Edikasyon
Lekòl piblik la gratis. Gen lwa ak koutim konsènan lekòl piblik. Lekòl obligatwa pou timoun ki gen sèten laj. Chak eta detèmine laj egzak pou edikasyon. Lekòl yo atann pou paran yo patisipe nan edikasyon pitit yo lè yo asire yo ke yo ale nan klas epi ede yo nan plizyè fason.
Granmoun
Ameriken yo kwè, moun pa janm twò granmoun oswa twò jèn pou aprann nouvo bagay. Gen anpil opòtinite edikasyonèl pou granmoun ak jèn adilt, men nouvo imigran yo ta dwe konsidere avantaj ak dezavantaj etidye nan plas travay. Etidye ka mennen nan pi bon opòtinite travay nan lavni, men, nouvo imigran yo bezwen travay touswit pou pran swen tèt yo ak fanmi yo. Edikasyon pou granmoun Ozetazini ka chè. Pou anpil nouvo imigran, pi bon opsyon an ka, travay aplentan pandan yo ale lekòl a tan pasyèl.
Pifò kominote yo ofri plizyè kalite opòtinite edikasyonèl pou granmoun, tankou:
- Kou lang anglè ak alfabetizasyon
- Kou fòmasyon nan domèn tankou teknoloji enfòmatik, lang etranje, ak konpetans sekretarya
- Kou diplòm Devlopman Edikasyon Jeneral (GED) pou granmoun ki pa gen yon diplòm lekòl segondè
- Lekòl pwofesyonèl ak teknik
- Kolèj kominotè (souvan pwogram 2 zan)
- Kolèj oswa inivèsite (souvan pwogram 4 ane)
- Lekòl gradye ki ofri diplòm avanse nan plizyè domèn.
Pri kou, lekòl ak kolèj sa yo varye anpil. Pifò lekòl ak kolèj ofri kèk èd finansye bay elèv ki bezwen l.
Ajisteman Kiltirèl
Lekòl ameriken yo jeneralman gen yon anviwònman klas ki trè patisipatif ak entèraktif, kontrèman ak metòd ansèyman konferans ak resitasyon yo itilize nan kèk lòt peyi. Yo mete yon gwo valè sou panse orijinal ak efò endividyèl. Travay an gwoup enpòtan, men evalyasyon elèv yo plis baze sou pwòp reyalizasyon yo.
Gen plizyè fason paran yo ka ede epi sipòte pitit yo menm lè yo pa pale anpil anglè. Men kèk fason paran yo ka patisipe nan edikasyon pitit yo:
- Chèche konnen si lekòl la ofri vizit nan lekòl oubyen yon oryantasyon pandan vakans ete a, anvan lekòl ouvri.
- Poze pitit ou a kesyon sou sa li te aprann nan lekòl la pou jounen an.
- Mande pitit ou a ki devwa li genyen oubyen tcheke kaye ak katab devwa li.
- Asiste kou ESL, si yo ofri yo, nan lekòl pitit ou a.
- Asiste reyinyon paran-pwofesè.
- Ede ak yon aktivite ekstra-skolè tankou yon ekip spò lekòl la oswa yon klèb atistik.
- Fè volontarya nan salklas pitit ou a.
- Mennen pitit ou a nan bis la oubyen lekòl la.
- Travay avèk pitit ou a sou devwa li.
Timoun ak Jèn
Lekòl piblik yo disponib gratis nan tout peyi a. Dapre lalwa, lekòl piblik yo pa ka gen okenn
afilyasyon relijye. Lekòl prive yo disponib nan pifò zòn epi gen kèk ki gen afilyasyon relijye. Lekòl prive yo fè peye, sa ka chè anpil.
Gen kat nivo edikasyon pou timoun Ozetazini. Timoun nan menm klas la ka gen laj diferan, byenke pifò timoun yo souvan gen mwens pase 1 a 2 zan diferans youn ak lòt. Nan lekòl piblik yo, tigason ak tifi ale nan klas ansanm.
Elèv ki gen yon diplòm lekòl segondè ak yon bon rekò akademik souvan kontinye edikasyon yo nan yon kolèj oswa inivèsite, men edikasyon siperyè pa gratis. Fòmasyon pwofesyonèl aprè segondè disponib tou epi li mwen chè pase kolèj ak inivèsite.
Lekòl Piblik yo
4 Nivo Edikasyon yo
Lekòl matènèl. Nivo sa a se pou timoun ki gen ant 3 a 5 lane. Lalwa pa egzije l, epi souvan li pa gratis.
Lekòl primè. Nivo sa a kòmanse ak jadendanfan (5 an) epi li kontinye jiska senkyèm oswa sizyèm ane (12 an).
Lekòl segondè oswa lekòl presegondè. Nivo sa a gen ladanl sizyèm oswa setyèm ane jiska wityèm oswa nevyèm ane, pou timoun ki gen ant 12 ak 14 an.
Lekòl segondè. Nivo sa a gen ladanl nevyèm oswa dizyèm ane jiska douzyèm ane, pou timoun ki gen ant 14 ak 18 an. Elèv ki konplete egzijans lekòl yo nan nivo sa a resevwa yon diplòm lekòl segondè.