Kijan pou w Fè Nouvo Zanmi epi Konekte ak Kominote w la
Fè zanmi ak konekte ak moun nan nouvo kominote w la ka difisil lè w fenk rive nan yon lòt peyi. Rankontre nouvo moun pa toujou yon priyorite lè w okipe anpil ak tout sa w gen pou fè chak jou, men konekte ak lòt moun oswa gen moun ki la pou ou se yon bagay enpòtan lè w ap viv Ozetazini.
Sa ka ede w si w idantifye kote ki gen aktivite, kote w ka kòmanse fè koneksyon ak lòt moun. Pa egzanp, rankontre moun epi kòmanse zanmitay ka pi fasil lè nou gen menm enterè oswa lè n patisipe nan aktivite an gwoup. Enterè nou pataje ka gen ladan: Aktivite pou plezi, pratik relijye, oswa lè timoun nou yo nan menm lekòl. Men kèk egzanp sou kijan pou w eksplore opòtinite pou konekte ak lòt moun nan zòn ou:
Gwoup Aktivite ak Gwoup Sosyal
Èske gen aktivite w renmen fè? Pa egzanp, spò, trikote, pentire, jaden, naje, li, oswa gade zwazo. Gen anpil kalite gwoup sosyal ki baze sou enterè ak aktivite nou pataje. Ou ka antre nan yon ekip spò lokal, yon klèb pou li liv, oswa yon sèk pou trikote.
- Yon kote pou w jwenn enfòmasyon sou gwoup sosyal se sou entènèt. Eseye chèche [vil ou a oswa komin nan] + [aktivite a]. Pa egzanp, Klèb Liv Pòtlann "Portland Book Club"
- Sant Kominotè, tankou Sant pou Granmoun oswa bilding pak piblik, souvan òganize gwoup sosyal, manje ansanm, oswa kou gratis pou manm kominote a.
- Jaden kominotè nan zòn ou a bay yon kote pou w plante manje, aprann, epi konekte ak lòt moun k ap fè jaden.
- Bibliyotèk piblik ofri evènman, kou, ak aktivite pou granmoun ak timoun, tankou lè y ap rakonte istwa. Chèche evènman nan bibliyotèk lokal yo oswa ale nan yon bibliyotèk toupre la pou w mande sou evènman kominotè k ap vini yo.
Gwoup pou Jèn ak Aktivite Rekreyasyon
Fè nouvo zanmi enpòtan pou timoun ak jèn tou. Lekòl yo ofri pwogram apre lekòl, aktivite ekstra, pwogram rekreyasyon, ak kan pandan vakans ete.
- Kontakte lekòl pitit ou a pou w aprann plis sou opòtinite yo.
Aprann plis lè w li atik sa a nan Sant Èd la sou aktivite apre lekòl pou timoun: https://www.settleinus.org/life-us/education/after-school-activities-us.
Òganizasyon Kominotè Kiltirèl
Òganizasyon Kominotè Kiltirèl se òganizasyon ki sèvi gwoup etnik oswa kiltirèl spesifik. Ou ka konekte ak lòt moun ak fanmi ki pale menm lang ak pataje menm kilti avèk ou. Òganizasyon sa yo òganize evènman, ofri fòmasyon an anglè, epi gen sèvis pou jèn yo.
- Pou w jwenn Òganizasyon Kominotè kiltirèl nan zòn ou an, eseye chèche: [vil ou oswa komin] + [Òganizasyon Kominotè ki Baze sou Kilti] oswa [òganizasyon sèvis kominotè]. Pa egzanp, Òganizasyon Sèvis Kominotè Afghan nan Sacramento "Sacramento Afghan Community Service Organization".
Òganizasyon Relijye
Legliz, sinagòg, moske, ak lòt gwoup relijye ka enpòtan pou sipò epi pou konekte ak lòt moun.
- Eseye chèche: [Vil ou oswa Komin] + popilasyon + kalite enstitisyon relijye (legliz, moske, tanp, elatriye). Pa egzanp: Legliz Ikrèn nan komin King "King County Haitian Churches."
Zanmitay ak koneksyon nan kominote ede nou sipòte youn lòt, pataje sa n ap viv, epi kreye relasyon. Tout sa yo enpòtan pou santi w pi byen epi pou santi w gen plas pa w.