Konbyen sa Koute pou Gen yon Machin Ozetazini
Gen yon machin Ozetazini chè anpil epi, se pral dezyèm pi gwo depans ou apre kote w ap viv la. Pou ekonomize lajan, toujou pran transpò piblik kòm fason prensipal pou w deplase. Si pa gen transpò piblik kote w ye a epi ou oblije achte yon machin, ou bezwen konprann tout depans w ap fè lè w gen machin Ozetazini.
Prè ak Peman
Pifò moun ki achte machin bay yon premye peman an lajan kach ki se 10-20% nan pri machin nan, apre sa yo genyen yon peman chak mwa pou yo fè. Anplis de sa, prèske tout eta mande taks sou vant machin. Taks sa a varye selon eta a. Selon kote w achte machin nan, w ap peye ant 0% jiska 8% taks. Chak eta mete pwòp pousantaj pa yo.
Asirans
Asirans se dezyèm pi gwo depans lè w gen machin. Ozetazini, pri asirans lan ka diferan anpil selon eta a, dosye ou kòm chofè, ak kantite asirans w achte a.
Reparasyon ak Antretyen
W ap oblije depanse lajan pou kenbe machin nan an bon eta; chanje lwil, chanje kawoutchou, chanje bale parebriz. Si machin ou pa gen garanti, lè gen gwo pwoblèm sanzatann, sa ka koute plizyè milye dola, plis lajan pou leve machin nan pote kay mekanisyen. Menm si machin ou gen garanti, lè garanti a fini, se ou menm k ap peye tout reparasyon yo.
Gaz
Si machin ou an mache ak gazolin, ou oblije kenbe rezèvwa a plen. Pri gazolin lan monte epi li desann. Pou w gen yon lide konbyen w ap depanse nan gaz, si machin ou fè 20 mil ak yon galon, ak $5 pou yon galon, w ap depanse $25 nan gaz pou fè 100 mil.
Anrejistre Machin nan
W ap gen pou peye pou plak, pou tit (dokiman ki di machin nan se pa w), epi pou anrejistre machin nan chak ane nan eta w rete a. Selon eta a, frè anrejistreman yo varye ant $20 rive $225 chak ane. Nan kèk eta, frè yo ka depann de laj machin nan, pwa li, oswa valè li.
Enspeksyon
Pou asire machin ou an bon kondisyon epi li pa polye lè a twòp, prèske tout eta Ozetazini mande pou w peye yon frè enspeksyon chak ane. Frè enspeksyon nan tout peyi a an pou pi piti koute $35 chak ane. Si w pa pase enspeksyon an, w ap oblije depanse lajan pou ranje pwoblèm nan epi pafwa peye yon lòt frè pou verifye yo ranje l.
Frè Pèmi Kondui
W ap bezwen peye pou pèmi kondui, epi ou ka bezwen peye lekòl kondui tou pou prepare w pou egzamen sou wout la. Selon eta a, pèmi kondui yo bon pou 4-8 ane, apre sa ou dwe renouvle yo ak yon frè. Men premye pèmi a an koute o mwen $35 nan tout eta yo.
Pake
Gen de lè w ap oblije peye pou pake. Si w pake machin nan yon kote w pa gen dwa pou pake, ou ka jwenn yon kontravansyon epi yo ka mande w peye yon amand. Gen kèk bilding apatman tou ki fè rezidan yo peye pou pake.
Tòl ak Lòt Frè
Nan anpil kote Ozetazini, ou dwe peye pou itilize wout ak pon . Epi, pou diminye trafik ak polisyon, kèk vil Ozetazini ap pwopozè "frè konjesyon," kote w dwe peye yon frè pou kondui nan vil la.
Taks sou Machin
Prèske mwatye eta Ozetazini kounye a mete taks sou moun ki gen machin. Si w ap viv nan yon eta ki gen taks sa a, w ap resevwa yon bòdwo taks chak ane. Laj ak valè machin ou ap detèmine konbyen w ap peye.
Sonje: An reyalite, ou pa dwe depanse plis pase 15-20% nan lajan w ap touche a sou tout depans pou gen machin nan. Si w kapab, rete toupre transpò piblik ki bon epi lwe machin de tan zan tan, itilize sistèm pataj machin, pran bisiklèt oswa mache. Chwa sa yo ka ede w viv yon vi ki pi responsab finansyèman ak mwens strès.