Kijan Pou Konpòte w Nan Ayewopò ak Nan Avyon
Lè w ap vwayaje nan avyon, li enpòtan pou w rete an sekirite epi pou w respekte lòt pasaje yo. Swiv konsèy sa yo sou vwayaje nan avyon ,pou rann vwayaj ou pi fasil, pi agreyab, epi pi konfòtab.
1. Rive alè pou vòl ou a. Nan kèk ayewopò, sa ka pran twa èdtan oswa plis pou pase sekirite epi rive nan pòt kote avyon ou ye a.
2. Kite senti w mare jiskaske yo etenn siyal la nan avyon an.
3. Respekte espas pèsonèl lòt pasaje yo.
4. Chak avyon gen anplwaye (otès) ki la pou ede w jwenn plas ou, ba w dlo oswa manje nan vòl ki long, ak dra si w frèt.
5. Kanpe pou tann moun soti nan plas yo. Ou gen dwa kite plas ou a pou detire pye w epi mache nan koulwa a si siyal senti a etenn.
6. Souvan gen plizyè twalèt nan avyon an ak siy ki montre si yo "okipe" oswa "lib."
7. Ou dwe toujou rete ak timoun ou yo (nan ayewopò a, nan avyon an, ak nan sal datant yo). Ou ka pote jwèt oswa liv pou kenbe yo okipe pandan vòl la.
8. Pa kouri antre nan koulwa a lè avyon an atè.
9. Ede kenbe avyon an pwòp lè w bay otès yo fatra w yo lè yo pase pou ranmase li.