Ijyèn nan Etazini
Pratike bòn ijyèn Ozetazini gen ladan l kenbe ijyèn pèsonèl, kenbe kay ou pwòp, epi respekte espas piblik yo, tankou katye yo ak lye travay yo.
Ijyèn Pèsonèl
Ijyèn pèsonèl se pratik pou kenbe swen endividyèl pou kò a ak rad. Ozetazini, sa vle di pran douch oswa beny regilyèman, mete dezodoran chak jou, lave ak penyen cheve, epi lave rad souvan. Pratike bon ijyèn pèsonèl ankouraje bon sante, anpeche pwopagasyon maladi, epi li ka enfliyanse relasyon ak lòt moun. Ijyèn pèsonèl enpòtan tou pou jwenn ak kenbe yon travay.
KENBE KAY OU PWÒP
Tout nouvo imigran—granmoun oubyen jèn, gason oubyen fi—dwe kontribye pou kenbe kay yo pwòp epi an sekirite. Pwopriyetè yo atann pou kay la rete pwop kòm yon pati nan nenpòt kontra lokasyon, epi si ou pa respekte kèk estanda netwayaj, sa ka lakòz yo mete w deyò nan kay la. Ou ka kenbe kay ou an bon kondisyon lè w etabli woutin netwayaj regilye, tankou bon jan depo ak retire fatra. Nan kèk kote, resiklaj se yon pati obligatwa nan retire fatra. Separe bagay ki ka itilize ankò tankou papye, plastik, ak materyèl metal ak lòt fatra ou yo epi jete yo nan bwat resiklaj espesyal.
Lè w gen yon kay pwòp, ou ka anpeche ensèk nuizib antre ladan l tou. Lè w ap itilize pwodui kay pou netwaye kay ou, li enpòtan pou w sere epi jete pwodui netwayaj yo yon fason ki an sekirite. Timoun yo pa ta dwe gen aksè ak pwodui netwayaj yo paske move ekspozisyon ka lakòz gwo domaj. Kèk nan pwodui ak zouti netwayaj yo ka parèt nouvo pou ou.
Respekte Plas Piblik yo
Anplis kenbe ijyèn pèsonèl ak kenbe kay ou pwòp, respekte espas piblik yo se yon pati enpòtan nan kilti Etazini. Espas piblik yo gen ladan yo magazen, lekòl, katye, biwo piblik, lye travay, sant lesiv, pak ak transpò piblik. Gen nòm, règ, e nan kèk ka, lwa sou fason moun itilize epi konpòte yo nan espas sa yo. Pa egzanp, ou dwe jete fatra byen nan bwat fatra yo. Nan kèk ka, jete fatra nan lari ilegal, moun ki vyole lalwa yo ap oblije peye amann. Krache an piblik pa bon, e li pa janm akseptab pou pipi an piblik.
Pratik Ijyèn Ozetazini
- Mete rad pwòp.
- twaye epi koupe zong ou regilyèman.
- twaye epi koupe zong ou regilyèman.
- Swen bab figi ou regilyèman.
- Mete dezodoran chak jou.
- Douch oswa benyen ak savon regilyèman.
- Lave epi penyen cheve w regilyèman.
- Lave men w lè yo sal, apre w fin itilize twalèt la, epi anvan ak apre w fin manje.
- Kouvri bouch ou lè w ap touse pou anpeche mikwòb yo gaye.
- Lè nen w ap koule, sèvi ak yon mouchwa, pa sèvi ak men w oswa manch chemiz ou.
- Pa krache an piblik.
- Pa pipi an piblik.
- Swiv règ kòd abiman nan travay.
Kenbe Kay ou Pwòp
- Kouvri epi mete manje ki ka gate fasil nan frijidè. Kite manje deyò san kouvri ka atire ensèk ak sourit.
- Mete tout fatra nan yon bwat fatra, kouvri ak yon sache plastik. Sak fatra plen yo ta dwe mete nan bwat fatra oswa ben pou fatra ki fèt pou sa.
- Materyèl resikle yo ta dwe rense epi mete nan bwat ki fèt pou sa.
- Pa mete po ze, zo, oswa kale fwi oswa legim nan drenaj lavabo a.
- Pa mete objè, tankou cheve, nan lavabo twalèt la, drenaj beny lan, oswa twalèt yo.
- sèlman papye twalèt ki ta dwe jete nan twalèt la.
- Lè w ap pran yon douch, kenbe dlo nan douch la oswa nan beny lan lè w fèmen pòt douch la nèt oswa mete anba rido douch la andedan beny lan. Sèvi ak tapi beny tou sou planche a deyò beny lan oswa douch la. Ti dlo ka domaje planche yo.
- Netwaye chak chanm nan kay ou regilyèman: retire pousyè sou mèb yo, lave fenèt yo, siye kontwa yo ak lòt sifas yo ak yon dezenfektan netwayaj ki apwopriye, bale, pase aspiratè, epi pase mop sou planche yo, jan sa apwopriye.
- Lave dra, tèt zòrye, lòt twal kabann, ak sèvyèt regilyèman.
Lesiv
Rad pwòp enpòtan pou kenbe ijyèn pèsonèl. Anpil bilding apatman oswa konplèks lojman bay chanm lesiv pataje pou rezidan yo. Gen biznis tou, yo rele lesiv, ke ou ka itilize pou lave rad ou si kote w ap viv la pa gen enstalasyon machin pou lave. Chanm lesiv ak sant lesiv yo gen machin a lave ak seche ou dwe peye pou itilize yo, swa ak pyès monnen oswa yon kat ki gen lajan chaje sou li. W ap bezwen pote pwòp savon lesiv pa w, ou ka achte nan makèt yo. Sèvi ak chanm lesiv oubyen sant lesiv se yon fason pratik pou kenbe rad ou pwòp, men ou pral bezwen aprann kijan pou itilize machin yo byen epi mete depans lesiv nan bidjè mansyèl ou.