Siy ki Montre Yo Vòlè Idantite W ak Sa Pou Fè Si Sa Rive W

Updated: 12/26/2025
Si yon moun vòlè enfòmasyon pèsonèl ou, li ka pran lajan w, ouvri kont sou non w, oswa menm jwenn swen medikal pandan l ap fè kòmsi se ou. Atik sa a eksplike kijan pou rekonèt siy vòl idantite, kijan pou pwoteje tèt ou, ak sa pou fè si sa rive w.
Image
Three social security cards on a table with a padlock sitting just above them

​Si yon moun jwenn aksè ak nimewo Sekirite Sosyal ou oswa enfòmasyon pèsonèl ou, li ka itilize yo pou pran lajan nan kont labank ou, fè yon krim ak idantite w, jwenn benefis nan non w, oswa vòlè ranbousman taks ou. Kontinye li pou aprann siy avètisman ki montre yo vòlè idantite w, kisa vòlè yo ka fè ak enfòmasyon sa yo, prekosyon ou ka pran pou pwoteje idantite w, ak sa pou fè si ou dekouvri ou se viktim krim yo rele vòl idantite a. 

​Men senk fason kouran vòl idantite ka afekte w: 

​1. Yon vòlè idantite ka itilize kat kredi w oswa retire lajan nan kont labank ou. 

  • ​Siy avètisman: Ou wè acha oswa retrè sou kat debi w, kat kredi w, oswa relve labank ou pa t fè.
  • ​Prekosyon: Tcheke relve labank ou ak kat kredi w souvan epi konsidere enskri pou resevwa alèt tèks oswa imèl lè gen aktivite oswa acha sou kont ou. 

​2. Yon vòlè idantite ka vòlè ranbousman taks ou oswa itilize nimewo Sekirite Sosyal ou pou travay. 

  • ​Siy avètisman: Ou resevwa yon avi nan men otorite taks yo (Internal Revenue Service - IRS) ki di gen plis pase yon deklarasyon taks nan non w, oswa ou resevwa yon avi nan lapòs nan men yon anplwayè ou pa janm travay pou li.
  • ​Prekosyon: Pa mache ak kat Sekirite Sosyal ou sou ou sof si ou bezwen li jou sa a, epi kenbe li yon kote ki an sekirite lakay ou. Asire ww tout kominikasyon elektwonik ou yo ki gen nimewo Sekirite Sosyal ou ladan yo byen pwoteje. An jeneral, ou ta dwe sèlman bay nimewo Sekirite Sosyal ou bay anplwayè ou, yon ajans gouvènman, yon bank, oswa yon konpayi kat kredi. 

​3. Yon vòlè idantite ka itilize asirans sante ww pou jwenn swen medikal. 

  • ​Siy avètisman: Ou resevwa bòdwo medikal pou swen sante ou pa t resevwa.
  • ​Prekosyon: Kenbe dosye medikal ou, bòdwo medikal ou, ak enfòmasyon asirans ou yon kote ki an sekirite. Si w jete papye medikal oswa lèt ki gen enfòmasyon medikal oswa asirans pèsonèl ou ou, chire yo an ti moso oswa pase yo nan machin ki koupe papye anvan. 

​4. Yon vòlè idantite ka itilize enfòmasyon ou pou fè reklamasyon pou benefis chomaj. 

  • ​Siy avètisman: Ou resevwa yon avi nan men biwo chomaj eta w la oswa anplwayè w konsènan benefis chomaj ou pa t aplike pou yo.
  • ​Prekosyon: Kenbe nimewo Sekirite Sosyal ou, souch chèk ou, ak dokiman ou resevwa nan men anplwayè w nan yon kote ki an sekirite. Si w jete dokiman sa yo, chire yo an ti moso oswa pase yo nan machin ki koupe papye. 

​5. Yon vòlè idantite ka itilize enfòmasyon w pou jwenn kredi oswa sèvis sou non w. 

  • ​Siy avètisman: Lè w gade rapò kredi w, ou jwenn kont pou kat kredi, prè labank, sèvis telefòn selilè, ak sèvis piblik (tankou gaz oswa elektrisite) ou pa t ouvri.
  • ​Prekosyon: Gade rapò kredi w gratis lè ou vizite AnnualCreditReport.com. Yon rapò kredi se yon dosye konpayi yo kenbe sou istwa w nan peye prè ak kredi pou pèmèt moun ki prete lajan deside si y ap ba w yon prè. 

​Si w sispèk ou se viktim vòl idantite, vizite dentityTheft.gov imedyatman epi aji touswit.​

Was this article helpful?
0
0