Travay Ozetazini
Jwenn yon travay
Tout granmoun, gason ak fi, ki gen laj ant 18 ak 64 ane epi ki kapab travay, ta dwe pran jwenn yon travay tankou yon priyorite. Asistans gouvènman an pap la pou toutan, kidonk li enpòtan pou w jwenn yon travay pi vit ke posib lè ou rive Ozetazini.
Gouvènman an pa garanti travay. Li ka pran plizyè semèn oswa mwa pou jwenn yon travay epi ou ka gen plizyè entèvyou.
Ou ta dwe kolabore ak moun kap edew jwenn travay la pou aprann kesyon entèvyou yo. Ou ta dwe aksepte premye travay yo ofri w la, menm si li pa peye anpil oswa li pa nan domèn ou, pou w ka konstwi yon istwa travay epi kòmanse sipòte fanmi ou. Siw pa pran travay yo ofriw yo, ou ka pèdi asistans gouvènman an. Souvan gen anpil moun k ap aplike pou menm travay la, kidonk li enpòtan pou ou pare pou aksepte yon travay nivo debaz nan yon nouvo domèn. Pou konstwi yon bon istwa travay, ou ta dwe rete nan travay la pou omwen sis mwa.
Kilti Travay Ozetazini
Kilti Travay Ozetazini
Kilti Travay Ozetazini
Ozetazini rekonèt kòm yon peyi ki gen anpil opòtinite pou moun ki travay di. Pou jwenn yon travay miyò ak ki peye plis, W ap bezwen pale, li, ak ekri anglè, epi ou ka bezwen aprann nouvo konpetans. Si ou te travay nan yon pwofesyon espesifik nan peyi ou, ou ka bezwen swiv klas epi jwenn yon sètifikasyon anvan ou kapab travay nan domèn sa a Ozetazini.
Gason ak fanm tou de travay Ozetazini. Fanm reprezante mwatye nan fòs travay la, yo fè menm travay ak gason nan tout nivo, epi souvan sipèvize travayè gason.
Ozetazini, timoun ki anviwon 14 an oswa plis ka travay nan travay patan, men yo ka limite nan kantite èdtan yo ka travay ak kalite travay yo ka fè. Anpil jèn Ozetazini travay patan apre lekòl, nan fen semèn, ak pandan vakans. Ozetazini gen lwa ki pwoteje jèn travayè yo.
Dwa ak Responsablite nan Travay
Ozetazini, anplwaye yo gen dwa ak responsablite nan travay. Ou gen dwa pou ou touche pou travay ou, epi lwa travay pwoteje travayè yo kont kondisyon travay ki danjere.
Yon patwon pa dwe fè diskriminasyon kont ou oswa refize ba ou yon travay oswa yon pwomosyon akoz laj ou, andikap ou, eta sivil ou, orijin etnik oswa nasyonal, ras, relijyon, oswa sèks ou. Sepandan, kèk travay, espesyalman nan gouvènman an, sèlman ouvè pou sitwayen Ameriken.
Travayè yo gen dwa travay nan yon anviwònman ki lib tou de diskriminasyon ak asèlman, tankou:
- Asèlman seksyèl (konpòtman seksyèl endezire ki fè yon moun santi l pa alèz oswa an danje)
- Asèlman rasyal oswa relijye
- Entimidasyon oswa mechanste
- La perèz pou pote plent pwoblèm oswa pou defann dwa ou
Kòm yon travayè ki touche salè Ozetazini, se responsablite ou pou peye taks sou revni chak ane pou ede sipòte pwogram ki bay sèvis pou tout moun k ap viv Ozetazini (pa egzanp, edikasyon, SNAP, Medicaid, ak wout piblik). Se responsablite ou pou peye taks gouvènman Federal ak Leta kote ou rete a. Ou ka jwenn òganizasyon lokal ki pa gen pwofi ki sètifye pa Sèvis revni entènal la ki bay sèvis volontye pou asiste biro tax, ki ka ede w ranpli taks ou chak ane.
Kesyon Yo poze anpil
Òganizasyon yo ka ede bay sèvis travay kote ou rete a, men ou menm ou pral gen yon wòl santral nan jwenn ak kenbe yon travay.
Ki jan de travay m ap genyen?
Premye travay ou a ka p ap nan menm pwofesyon oswa domèn ak travay ou te genyen nan peyi ou. Li ka yon travay nivo debaz, ki pa pwofesyonèl, epi li ka menm tanporè oswa patan. Paske pri lavi Ozetazini wo, li komen, epi souvan nesesè, pou gason ak fanm tou de travay deyò kay la.
Transpò piblik disponib nan pifò vil Ozetazini. Ou ka konte sou transpò piblik pou rive nan premye travay ou.