Yon Gid pou Nouvo Imigran sou Dwa ak Sipò pou Moun Andikape Ozetazini
Gen anpil sèvis ki disponib pou moun ki andikape, men ou ka pa konnen si yo egziste oubyen kijan pou jwenn epi itilize yo. Ou ka gen kesyon tankou:
- Èske pataje andikap mwen an ap afekte sitiyasyon imigrasyon mwen an?
- Ki kote mwen ka jwenn èd pou jwenn aksè ak sèvis yo?
- Ki dwa mwen genyen?
- Èske mwen ka mande sipò?
- Si mwen pa pale anglè byen?
- Èske moun ap konprann bezwen mwen yo?
Ou pa poukont ou. Anpil refijye ak nouvo imigran ki andikape yo fè fas ak menm kalite kesyon ak enkyetid lè yo kòmanse enstale yo nan yon nouvo kominote epi aprann kijan sistèm yo fonksyone Ozetazini.
Konprann Andikap
Ozetazini, yon andikap legalman vle di yon domaj fizik oswa mantal ki limite youn oswa plizyè aktivite enpòtan nan lavi yon moun.
Moun fè eksperyans andikap nan diferan fason. Gen kèk andikap ki vizib, alòske gen lòt ki pa vizib.
Yon moun ki andikape ka gen difikilte pou mache, tande, oswa wè. Oswa yo ka ap viv ak doulè alontèm, pwoblèm aprantisaj, pwoblèm memwa, andikap devlopmantal, pwoblèm sante mantal, oswa lòt pwoblèm sante.
Gen kèk moun ki idantifye tèt yo kòm andikape. Gen lòt ki jiskaprezan ap aprann kijan yo panse sou andikap yo a oswa ki pa itilize mo sa a akòz kwayans pèsonèl, kiltirèl, oswa relijye yo.
Konnen Dwa w Yo
Ozetazini, Lwa Ameriken sou Andikap (ADA) epi anpil lòt lwa leta ak federal pwoteje moun ki andikape kont diskriminasyon anpil kote, tankou lekòl, travay, lojman, transpò ak swen sante. Anba lwa sa a, moun ki andikape yo gen dwa pou aplike pou travay, ale lekòl epi patisipe nan lavi kominote a.
Moun ki andikape Ozetazini ka kalifye pou sipò oswa aranjman, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo. Anpil òganizasyon ak sèvis piblik dwe bay akomadasyon rezonab ak aksè egal ego pou moun ki andikape. Kèk nan akomodasyon ak aksè rezonab sa yo se:
- Sèvis entèpretasyon
- Aksè pou chèz woulant
- Materyèl ekri an gwo karaktè
- Tan anplis pou tès oswa randevou
- Antre aksesib
- Antre pou yon bèt sèvis
- Siyalizasyon aksesib klè nan tout batiman yo
- Nòt: Gen kèk nouvo imigran ki andikape ki ka kalifye tou pou aranjman oswa egzanpsyon pandan pwosesis sitwayènte ameriken an
Ou gen dwa pou poze kesyon tou si enfòmasyon yo pa klè pandan yon randevou oswa yon reyinyon.
Demann Sipò ak Akomodasyon
Yon akomodasyon se yon chanjman oswa yon sipò ki ede yon moun patisipe pi plis nan lavi chak jou li. Diferan moun ka bezwen diferan akomodasyon, tankou plas fasil pou chita, enstriksyon alekri, yon chanm trankil, oswa poz nan travay pou randevou medikal.
Si ou poko janm resevwa sipò ki gen rapò ak andikap oswa si ou soti yon kote yo pa pale ouvètman de andikap ak sante mantal, ou ka santi ou malalèz pou mande èd oswa pou esplike bezwen ou yo.
Mande sipò se yon bagay nòmal epi akseptab Ozetazini. Ou ka bezwen poze kesyon oswa pale pou resevwa akomodasyon ou bezwen yo. Men kèk egzanp sou sa ou ta ka di:
- "Mwen sèvi ak yon chèz woulant. Èske gen yon antre espesyal mwen ka itilize?"
- "Mwen pa ka wè byen. Èske ou gen tèks ki pi gwo?"
Anpil nouvo imigran santi yo pi alèz pou resevwa enfòmasyon nan lang yo prefere. Nan anpil sitiyasyon, ou gen dwa resevwa enfòmasyon enpòtan nan lang ou prefere a, swa pale oswa ekri. Founisè swen sante, lekòl ak biwo gouvènman yo ka ofri entèprèt oswa sèvis sipò lang.
Si ou soud oswa ou gen pwoblèm pou tande, ou ka mande entèpretasyon lang siy oswa lòt sipò kominikasyon tou. Lang siy yo diferan selon peyi a. Si ou itilize lang siy, di founisè ou a ki lang siy ou itilize ak kijan ou prefere kominike.
Jwenn Sèvis ak Sipò
Gen kèk nouvo imigran ki pa aprann sou sèvis ak sipò ki gen rapò ak andikap touswit. Kòm rezilta, yo ka rate opòtinite pou yo resevwa èd ki ta ka rann lavi chak jou yo pi fasil.
Tou depan de bezwen an, sipò ka disponib pou:
- Swen sante
- Transpò
- Anplwa
- Lojman
- Èd finansyè
- Viv endepandan
Pa egzanp, gen moun ki ka pa konnen si gen aranjman oswa lòt sipò ki disponib si deplasman pou ale nan yon randevou oswa nan yon biwo difisil.
Menm lè ou konnen gen sèvis oswa pwoteksyon legal, jwenn èd ak konprann kijan sistèm yo fonksyone ka toujou difisil oswa pote konfizyon.
Anpil pwogram ak òganizasyon Ozetazini sipòte moun ki andikape. Ou ka jwenn èd atravè:
- Founisè sèvis reyentegrasyon
- Òganizasyon kominotè
- Lekòl
- Founisè swen sante
- Òganizasyon defans moun ki andikape
- Asosyasyon legliz yo
- Gouvènman lokal yo
- Òganizasyon asistans legal
Si ou pa konnen ki kote pou kòmanse, mande yon founisè, yon travayè sosyal, oswa yon òganizasyon kominotè ou fè konfyans pou konsèy. Ou kapab vizite tou ADA.gov, Benefits.gov, oubyen ILRU Lis Sant pou viv endepandan pou jwenn sipò epi lokalize sèvis toupre w.
Switchboard te kontribye nan kontni ak revizyon atik sa a.
Sous yo
- Lwa Ameriken sou Andikap (ADA): Entwodiksyon sou Lwa Ameriken sou Andikap yo
- Òganizasyon kominotè ak resous pou defans andikap
- Mustafa Rfat: Rechèch ak gid sou andikap ak reyentegrasyon refijye
- Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS): Akomodasyon Pou Piblik Andikape yo
Disclaimer: The content on this website is developed by Settle In, is in the public domain, and may be reproduced. This article offers general guidance for informational purposes. Specific disability policies and practices can differ by state and city.
The IRC received competitive funding through the U.S. Department of Health and Human Services, Administration for Children and Families, Grant #90RB0053. The project is 100% financed by federal funds. The contents of this document are solely the responsibility of the authors and do not necessarily represent the official views of the U.S. Department of Health and Human Services, Administration for Children and Families.