Swen Sante Ozetazini

Updated: 12/3/2025
Sistèm swen sante Ozetazini konplike, epi li ka difisil pou konprann li okòmansman.

Founisè Swen Sante

Gen plizyè diferan kalite founisè swen sante Ozetazini. Men kèk nan founisè swen sante ou jwenn anjeneral.

Depatman Sante Piblik bay vaksen kont maladi epi yo ofri lòt sèvis prevansyon sante, tankou tès ak tretman pou tibèkiloz. Sèvis prevansyon sante se sèvis ki ede w pran aksyon davans pou anpeche yon maladi parèt. Souvan li nesesè pou pran yon randevou davans.

Klinik Kominotè ak Sant Sante yo bay sèvis sante debaz ak konsèy pou sante mantal. Gen kèk ladan yo ki bay tou, swen dantè ak egzamen je. Gen kèk klinik nan vil yo ki trete yon kalite pasyan espesifik, tankou fanm ansent oswa moun ki gen VIH/SIDA.

Klinik yo aksepte asirans prive ak Medicaid (asirans gouvènman an pou moun ki pa gen gwo revni), epi anpil nan yo chaje frè selon kapasite pasyan an pou peye.

Doktè Prive Gendwa se doktè jeneral oswa espesyalis. Yo bay swen sante jeneral, tankou egzamen medikal chak ane.

Espesyalis yo travay nan yon sèl domèn nan medsin. Gen kèk espesyalis ki trete sèten gwoup moun, tankou fanm oswa timoun. Gen lòt ki espesyalize nan yon pati oswa yon sistèm nan kò a, tankou kè a, je yo, oswa pye yo.

Ou bezwen yon randevou pou w ka wè yon doktè prive. Anvan ou wè yon doktè prive, Fòk ou montre w ka peye pou sèvis la oswa ou gen asirans.

Si w gen asirans, ou ka toujou gen pou peye yon ko-peman oswa yon ti frè (pa egzanp, $20–$50) lè w ale nan vizit la.

Si w pa gen asirans, pri pou wè yon doktè prive ka trè wo, pafwa plizyè santèn dola pou chak vizit. Nan ka sa a, w ap gen pou chèche yon klinik kominotè oswa klinik ki ka ba w rabè, ki ofri swen ak pri  ki pi ba selon kantite kòb ou touche nan travay ou.

Lopital yo se pou pasyan ki gen pwoblèm espesyal epi ki bezwen tès oswa pwosedi (pa egzanp, tretman oswa operasyon). Nòmalman, doktè ou ap voye w nan yon lopital oswa y ap kenbe w aprè nan yon  sal ijans.

Swen nan lopital chè, epi yo ka mande w pou montre ke ou ka peye pou sèvis la oswa ke ou gen asirans anvan yo komanse ba ou swen Sepandan, sal dijans nan lopital yo pa ka refize w sèvis si ou pa kapab peye.

Klinik Swen Ijans yo disponib nan kèk kominote. Klinik sa yo se pou sitiyasyon kote ou gen yon maladi oswa blesi ki bezwen swen imedya, men ki pa twò grav pou ale nan  yon sal ijans Ou pa bezwen pran randevou.

Image
Healthcare
Image
Healthcare

Dwa Ou nan Swen Sante

Ozetazini, ou gen de dwa enpòtan nan swen sante. Ou gen dwa pou sèvis entèprèt epi ou gen dwa pou konfidansyalite.

Di pèsonèl lopital oswa klinik la,  ou bezwen yon entèprèt lè ou pran randevou oswa lè ou rive pou swen ijans.

Tout sa k pase ant ou menm ak founisè swen sante ou a,  rete konfidansyèl dapre lalwa. Founisè swen sante ou pa ka di fanmi ou, zanmi ou, oswa patwon w  anyen sou sante ou san pèmisyon w.

Image
Healthcare

Fason Ameriken konprann lasante

Pifò Ameriken ale wè yon doktè yon fwa pa ane pou yon egzamen medikal, pou yo ka konnen si yo gen pwoblèm sante anvan sa vin grav.

Yo ale wè yon dantis de fwa pa ane pou netwaye dan yo epi anpeche pwoblèm grav nan bouch yo.

Ameriken kwè anpil maladi ka anpeche atravè pwòpte, nitrisyon apwopriye, egzèsis, ak dòmi ase.

Pwòpte ak Ijyèn Pèsonèl

Pifò Ameriken pran beny oswa douch chak jou, bwose dan yo de fwa pa jou, lave cheve yo souvan ak chanpou, mete dewodoran yon fwa pa jou, epi lave rad yo dri.

Magazen yo vann plizyè kalite pwodwi ki ede moun evite parèt sal oswa gen sant swe. Ijyèn pèsonèl ka espesyalman enpòtan pou jwenn ak kenbe yon travay.

Nitrisyon Apwopriye

Nitrisyon apwopriye vle di manje kalite manje ki bon pou kenbe kò a an sante.

Li vle di tou limite manje ki ka lakòz pwoblèm sante ak maladi grav si yo konsome souvan epi nan gwo kantite. Manje sa yo se manje ki gen anpil sik, sèl, oswa grès (pa egzanp, manje fri, bonbon, ak bwason gazez).

Swen Sante Mantal

Ameriken kwè   sante mantal enpòtan menm jan ak sante fizik. Sante mantal la se kijan ou santi w, panse, ak aji pandan w ap fè fas ak lavi. Jan ou jere estrès tou se yon lòt fason tou.

Bon swen sante gen ladann tretman  yon pwofesyonèl sante mantal ap bay lè sa nesesè. Si ou santi lavi twò difisil epi ou pa ka jere aktivite chak jou yo, ou ta dwe chèche sèvis sante mantal.

Lalwa Ozetazini pwoteje epi ede moun ki gen andikap. Asirans sante ak asistans lajan kach pou moun ki gen andikap disponib, epi nouvo imigran  kapab aplike pou avantaj sa yo, apre yo rive.

Frequently Asked Questions

Some newcomers admitted to the United States will receive some form of health insurance paid by the government after arrival. Coverage varies by location and eligibility criteria. While this health insurance may pay for critical health needs, it may not include dental or eye care. You are encouraged to find employment shortly after arrival in order to access private health insurance offered at a cost through your employer. If you have a disability or are over the age of 65, the United States government will provide health insurance at no cost to you.

The laws of the United States protect and help people with disabilities. Health insurance and cash assistance for disabled people is available and newcomers may be able to apply for these benefits after they arrive.

Was this article helpful?
23
-1