Konsyantizasyon Dijital pou Nouvo Moun Ozetazini

Updated: 12/3/2025
Teknoloji dijital chanje lavi toupatou nan mond lan. Li pral afekte lavi ou Ozetazini tou, menm si ou pa abitye ak òdinatè ak entènèt. Aprann kèk konpetans dijital debaz epi, mete w okouran de risk ak opòtinite dijital yo ap ede ou jwenn aksè ak enfòmasyon epi sèvis yo san danje. Aprann plis anba a.
Image
Digital Awareness

Teknologi Dijital Toupatou

Ozetazini, yo itilize teknoloji dijital pou yon pakèt aktivite. Li ka ede w jwenn epi aplike pou yon travay, peye bòdwo epi jere kont labank ou, swiv devwa ak evènman nan lekòl pitit ou a, epi jwenn aksè a enfòmasyon ak sèvis lekòl la bay, epi jwenn aksè a enfòmasyon ak sèvis gouvènman an oswa lòt ajans yo bay. Gen kèk Ameriken ki itilize teknoloji dijital tou pou fè makèt, rete an sante, aprann nouvo bagay, ak amizman. Tout aktivite sa yo ka fèt sou entènèt avèk yon òdinatè, yon telefòn, oswa yon tablèt.

Image
Digital Awareness
Image
Digital Awareness

VI PRIVE

Nan yon sans, entènèt la tankou yon plas piblik oswa yon mache. Si ou ale la, moun ka wè ou epi gade sa w ap fè. Sa ka pa yon move bagay; nan mache a, si w ap chèche sandal, yon vandè ka remake epi ofri w yon bon pè ak yon rabè. Moun, oswa konpayi, sou entènèt la ka fè yon bagay ki sanble; yo ka kolekte enfòmasyon sou aktivite ou sou entènèt epi vann enfòmasyon sa a bay moun kap fè piblisite ak lòt konpayi ki vle vann ou yon bagay. Yo ap ofri nouvo fonksyonalite sou aparèy dijital ki pèmèt itilizatè yo gen plis kontwòl sou vi prive yo sou entènèt.

 

SEKIRITE

Teknoloji dijital ofri anpil konvenyans ak aksè san parèy a enfòmasyon enpòtan. Sepandan, li prezante tou nouvo risk sekirite ke ou pral vle konprann pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou ak vi prive ou.
Ou ka bloke anpil telefòn oswa lòt aparèy mobil avèk yon kòd sekirite oswa anprent dwèt ou. Lè w bloke aparèy ou an, sa anpeche etranje jwenn aksè a enfòmasyon ki estoke sou aparèy la tankou foto, kontni imèl oswa mesaj, ak enfòmasyon sou kont ou.
Kont sou entènèt yo toujou mande non itilizatè (souvan adrès imel) ak modpas ki ofri plis sekirite. Sa ede anpeche pirat (vòlè sou entènèt) jwenn aksè nan kont ou yo ak enfòmasyon ou yo. Ekspè sekirite entènèt konseye piblik la pou yo pa pataje modpas yo ak moun yo pa konnen oswa yo pa fè konfyans. Yo rekòmande tou pou ou pa itilize menm modpas la pou chak kont. Ekspè yo tou sijere pou ou evite pataje telefòn ou ak etranje oswa moun ou pa konnen epi ou pa fè konfyans.
Pafwa, ou ka vle itilize yon òdinatè piblik oswa pataje. Pa egzanp, anpil bibliyotèk Ozetazini bay òdinatè ak aksè entènèt gratis pou piblik la. Sepandan, si w itilize yon òdinatè piblik, asire w ou konprann kijan pou w fèmen sesyon w lan byen pou okenn enfòmasyon pèsonèl ou pa estoke sou òdinatè a. Anjeneral, gen enstriksyon yo bay oswa yon bibliyotekè ka ede w.

TIMOUN AK ENTÈNÈT LA

Entènèt la ofri tout kalite opòtinite edikasyonèl ak sosyal pou timoun yo. Y ap bezwen aprann kijan pou yo itilize teknoloji dijital pou yo avanse lekòl epi reyisi nan lavi. Timoun yo bezwen aprann tou kijan pou yo gen bon jijman lè y ap pataje foto oswa enfòmasyon sou tèt yo, kijan pou yo byen itilize tan yo sou entènèt la, epi kijan pou yo pwoteje vi prive ak enfòmasyon yo. Anpil aparèy dijital ak kèk plan Wi-Fi gen paramèt kontwòl paran ke paran yo ta dwe konprann epi itilize pou kontwole aktivite pitit yo sou entènèt.

Image
Digital Awareness

PRI TELEFÒN AK DONE

Telefòn mobil yo fè li pratikman fasil pou rete an kontak ak zanmi ak fanmi menm lè yo lwen. Ozetazini, moun achte plan telefòn ki ofri pakè apèl, tèks ak done pou yon frè mansyèl fiks. Pri plan sa yo varye selon konbyen telefòn ou bezwen, kantite tan ak kijan ou pral itilize yo. Gen kèk aktivite, tankou voye imèl, ki itilize yon ti kras done, men gen lòt aktivite tankou gade videyo, koute mizik oswa voye foto ki ka itilize anpil done sa ki ka ogmante depans telefòn. Si ou gen plizyè itilizatè telefòn ak òdinatè lakay ou, W  ap gen pou kontwole itilizasyon done nan kay la ak anpil atansyon epi planifye bidjè a an konsekans. Ou ka deside tou pou achte done san limit oswa yon koneksyon Wi-Fi.

Was this article helpful?
46
0