epi ou p ap responsab pou pri reparasyon ak antretyen yo tou.

Men kèk faktè enpòtan pou konsidere lè w ap deside lwe oswa achte yon kay:

  • Pri acha kay konpare ak pri lokasyon nan kote ou chwazi pou viv la
  • Disponibilite kay ki pou vann konpare ak kay pou lwe nan kote ou chwazi pou viv la
  • To enterè ak kalite pèman kay la
  • Konbyen peman inisyal, peman prè mansyèl ak frè fèmti ou kapab peye
  • Elijibilite  w pou yon prè ak enterè ki ba ki ka mande sèlman yon ti peman inisyal
  • Pri acha kay konpare ak pri lokasyon nan kote w chwazi pou viv la
  • Disponibilite kay ki pou vann konpare ak kay pou lwe nan kote ou chwazi pou viv la
  • To enterè ak kalite ipotèk
  • Konbyen peman inisyal, peman prè mansyèl ak frè fèmti ou kapab peye
  • Elijibilite ou pou yon prè ak enterè ki ba ki ka mande sèlman yon ti peman inisyal
  • Konbyen tan ou prevwa rete nan kay la

Pou yon ide jeneral sou pri pou lwe yon kay kont achte yon kay, eseye itilize yon kalkilatris lokasyon kont achte.

Pwogram Asistans pou Prè Lojman Gouvènman an

Men kèk pwogram prè gouvènman ak leta ameriken ki ede achtè ki gen ti revni achte kay:

  • Federal Housing Administration (FHA) loans Ede  moun achtè ki kalifye ki gen ekonomi limite oswa ki gen pi ba nòt kredi pou yo jwenn yon prè nan yon bank avèk yon ti peman inisyal ak to enterè ki ba. Tout prè FHA yo mande asirans ipotèk prive (PMI). Montan asirans lan ap depann de montan peman inisyal la.
  • Prè Depatman Agrikilti Etazini (USDA) yo soti nan men kreditè lokal yo epi gouvènman ameriken an asire yo. Prè sa yo ofri to enterè ki ba epi yo pa bezwen peye davans pou kay ki nan vil ak zòn riral ki kalifye yo. Gen yon kalite prè USDA espesyal ki fèt espesyalman pou aplikan ki gen ti revni ki pa gen yon lojman ki an sekirite oswa ki pa ka jwenn aksè a yon prè ipotèk tradisyonèl. Prè USDA yo pa bezwen asirans ipotèk prive (PMI).

Chak eta gen yon Ajans Finansman Lojman (HFA) ki bay finansman espesyal pou achtè ki gen pa touche gwo lajan   pou ede yo achte kay ki pa chè. Sèvi ak resous sa a pou jwenn yon HFA nan eta ou ye a.

Sèvis Konsèy Lojman

Si w bezwen èd pou pran yon desizyon sou achte yon kay, gen yon rezo ajans ki bay konsèy atravè tout peyi a ki ede konsomatè yo atravè Etazini lè yo ba yo repons yo bezwen pou yo pran desizyon lojman ki byen enfòme. Sèvi ak resous sa a pou jwenn yon ajans ki bay konsèy nan eta w la ki gen apwobasyon Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (HUD).

Was this article helpful?
0
0