Adaptasyon Kiltirèl

Updated: 12/9/2025
Ajisteman kiltirèl se yon pwosesis ki fèt pandan yon bon ti bout tan. Pwosesis la diferan pou chak moun, men gen kèk etap nan pwosesis la pifò moun pase ladan yo pandan y ap adapte yo ak yon nouvo kilti.
Image
Cultural Adjustment

Adaptasyon Kiltirèl

Lè ou deplase vini Ozetazuni, ou ka santi w eksite ak enkyè an menm tan. Pandan w ap adapte w ak nouvo lavi w Ozetazuni, ou pral pase nan diferan faz ajisteman.

Gen kat faz nan ajisteman kiltirèl. Dire ak entansite chak faz la diferan. Ou ka viv menm faz la plizyè fwa oswa sote yon faz nèt.

  • Faz lindemyèl la: Ou santi w eksite ak kontan pou nouvo lavi w Ozetazuni.
  • Faz chòk kiltirèl la: Ou santi w enkyè ak konfonn pandan w ap eseye adapte w ak yon kominote ki nouvo ak diferan.
  • Faz ajisteman an: Ou santi w pi estab nan nouvo kominote w la. Ou santi w alèz ak aktivite w ap fè chak jou.
  • Faz metriz la: Ou santi w pi alèz ak nouvo lavi ou ak kilti a. Ou ka toujou gen kèk moman ki difisil, men ou santi w fè pati kominote a.

 

Image
Cultural Adjustment

Pandan w ap adapte w ak nouvo lavi w Ozetazuni, sèvi ak konsèy sa yo pou ede w jere estrès ak chòk kiltirèl.

  • Aprann anglè pou ede w jwenn yon travay, rankontre nouvo moun, ak fè zanmi.
  • Jwenn relasyon ak lòt moun lèw patisipe nan evènman kominotè, jwe espò, oswa fè volontè.
  • Pratike epi pataje tradisyon kiltirèl ou yo. Pa egzanp, kwit manje ki soti nan kilti ou, pratike kwayans relijye ou, oswa jwe mizik.
  • Rekònèt dinamik fanmi an ka chanje. Pa egzanp, timoun yo ka ajiste pi vit. Pran pasyans epi kominike ouvètman ak onètman ak manm fanmi ou yo.
  • Aprann kèk nòm sosyal Ameriken. Pa egzanp, èske ou te konnen ke pifò Ameriken kwè ke fè kontak vizyèl pandan yon entèvyou travay montre respè?
  • Rete toleran epi respekte lòt moun. Ozetazuni, gen diferan ras, kwayans relijye, ak kilti. Li enpòtan pou respekte lòt moun, menm si yo diferan de ou.

Li enpòtan pou sonje ajisteman kiltirèl se yon pwosesis. Li pral pran tan pou w adapte w ak lavi nan nouvo kominote ou a.

 

Image
Self sufficiency and self advocacy
Image
Cultural Adjustment
Was this article helpful?
116
-1