Anplwa pou Fanm
Benefis nan Travay
Ozetazini, fanm yo reprezante mwatye nan fòs travay, yo fè menm travay ak gason nan tout nivo, epi souvan yo sipèvize travayè gason yo. Jwenn epi kenbe yon travay gen anpil benefis pou ou menm ak pou fanmi w.
Sipòte kay la – Lè tou de, mari ak madanm ap travay, revni kay la ogmante, sa rann li pi fasil pou peye depans tankou bòdwo mansyèl ak lwaye, epi manje ak rad. Yon doub revni pèmèt ou ekonomize lajan epi ogmante sekirite finansyè fanmi w tou.
Resevwa benefis ki baze sou travay – Gen travay ki gen ladan kèk benefis tankou asirans sante kote anplwayè a ofri plan asirans pou anplwaye a epi souvan li peye yon pati nan pri mansyèl la. Asirans lan pran rès kob la nan chèk salè travayè a. Pifò Ameriken konte sou pwogram asirans sante nan travay yo paske pri swen sante a wo epi asirans sante ede diminye depans sa yo. Resevwa asirans sante nan travay ou se yon benefis enpòtan.
Amelyore anglè w– Travay deyò lakay ou ap pèmèt ou pratike epi amelyore anglè w pandan w ap kominike avèk kòlèg travay ak kliyan nan yon anviwònman pwofesyonèl. Aprann anglè ap pèmèt ou patisipe nan kominote w la epi ogmante kapasite w pou jere zafè w kit se nan makèt, nan klinik doktè , oswa nan bank.
Kominike avèk lòt moun – Yon espas travay ba w opòtinite pou kominike avèk yon gwoup moun diferan epi aprann sou kilti ak valè amerikèn yo, sa ki pral pèmèt ou pi byen adapte w ak nouvo anviwònman w lan.
Akizisyon konpetans pwofesyonèl – Premye travay ou ap ba w konpetans ak konesans pwofesyonèl ki pral prepare w pou pwochen travay ou a. Plis konpetans ou genyen, se plis chans ou genyen pou resevwa yon pwomosyon oswa pou jwenn yon travay ki pi byen peye.
Itilize transpò piblik oubyen aprann kondui – Pou ale retou nan travay, ou ka bezwen itilize transpò piblik oswa aprann kondui. Aprann kijan pou itilize transpò piblik oubyen kijan pou w kondui ap kontribye anpil nan endepandans ak otosifizans ou, ede w familyarize w ak katye w la ak vil ou a, epi ba w yon sans apatenans nan nouvo kay ou a.
Manman k ap travay ak manman selibatè
Anpil fanm ki leve timoun piti souvan twouve li difisil pou jere demand travay ak lakay, sitou si yo se manman selibatè. Sepandan, gen solisyon pou ede manman ki travay deyò lakay yo.
Yon solisyon se mete timoun yo nan gadri. Sèvis gadri yo pa gratis. Early Head Start se yon pwogram gouvènman federal la finanse ki sèvi timoun ki gen ti mwayen depi nan nesans rive nan laj 3 zan. Yon lòt pwogram, Head Start, sèvi fanmi ki gen timoun ki gen laj 3 a 4 lane. Enskri timoun piti nan youn nan pwogram sa yo ap pèmèt yon manman selibatè, oubyen toulede paran yo, travay deyò lakay yo.
Yon lòt solisyon se itilize zanmi, vwazen, oubyen manm fanmi tankou granparan kòm moun k ap pran swen timoun pou ede paran k ap travay yo. Pou koup yo, yon twazyèm solisyon se pou youn nan paran yo jwenn yon travay a tan pasyèl nan aswè ak wikenn, sa ki ta pèmèt yon paran pran swen timoun yo pandan lòt paran an ap travay.
Chanjman Dinamik Fanmi an
Ameriken yo bay endepans gason ak fanm anpil valè. Nan anpil fanmi, ni mari a ni madanm nan travay, epi nan kèk fanmi, madanm nan touche plis pase mari a. Nan lòt fanmi, madanm nan ka jwenn yon travay epi mari a pa jwenn. Nan ka sa a, y ap atann pou mari a pran swen timoun yo lè yo sot lekòl.
Nan sitiyasyon sa yo, gen kèk gason ki ka santi yo pèdi wòl chèf yo nan fanmi an. Gen kèk fanm ki ka santi yo strese ak nouvo responsablite kòm moun prensipal k ap rantre lajan. Montre sipò youn pou lòt, ansanm ak kominikasyon ouvè ak onèt, ka ogmante konpreyansyon epi diminye strès ant mari ak madanm.