Konsèy pou Prepare Rezime w pou w Jwenn Bon Travay

Updated: 12/19/2025
Rezime se okazyon w pou montre patwon yo sa w kapab fè. Atik sa a bay kèk konsèy senp pou ede w fè yon bon rezime ki klè, ki solid, ki pral fè yo remake w.
Image
Two people shaking hands at a job interview. One person is reading a resume.

​​Yon bon rezime se kle ki pral louvri pòt bon travay yo pou ou. Pa twonpe tèt ou; travay anpil sou li. Patwon yo souvan resevwa santèn rezime pou yon sèl pozisyon. Yo pa gen tan pou li chak mo sou chak rezime. Sa fè pi piti detay yo vin pi enpòtan.

​Rezime w la dwe reprezante w byen ak tout kapasite w yo.

​Konsèy pou Fè yon Bon Rezime

 

  • ​Fè l kout, bay vrè enfòmasyon, epi pozitif.
  • ​Ekri edikasyon w, travay ou te fè, ak reyalizasyon w yo.
  • ​Asire w rezime a korèk  epi mande yon moun gade l pou ou. Yon sèl fòt nan òtograf, ponktiasyon, oswa gramè ka fè patwon an sispann li l.
  • ​Pa depase yon paj.
  • ​Kite yon pous espas toupatou sou paj la epi kite liy vid ant chak seksyon pou fè tèks la pi fasil pou li. Itilize yon gwosè lèt omwen 10-pwen.
  • ​Mete aksan sou kapasite ak talan ki koresponn ak pozisyon an.

​Anba a se yon egzanp rezime:

Image
A sample resume

Yon echantiyon rezime

Was this article helpful?
0
0