Kesyon sou Maladi Tibèkiloz (TB): Sa Nouvo Imigran Bezwen Konnen
Apèsi sou tibèkiloz (TB)
TB se yon maladi mikwòb bay. Sitou li atake poumon yo, men li kapab frape lòt pati nan kò w tou. Yon moun kapab bay yon lòt moun mikwòb la. Gen anpil ka TB nan plizyè peyi nan mond lan epi li kapab touye moun. Men, gen fason pou anpeche sa, epi gen tretman pou geri l. Lè w konnen kisa TB ye ak kijan yo trete l, sa ede w pwoteje tèt ou, fanmi w, ak tout moun nan kominote a.
Non. Se pa tout moun ki gen mikwòb TB nan kò yo ki malad. Gen diferan fason TB kapab prezante:
- TB ki aktif: Moun ki gen TB aktif santi yo malad epi yo kapab bay lòt moun li.
- TB ki latan: Moun ki gen TB ki latan pa santi anyen, yo pa gen siy maladi. Men, tretman enpòtan anpil pou maladi a pa leve sou yo.
Lè yon moun gen TB aktif nan poumon oswa nan gòj, touse, etènye, pale, oswa chante, mikwòb la soti nan bouch li epi rete nan lè a. Lòt moun kapab respire l epi atrape l. TB pi fasil simaye kote ki fèmen oswa kote ki pa gen bon lè k ap sikile plis pase deyò.
Siy TB aktif depann de ki kote nan kò a mikwòb la ye. Sitou, TB grandi nan poumon yo.
Men sentòm TB aktif yo:
- Tous ki dire lontan (3 semèn oswa plis)
- Doulè nan lestomak
- Ou krache san
- Lafyèv (ou santi ou cho, ou frèt, oswa w ap tranble)
- Ou swe anpil lannwit
- Ou santi kò ou fèb nèt
Gen anpil TB nan anpil peyi nan mond lan. Se poutèt sa, anpil moun k ap vin Etazini oblije fè tès TB. Rezon an se pou moun ki malad jwenn bon swen epi pou TB pa gaye nan peyi a. Tès la enpòtan tou pou dosye imigrasyon. Pa egzanp, kèk moun tankou refijye ak moun ki gen viza imigran fè tès TB anvan yo rive Etazini. Lòt moun tankou kèk Ikrenyen ak Afgan ki antre ak Libète Kondisyonèl Imanitè "Humanitarian Parole" te oblije fè tès sa aprè yo rive. Tout moun dwe fè tès TB tou lè y ap aplike pou kat rezidans (green cards).
Tès TB kapab gratis oswa pa koute anpil lajan, sa depann de sitiyasyon ou ak asirans sante ou genyen.
Ou kapab fè tès gratis kay doktè ou, nan biwo sante zòn ou oswa eta a, oubyen pandan kèk evènman kominotè.
Gen de kalite tès prensipal pou TB. Doktè a ap di ou kiyès ki pi bon pou ou:
- Tès san: Yo pran yon ti san nan bra w pou wè si w gen mikwòb TB nan kò w. Si ou te pran vaksen BCG (piki TB) nan tan lontan, tès san an pi bon pou ou.
- Tès sou po: Yo pike yon ti likid anba po bra w. Nan 48 a 72 èdtan (2-3 jou), ou tounen pou yo gade si gen reyaksyon.
Si tès ou pozitif, doktè w, ap fè lòt tès, tankou radyografi nan lestomak ak egzamen krache, pou wè si w gen TB aktif oswa TB ki latan. TB ki latan vle di ou gen mikwòb TB nan kò w, men yo p ap grandi oswa fè w malad. Men kanmenm, li enpòtan pou trete TB ki latan.
Wi. Prèske tout tan, yo ka trete TB epi geri li ak medikaman. Doktè oswa enfimyè ou ap esplike w ki medikaman pou pran.
- Pou TB aktif: W ap pran medikaman. Fòk ou pran tout medikaman yo egzakteman jan doktè oswa enfimyè w di w pou pran yo. Sa ap ede w santi w pi byen epi anpeche w bay lòt moun maladi TB a.
- Pou TB ki latan: Gen medikaman ki disponib epi yo rekòmande w pran yo pou touye mikwòb yo. Se pi bon fason pou pwoteje tèt ou pou pa repran maladi TB a ankò. Pale ak doktè w pou konnen ki medikaman ki pi bon pou ou.
Mikwòb TB pran tan pou mouri. Li enpòtan anpil pou pran tout medikaman yo jan yo di w pou pran yo a.
Si w pa trete TB, sa ka lakòz gwo pwoblèm sante:
- Domaj nan poumon
- Lòt maladi grav
- Bay lòt moun maladi a
- Lanmò
Wi, daprè lalwa, enfòmasyon sante pèsonèl ou dwe rete prive. Men, pwofesyonèl sante yo dwe enfòme depatman sante lokal oswa eta yo lè gen ka TB aktif. Sa ede anpeche maladi a gaye nan kominote a epi ede moun jwenn bon tretman. Ofisyèl sante yo pap pataje enfòmasyon pèsonèl ou ak piblik la.
Pifò moun k ap vin viv Ozetazini nèt, dwe fè tès TB anvan yo rive, aprè yo antre, oswa lè y ap aplike pou kat vèt. Si w te dwe fè tès TB kòm kondisyon pou "parole" epi ou poko fè li, li trè enpòtan pou fè li rapid vit. Sinon, ou ka pèdi estati "parole" ou. Si w gen kesyon sou estati ou, pale ak yon avoka imigrasyon.
Si w te fè egzamen medikal imigrasyon deyò peyi a: Nòmalman, yo fè swivi dokiman medikal ou pou ou nan pwosesis imigrasyon ak refijye a. Men kèkfwa, selon egzamen sa a, yo ka mande w ale nan depatman sante lokal ou pou fè swivi apre ou fin rive.
Si w dwe fè tès la Ozetazini: Fòk ou montre prèv ou te fè tès la nan tan yo te mande a.
Pou plis resous, kontakte depatman sante lokal ou a oswa vizite Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC). CDC gen enfòmasyon nan plizyè lang, tankou Dari, Pachto, Ris, Panyòl, Swahili, Ikrenyen, ak Anglè.
Si w gen kesyon sou atik sa a, ou ka kontakte ekip Settle In nan.