Gid Ou Pou Kolèj Ak Inivèsite Ozetazini

Updated: 12/19/2025
Ozetazini, anpil moun chwazi kontinye etid yo apre yo fin lekòl segondè. Souvan yo rele sa "ale nan kolèj" oswa "ale nan inivèsite." Lekòl sa yo ba w chans pou aprann nouvo konpetans, prepare w pou yon karyè spesifik, oswa etidye yon pwogram ou pasyone pou li.
Image
A female student wearing a hijab sits among other adult learners in a classroom.

Pou anpil moun k ap ajiste ak lavi Ozetazini, kontinye edikasyon w apre lekòl segondè ka yon gwo pa pou w gen yon bèl avni. Men sistèm lekòl Ozetazini ka parèt nouvo pou ou epi difisil pou konprann.

Gid sa a fèt pou ede w konprann diferan  opsyon edikasyon pou w ka fè pwochen pa ou nan tout komfyans a.

Aprann Aprè Lekòl Segondè

Ozetazini, anpil moun chwazi kontinye etid yo aprè yo fin lekòl segondè, souvan yo rele sa "ale nan kolèj" oswa "ale nan inivèsite." Lekòl sa yo ba w chans pou aprann nouvo konpetans, prepare w pou yon karyè spesifik, oswa etidye yon pwogram ou pasyone pou li.

Tèm jeneral pou tout edikasyon ki fèt apre lekòl segondè se "edikasyon siperyè." Gid sa a ap ede w konprann diferan chimen ou ka pran.

Jwenn Lekòl Ki Bon pou Ou

Gen de kalite lekòl prensipal ki aksepte elèv apre lekòl segondè, epi yo chak gen yon objektif diferan. 

Kolèj kominotè souvan se yon bon kote pou kòmanse epi pri a pa twò chè. Lekòl lokal sa yo ofri pwogram de zan kote kòm etidyan ou ka jwenn yon diplòm asosye. Anpil elèv ale nan yon kolèj kominotè pandan premye de zan yo epi aprè sa yo transfere nan yon inivèsite katran pou konplete yon lisans. Chimen sa a ka diminye pri total edikasyon w anpil. Kolèj kominotè genyen tou pwogram ki konsantre sou karyè ki bay fòmasyon pou travay spesifik. 

Kolèj ak Inivèsite Kat lane ofri diplòm lisans, ki anjeneral pran kat lane pou konplete. Inivèsite pi gwo epi yo ofri diplòm avanse tou, tankou metriz oswa doktora, pou etidyan ki deja fin fè yon lisans. Lekòl sa yo souvan gen yon vi sou kanpis  la ki aktif avèk lojman pou elèv, klèb, ak anpil  lòt aktivite. 

Kijan pou Aplike

Pwosesis pou aplike nan yon lekòl, yo souvan rele l "admisyon," diferan pou chak enstitisyon. Li enpòtan pou vizite sit entènèt nenpòt kolèj ou enterese ladan l lan pou wè egzijans spesifik li yo. 

Pifò aplikasyon ap mande: 

  • Yon fòm aplikasyon ak enfòmasyon pèsonèl ou ak istwa edikasyon w. 
  • Dosye lekòl ofisyèl ou (transkripsyon) nan lekòl segondè. 
  • Yon redaksyon pèsonèl, ki se opòtinite w pou pataje istwa w ak objektif ou yo. 
  • Lèt rekòmandasyon nan men pwofesè oswa moun ki gide w, ki konnen w byen. 

Èd disponib. Konseye lekòl ak moun nan kominote a ki ka gide w ka ba w sipò ki enpòtan pandan pwosesis aplikasyon an.

Peye pou Edikasyon Ou: Sa Ou Bezwen Konnen

Menm si lekòl inivèsite Ozetazini ka koute chè, sa pa dwe anpeche w. Gen èd finansye ki disponib pou ede etidyan peye pou lekòl yo. Menm si èd sa a ka limite, gen anpil opsyon ki egziste pou ede w. 

Èd sa a vini nan de fòm prensipal: 

  • Bous ak sibvansyon: Sa se lajan pou edikasyon w men ou pa bezwen remèt lajan sa. Anpil òganizasyon ak inivèsite ofri bous espesyalman pou nouvo imigran, refijye, oswa moun ki gen azil. Gen kèk lekòl ki gen bous espesyal pou etidyan deplase ki ka kouvri tout frè lekòl la epi menm ede ak depans pou viv. Li enpòtan pou fè rechèch epi aplike bonè. 
  • Prè: Sa se lajan ou prete epi ou dwe remèt li ti kras pa ti kras ak yon frè anplis (enterè). 

Chak inivèsite gen yon biwo èd finansye ak pwofesyonèl ki la pou ede etidyan jwenn finansman. Refijye ak moun ki gen azil ka kalifye tou pou èd federal spesifik atravè the Office of Refugee Resettlement (ORR)

Was this article helpful?
0
0