Konprann Kisa yon Kontra Lwaye ye lè w ap Lwe yon Apatman oswa yon Kay

Updated: 12/19/2025
Yon kontra lwaye se yon akò ant ou menm ak mèt kay la, moun w ap lwe kay la nan men l lan.
Image
Photo of a person signing a lease for a property.

Yon kontra lwaye se yon akò legal ant ou menm ak moun ki gen apatman an oswa kay w ap lwe a. Anvan ou siyen, li enpòtan anpil pou w byen konprann sa ki ekri nan kontra lwaye w la, paske se li k ap di w sa w gen dwa fè ak sa pou w pa fè, ansanm ak sa mèt kay la responsab pou fè pandan tan w ap viv nan kay la. Nan lang kontra lwaye a, yo rele w "lokatè " epi yo rele moun k ap lwe  w pwopriyete a  "mèt kay" oswa "pwopriyetè.

 

Dire Kontra Lwaye a

Kontra lwaye a ap di w konbyen tan ou ka rete nan apatman an. Anjeneral, yon kontra lwaye dire yon lane. Kontra lwaye w la ap di w tou ki dat ou ka antre ladan l ak ki dat ou dwe kite l. Sou yon kontra lwaye yon lane, ou oblije peye lwaye a pou 12 mwa.

Kontra lwaye a ap di w konbyen tan davans ou dwe avèti mèt kay la si w vle demènaje oswa si w vle renouvle kontra a. Anjeneral, se 30 jou rive 90 jou anvan kontra lwaye a fini. Si w kite kay la anvan dat la rive, gen gwo chans w ap peye yon penalite, oswa ou ka menm gen pou w peye tout mwa ki rete yo sou kontra lwaye a.

Si w chwazi renouvle kontra lwaye w la, gen gwo chans lwaye a ap ogmante pou nouvo peryòd lan. Mèt kay la ap deside konbyen nouvo lwaye a ye, oswa nan kèk ka espesyal, lwa lokal yo ka limite konbyen mèt kay la gen dwa ogmante lwaye a.

Lwaye

Kontra lwaye a ap di w konbyen lwaye a ye pou peryòd kontra a, ki dat ou dwe peye l chak mwa, ak tout frè reta ou dwe peye si ou pa peye lwaye a avan dat espesifik ou dwe peye l nan mwa a.

Depo Sekirite ak Premye ak Dènye Lwaye

Yon depo sekirite se lajan mèt kay la kenbe nan yon bank epi li renmèt ou li lè w ap demènaje si ou kite pwopriyete a pwòp epi san okenn domaj. Kontra lwaye a ap di w konbyen depo sekirite a ye, ki souvan se menm kantite ak lwaye yon mwa, pafwa li pi wo. Lè kontra lwaye w la fini epi w ap demènaje, mèt kay la ap gade si gen domaj ki fèt pandan w t ap viv nan pwopriyete a epi li ap deside si l ap renmèt ou kèk nan depo sekirite a oswa tout depo a. Yo rekòmande pou w pran foto lè w ap antre nan apatman an pou w gen prèv ki kalite kondisyon li te ye. Anplis depo sekirite a, kontra lwaye a souvan mande pou w peye premye ak dènye mwa lwaye w la anvan w antre ladan l.

Kantite Moun ki Ka Viv Ladan l

Kontra lwaye w la ka limite konbyen moun ki ka rete nan pwopriyete a. Pandan tan kontra lwaye a la, kantite moun k ap viv nan pwopriyete a pa ka depase kantite rezidan yo ekri nan kontra lwaye a.

Sèvis Piblik 

Kontra lwaye a ap di w ki sèvis piblik ou responsab pou peye, tankou elektrisite, gaz, ak lwil pou chofe. Nan kèk kontra lwaye, youn oswa kèk nan depans sa yo ka tou enkli nan lwaye a. Nan lòt yo, ou ka gen pou w peye tout sèvis piblik yo apa. Li enpòtan pou w konprann ki jan yo chofe ak refwadi kay w ap lwe a, ak anviwon  konbyen w ap peye chak mwa pou sèvis piblik yo. Ansyen lokatè yo, mèt kay la, oswa konpayi sèvis piblik la ka ba w yon estimasyon jeneral sou konbyen sèvis piblik yo koute chak mwa nan pwopriyete a.

Lòt Depans

Pafwa, kontra lwaye w la ka di w responsab pou lòt depans ak sèvis, tankou ranmase fatra, dlo, retire nèj, oswa antretyen lakou a. Sa pa toujou fèt, men y ap ekri responsablite sa yo nan kontra lwaye a si yo egzije w fè yo.

Règ yo

Y ap ekri nan kontra lwaye a règ nòmal yo ansanm ak nenpòt règ espesyal mèt kay la ka mande lokatè yo swiv. Bagay ki pi souvan nan lis sa a ka gen ladan l: kenbe zòn kominote yo pwòp, pa fè twòp bri, ekonomize enèji, pa kenbe bèt, pa fè okenn chanjman nan apatman an, pa lwe l bay yon lòt moun (yo rele sa "subletting"), oswa pa enstale yon antèn televizyon sou do kay la. Li enpòtan pou w li tout paj kontra lwaye a pou w konprann sa yo aksepte ak sa yo pa aksepte nan nenpòt pwopriyete w ap lwe, epi pou w konnen si w ka dakò pou w swiv règ sa yo lè w ap viv ladan l.

Was this article helpful?
0
0