Sis Fason pou Jwenn Asirans Sante oswa Swen Sante ki Koute Mwens: Yon Gid pou Nouvo Imigran yo
Ozetazini, asirans sante ede peye depans swen medikal yo. Ou ka jwenn asirans sante atravè yon pwogram gouvènman an, travay ou oswa yon plan asirans prive. Gen kèk klinik sante ki ka ofri swen gratis oswa swen ki koute mwens kòb pou moun ki pa gen asirans.
Si ou pa kalifye pou Medicaid oswa Pwogram Asirans Sante pou Timoun (CHIP), oswa si asirans sante ou fini, gen lòt opsyon ou ka konsidere pou jwenn asirans sante oswa swen medikal ki koute mwens kòb. Opsyon ki disponib pou ou yo depann de estati imigrasyon ou, revni ou, laj ou, kantite moun ki nan fanmi ou, travay ou ak eta kote w ap viv la.
Si w gen Medicaid oswa CHIP kounye a, ajans Medicaid oswa CHIP nan eta kote w ap viv la dwe revize si w toujou kalifye pou pwogram nan epi voye yon avi ba ou anvan li chanje oswa mete fen nan kouvèti asirans ou. Asire w ajans lan gen enfòmasyon kontak ou ki ajou, epi reponn nenpòt avi anvan dat limit ki nan avi a. Pou jwenn plis enfòmasyon, li Chanjman nan Medicaid ak CHIP: Yon Gid pou Nouvo Imigran yo.
Gid sa a prezante sis opsyon pou jwenn asirans sante oswa diminye depans swen medikal yo. Règ yo varye selon eta kote w ap viv la, epi yo ka gen efè diferan sou chak moun. Mande yon konseye ki ede moun jwenn asirans sante ou ka fè konfyans oswa yon òganizasyon ki bay sèvis pou ede imigran ki fèk rive etabli yo pou konnen ki opsyon ki disponib pou ou. Konseye ki ede moun jwenn asirans sante yo resevwa fòmasyon pou esplike w diferan opsyon asirans sante ou genyen epi ede w ranpli aplikasyon an gratis.
1. Asistans Medikal pou Refijye yo
Pwogram Asistans Medikal pou Refijye yo, yo rele RMA tou, bay kèk nouvo imigran yon kouvèti asirans sante pou yon ti tan. Ou ka kalifye si ou elijib pou resevwa sèvis nan men Biwo Reyentegrasyon Refijye yo (ORR), ou pa kalifye pou Medicaid, epi ou toujou nan peryòd kote ou ka resevwa RMA.
Kouvèti RMA a ka disponib pou jiska 12 mwa apati de dat ou kalifye pou resevwa avantaj ORR yo, sa depann de dat ou te kalifye a ak si ou ranpli lòt kondisyon pou pwogram nan.
Pwosesis pou aplike a pa menm nan tout eta yo. Kontakte òganizasyon k ap ede w nan pwosesis reyentegrasyon an oswa kowòdonatè sante pou refijye nan eta w la pou w konnen ki kote ak kijan pou w aplike. Mande ki dokiman w ap bezwen epi si ou dwe aplike pou Medicaid anvan. Aplike pi vit posib, paske RMA disponib sèlman pou yon tan limite.
Mande òganizasyon ki ede w nan pwosesis reyentegrasyon an oswa pwogram sante pou refijye nan eta kote w ap viv la:
- Èske mwen kalifye pou RMA?
- Kilè peryòd kalifikasyon mwen an kòmanse epi kilè li fini?
- Ki doktè, medikaman ak sèvis sante pwogram nan kouvri?
2. Medicaid oswa CHIP pou timoun ak fanm ansent
Menm si yon granmoun nan fanmi w pèdi Medicaid, yon timoun oswa yon fanmi ki ansent ka toujou kalifye pou Medicaid oswa CHIP. Kondisyon pou kalifye yo ak non pwogram yo varye selon eta kote w ap viv la.
Kontakte ajans Medicaid oswa CHIP nan eta kote w ap viv la pou mande si eta kote w ap viv la ofri kouvèti asirans sante pou timoun oswa fanm ansent ki gen estati imigrasyon legal atravè yon opsyon ki rele CHIPRA 214, epi pou konnen kijan pou w aplike. Gade ki eta ki ofri kouvèti sa a sou Medicaid.gov.
3. Asirans sante atravè travay
Anplwayè ou a, oswa anplwayè mari oswa madanm ou oubyen paran ou, ka ofri asirans sante. Mande anplwayè a oswa depatman resous imèn (HR) li a:
- Konbyen kòb y ap retire sou chak chèk salè mwen pou peye pou plan asirans sante a?
- Ki kantite lajan mwen dwe peye anvan asirans lan kòmanse kouvri anpil nan sèvis medikal yo (franchiz)?
- Èske m ap kapab kontinye al kay doktè mwen abitye wè yo, epi èske plan an kouvri medikaman mwen yo?
- Kilè m ap kapab enskri si mwen pèdi Medicaid oswa CHIP?
- Kilè nouvo kouvèti asirans sante a ap kòmanse?
Lè ou pèdi Medicaid oswa CHIP, sa ka ba ou yon ti tan pou w enskri nan plan asirans sante anplwayè ou ofri a. Se poutèt sa, kontakte anplwayè a depi ou resevwa yon avi ki fè w konnen kouvèti asirans ou an pral fini.
4. Plan asirans sante atravè Marketplace la
Marketplace la se yon platfòm kote ou ka konpare diferan plan asirans sante prive epi achte youn sou entènèt. Pifò eta itilize HealthCare.gov; gen kèk eta ki gen pwòp platfòm Marketplace pa yo.
Estati imigrasyon ou ka pèmèt ou achte yon plan asirans sante atravè Marketplace la. Apati 1ye janvye 2027, kondisyon kalifikasyon pou èd finansyè gouvènman federal la bay pou ede peye yon plan asirans sante atravè Marketplace la pral chanje pou kèk moun ki pa sitwayen ameriken. Si w kalifye pou èd sa a ap depann de estati imigrasyon ou, revni fanmi w ak lòt sikonstans ki konsène w.
Ranpli yon aplikasyon oswa pale ak yon konseye ki ede moun jwenn asirans sante pou w konnen ki kondisyon ki aplikab pou ou. Jwenn èd toupre w nan sitwèb HealthCare.gov pou jwenn èd nan zòn kote w ap viv la.
Si ou pèdi Medicaid oswa CHIP, ou ka gen dwa enskri nan yon plan asirans sante atravè Marketplace la menm si peryòd enskripsyon nòmal la fini. Yo rele sa yon Peryòd Espesyal pou Enskripsyon. Aplike pi vit posib pou ede w evite rete san kouvèti asirans sante.
Pou jwenn èd, vizite HealthCare.gov oswa rele1-800-318-2596 (TTY: 1-855-889-4325). Sèvis asistans nan lang ou prefere a disponib gratis.
5. Sant sante kominotè ak lòt klinik ki ofri swen medikal nan pri redui
Ou ka jwenn swen medikal gratis oswa a pri redui menm si ou pa gen asirans sante. Sant sante kominotè yo ofri sèvis tankou egzamen medikal jeneral, tretman pou pwoblèm sante ki komen ak swen prevantif pou ede anpeche maladi. Yo ka diminye frè sèvis yo selon revni ou ak kantite moun ki nan fanmi ou.
Jwenn yon sant sante kominotè ki toupre w sou sitwèb sa zouti HRSA pou jwenn yon sant sante. Ou ka chèche tou yon klinik gratis oswa yon klinik charitab sou siwèb sa Asosyasyon Nasyonal Klinik Gratis ak Klinik Charitab yo .
Kominote kote w ap viv la ka genyen tou:Klinik sante piblik nan sektè oswa nan vil la
- Klinik ki baze sou lafwa
- Klinik mobil
- Pwogram lopital ki ka diminye oswa pran an chaj depans swen medikal yoPwogram ki ofri sèvis dantè, swen pou je, swen pandan gwosès, swen sante mantal oswa medikaman sou preskripsyon a pri redui oswa gratis
Ou ka rele 211 tou oswa chèche biro sèvis 211 nan zòn kote w ap viv la sou entènèt. pou mande enfòmasyon sou klinik kominotè ak lòt resous swen sante ki toupre w.
Anvan ou pran yon randevou, mande si klinik la ka diminye depans swen medikal ou yo oswa ofri lòt fòm asistans finansyè, epi mande ki dokiman ou dwe pote.
6. Asistans pou peye medikaman sou preskripsyon
Si yon medikaman koute twòp kòb, fè doktè ou oswa famasyen an konnen sa. Mande si:
- Si gen yon vèsyon medikaman an ki koute mwens chè, yo rele l medikaman jenerik, ki disponib.
- Si klinik la oswa famasi a gen yon pwogram ki ka ede peye medikaman an.
- Si konpayi ki fabrike medikaman an ofri yon pwogram pou ede peye depans medikaman an.
- Si yon kat rabè pou medikaman sou preskripsyon ka ede w peye mwens lè w ap achte medikaman an san asirans.
E si mwen bezwen swen medikal ann ijans?
Rele 911 oswa ale nan sal ijans yon lopital si w ap fè fas ak yon ijans medikal ki menase lavi w. Pa pran tan pou pran swen medikal ijans aplike pou Medicaid Ijans.
Gen kèk moun ki pa ka jwenn Medicaid konplè akoz estati imigrasyon yo ki ka kalifye pou Medicaid Ijans. Pou w kalifye, ou dwe ranpli lòt kondisyon eta kote w ap viv la, tankou kondisyon ki gen rapò ak revni ak rezidans. Medicaid Ijans kouvri sèlman kèk kalite swen medikal ann ijans. Mande lopital la oswa
ajans Medicaid nan eta kote w ap viv la pou konnen kijan ak ki lè pou w aplike, epi ki kalite swen medikal pwogram nan ka kouvri.
Ou toujou gen lòt opsyon
Si kouvèti Medicaid oswa CHIP ou fini, ou ka kalifye pou yon lòt kalite asirans sante oswa pou swen medikal ki koute mwens kòb. Kòmanse chèche lòt opsyon depi ou resevwa yon avi ki fè w konnen kouvèti asirans ou pral fini. Yon konseye ki ede moun jwenn asirans sante, yon òganizasyon ki ede imigran nan pwosesis reyentegrasyon an oswa yon ajans leta ka ede w konprann opsyon ou genyen yo epi aplike.
Atik sa a bay enfòmasyon jeneral epi li pa reprezante konsèy legal oswa medikal. Règ ki gen rapò ak kouvèti asirans sante ka chanje epi yo varye selon eta kote w ap viv la. Pou jwenn konsèy sou sitiyasyon pa w, kontakte ajans Medicaid oswa CHIP nan eta kote w ap viv la, yon konseye ki ede moun jwenn asirans sante oswa òganizasyon ki ede w nan pwosesis reyentegrasyon an.