Kisa yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ye, kijan mwen ka jwenn youn pou m ka travay Ozetazini?
Yon nimewo Sekirite Sosyal se yon nimewo inik ki gen nèf chif, gouvènman ameriken an bay epi li itilize prensipalman pou swiv taks moun dwe. Tout sitwayen Ameriken, moun ki gen kat vèt, ak moun ki pa sitwayen Ameriken ki travay Ozetazini oblije gen yon nimewo Sekirite Sosyal. Ou pral bezwen nimewo sa a lè w ap aplike pou yon travay, epi yon nimewo Sekirite Sosyal enpòtan tou si w vle bati yon istwa kredi pou aplike pou prè, kat kredi, ak lwaye kay.
Antanke yon réfijyé, ou gen dwa travay legalman depi ou rive Ozetazini. Sepandan, gen kèk anplwayè ki pa konnen sa, epi yo ka vle wè Dokiman Otorizasyon Travay (EAD) oswa kat Sekirite Sosyal ou anvan yo anplwaye w. Sa ka rann li pi difisil pou jwenn travay pandan w ap tann dokiman ou yo rive.
Anvan sa, refijye yo te oblije aplike pou nimewo Sekirite Sosyal yo an pèsòn nan yon biwo Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) lokal touswit aprè yo rive Ozetazini. Sepandan, pou refijye ki rive nan oswa aprè 6 jiyè 2026, y ap mande nimewo Sekirite Sosyal yo otomatikman kòm yon pati nan aplikasyon otorizasyon travay lè yo itilize Fòm I-765, yo te ranpli anvan yo rive Ozetazini. Lè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) apwouve aplikasyon w lan, ou pral resevwa de dokiman: Dokiman Otorizasyon Travay ou (EAD), yo rele l tou "kat USCIS I-766" oswa "pèmi travay", epi nan yon lòt anvlòp kat Sekirite Sosyal ou (kat la ap gen non w ak nimewo Sekirite Sosyal ou sou li). Lapòs ap voye toulède dokiman so yo bay founisè reyentegrasyon lokal ou a oswa bay kontak ou genyen Ozetazini si w ap reyentegre atravè yon pwogram reyentegrasyon vityèl. Sonje byen kantite tan pou tann pèmi travay la ka long. Ou ka tcheke kantite tan pou tann nan atravè Zouti tan pwosesis USCIS la.
Si w ap aplike pou Estati Rezidan Pèmanan an avèk Fòm I-485 la, nan pifò ka yo, USCIS ap transmèt done yo elektwonikman bay SSA aprè yo fin apwouve Fòm I-485 la. Lè SSA resevwa done yo, li pral bay yon nimewo Sekirite Sosyal orijinal otomatikman oswa li pral bay yon kat ranplasman, jan sa apwopriye. Patenarya sa a avèk SSA pa ogmante frè depo pou Fòm I-485 la.
Si ou gen kesyon sou dokiman ou yo, kontakte founisè relokalizasyon lokal ou a. Yo ka ede ou konprann pwosesis la epi mete ou an kontak ak lòt sipò.
Ou dwe pwoteje nimewo Sekirite Sosyal ou. Si kriminèl yo jwenn aksè, yo ka itilize li pou aplike ilegalman pou benefis oswa prè sou non ou oswa komèt lòt krim. Mache ak kat soyal sekirite ou a sèlman si ou bezwen li jou sa a. Sinon, kenbe li lakay ou, yon kote ki sekirize. Ou ta dwe kenbe tout dokiman ki gen nimewo Sekirite Sosyal ou a yon kote ki sekirize, pwoteje epi ankripte nenpòt dokiman elektwonik ki gen nimewo a. Nenpòt moun ka mande nimewo Sekirite Sosyal ou, men, ou dwe sèlman pataje li ak anplwayè ou, yon ajans gouvènman, oswa yon bank si w ap aplike pou yon prè, yon kont chèk, yon kont ekonomi, yon kat debi oswa kredi.